Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Soon after, he traveled through towns and villages, preaching and announcing the good news of our Father's kingdom. The twelve were with him, Yon ti tan apre, Li te kòmanse ale de yon vil ak yon bouk a lòt, poupwoklame e preche wayòm syèl la. Douz yo te avèk Li.
2 and some women healed of evil spirits and illnesses: Mary, called Magdalene, from whom seven demons had left, Anplis te gen avèk yo kèk fanm ki te geri de move lespri yo ak maladi yo. Te gen Marie, ke yo te rele Magdala a, sou kilès sèt dyab yo te sòti a,
3 and Joanna, wife of Chuza, manager for Herod, and Susanna, and many others, who supported them from their own resources. avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.
4 As a large crowd gathered, with people from every town coming to him, he spoke in a parable: Lè yon gran foul t ap rasanble, e sila yo ki sòti nan plizyè vil t ap vwayaje rive kote Li, Li te pale nan yon parabòl:
5 "A sower went out to sow. As he sowed, some seed fell on the path, got trampled, and birds of the sky ate it. “Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo.
6 Other seed fell on rock; sprouting, it withered from lack of moisture. Lòt semans te tonbe nan tè plen wòch, e pandan yo t ap grandi, yo te fennen akoz ke li pa t gen dlo.
7 Some fell among the thorns, and the thorns grew up with it and choked it. Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo.
8 Other seed fell on good soil, grew, and yielded a hundredfold." Saying this, he called out, "Whoever has ears to hear, let him hear." Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.” Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
9 His disciples asked him what this parable meant. Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.
10 He said, "You've been given to know the secrets of our Father's kingdom; the rest get parables, so that 'seeing they may not see, and hearing they may not understand.'" Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.
11 "Now the parable is this: The seed is the word of our Father. “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.
12 Those along the path are the ones who hear; then the devil comes and takes the word from their hearts, so they won't believe and be saved. “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
13 Those on the rock hear the word and receive it with joy, but have no root; they believe for a while, then fall away in time of testing. “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
14 What fell among thorns: these are those who hear, but as they go, life's worries, wealth, and pleasures choke them, and their fruit never matures. “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
15 But the one in good soil: these hear the word with an honest, good heart, hold it firmly, and bear fruit through perseverance." “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
16 "No one lights a lamp, covers it with a jar, or puts it under a bed; instead, he sets it on a stand, so those entering can see the light. “Alò, pèsonn, lè l fin limen yon lanp pa kouvri li avèk yon veso, ni mete l anba yon kabann; men li mete li sou yon chandelye, pou sila yo ki antre kapab wè limyè a.
17 For nothing is hidden that won't be revealed, nothing secret that won't be known and brought to light. Paske pa gen anyen kache ki p ap vin parèt, ni anyen an sekrè ki p ap revele pou vin nan limyè.
18 So watch how you listen, for whoever has, more will be given to him; whoever has not, even what he thinks he has will be taken away." “Pou sa, okipe nou de jan nou tande. Paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”
19 His mother and brothers came to him but couldn't reach him because of the crowd. Manman Li avèk frè L yo te vin kote L, e yo pa t kapab rive kote L akoz foul la.
20 And he was told, "Your mother and your brothers are standing outside, wanting to see you." Konsa moun yo te bay Li rapò a: “Manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a e vle wè Ou.”
21 But he answered them, "My mother and my brothers are those who hear the word of our Father and do it." Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.”
22 One day he and his disciples got into a boat. He said to them, "Let us cross over to the other side of the lake." So they set out. Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.
23 As they sailed, he fell asleep. A windstorm swept down on the lake; the boat filled with water, and they were endangered. Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
24 They woke him, saying, "Master, Master, we're dying!" He got up, rebuked the wind and the raging water; they stopped, and it grew calm. Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!” Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
25 He asked them, "Where is your faith?" Afraid and amazed, they said to each other, "Who then is this? He commands even the winds and water, and they obey him." Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?” Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
26 Then they sailed to the region of the Gerasenes, which is opposite Galilee. Yo te kouri a vwal jouk lè yo rive nan peyi a Jerazenyen yo ki anfas Galilée.
27 As Jesus stepped onto land, a demon-possessed man from the city met him. For a long time he'd worn no clothes and stayed not in a house but among the tombs. Lè Li te desann atè, Li te rankontre pa yon sèten mesye nan vil la, ki te domine pa dyab. Li pa t konn mete rad depi lontan, e li pa t viv nan kay, men nan tonbo.
28 Seeing Jesus, he cried out, fell before him, and said loudly, "What do you want with me, Jesus, Son of the Most High God? I beg you, don't torment me!" Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: “Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”
29 Jesus had ordered the unclean spirit out of the man, for it had often seized him; though guarded and bound with chains and shackles, he would break them and be driven by the demon into the wilderness. Paske Li te kòmande lespri enpi a pou sòti nan mesye a. Paske li te konn sezi li anpil fwa; e li te mare avèk chenn avèk fè nan pye li, e Li te kenbe anba gad. Li te konn pete tout kontrent sa yo pou dyab yo ta pouse l nan dezè a.
30 Jesus asked him, "What is your name?" He said, "Legion," for many demons had entered him. Jésus te mande li: “Kòman yo rele ou?” E li te di: “Lejyon”, paske anpil dyab te gen tan antre nan li.
31 And they begged him not to command them to depart into the abyss. Yo t ap sipliye L pou pa voye yo nan abim nan.
32 A large herd of pigs was feeding on the hillside there. The demons begged him to let them enter the pigs, and he allowed it. Alò te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan, e dyab yo te sipliye Li pou kite yo antre nan kochon yo. Konsa, Li te bay yo pèmisyon.
33 So the demons left the man and entered the pigs; the herd rushed down the cliff into the lake and drowned. Dyab yo te sòti nan mesye a, e te antre nan kochon yo, bann nan te kouri desann pant falèz la, tonbe nan lak la, e te mouri nan dlo a.
34 Herdsmen saw it, fled, and reported it in the city and in the countryside. Lè gadyen kochon yo te wè sa ki rive a, yo te kouri ale bay rapò a nan vil la avèk tout landwa andeyò yo.
35 The crowd came out to see what had happened. Reaching Jesus, they found the man freed of demons sitting at Jesus' feet, dressed and clear-minded—and fear seized them. Pèp la te sòti vin wè sa ki te rive a, e yo te vin kote Jésus. Yo te twouve nonm ki te konn gen dyab la. Li te chita nan pye Jésus, byen abiye, e nan bon tèt li. Yo te vin pè.
36 And those who had seen it told them how the demon-possessed man had been healed. Sila yo ki te wè sa, te eksplike yo kijan nonm nan ki te posede pa dyab yo, te vin geri.
37 All the people of the Gerasene region asked him to leave them, because great fear gripped them. So he boarded the boat and went back. Tout pèp Jerazenyen yo an ak landwa andeyò yo te mande pou L ta kite yo paske yo te ranpli avèk yon gwo perèz. Li te antre nan kannòt la, e te pati.
38 The man the demons had left begged to go with him, but Jesus sent him away, saying, Men mesye a ke dyab yo te kite a te sipliye L pou L ta kapab ale avèk li, men Li te voye li ale e te di:
39 "Return home; tell how much our Father has done for you." He went, proclaiming throughout the whole city how much Jesus had done for him. “Retounen lakay ou pou eksplike yo ki gwo bagay ke Bondye te fè pou ou.” Donk li te ale, e te pwoklame toupatou nan tout vil la ki gwo bagay Bondye te fè pou li.
40 Now when Jesus returned, the crowd welcomed him, for they were all waiting for him. Lè Jésus te retounen, foul la te resevwa L byen, paske yo tout t ap tann Li.
41 A man named Jairus, a synagogue leader, came and fell at Jesus' feet, begging him to come to his house, Konsa, te vini yon nonm ki te rele Jaïrus ki te yon ofisye sinagòg la. Li te tonbe nan pye a Jésus e te kòmanse sipliye Li pou te vini lakay li;
42 for he had an only daughter, about twelve years old, dying. As Jesus went, crowds pressed around him. paske li te gen yon sèl fi, anviwon laj a douz lane, e li te mouri. Men pandan Li t ap ale, foul la t ap peze Li.
43 A woman had bled for twelve years; she had spent her whole livelihood on doctors, but none could heal her. Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun,
44 Coming up behind him, she touched the tassel of his cloak, and her bleeding stopped instantly. te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.
45 Jesus said, "Who touched me?" When all denied it, Peter said, "Master, the crowds crowd and press against you." Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?” E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: “Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”
46 But Jesus said, "Someone touched me, for I felt that power had gone out from me." Men Jésus te di: “Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lèpouvwa a te kite M nan.”
47 Seeing she couldn't stay hidden, the woman came trembling, fell before him, and declared in front of everyone why she'd touched him and how she was instantly healed. Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.
48 And he said to her, "Daughter, your faith has healed you; go in peace." Jésus te di li: “Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; ale anpè.”
49 While he was still speaking, someone from the synagogue leader's house said, "Your daughter has died; don't bother the Teacher anymore." Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakayofisye sinagòg la, e te di: “Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò.”
50 But Jesus heard and answered him, "Don't be afraid; just believe, and she'll be saved." Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”
51 Arriving at the house, he let no one enter with him except Peter, John, James, and the child's father and mother. Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.
52 All were weeping and mourning her, but he said, "Don't weep, for she's not dead, only asleep." Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”
53 And they laughed at him, knowing that she was dead. Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.
54 But he took her by the hand and called out, "Child, get up." Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: “Pitit, leve!”
55 Her spirit returned, and she got up instantly. He told them to give her something to eat. Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman. Li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.
56 Her parents were amazed, but he ordered them to tell no one what had happened. Paran li yo te etone, men Li te enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]