Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus called the twelve together, gave them power and authority over all the demons and to heal diseases. Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi.
2 And he sent them out to proclaim the kingdom of our Father and to heal the sick. Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
3 He said to them, "Take nothing for the road: no staff, bag, bread, or money, and don't take two tunics each. Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman.
4 Whatever house you enter, stay there, and leave from there. Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a.
5 Wherever they won't welcome you, shake the dust off your feet as you leave that town, as a testimony against them." Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”
6 So they set out and went from village to village, proclaiming the good news and healing everywhere. Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.
7 Herod the tetrarch heard all that was happening, and was puzzled, because some said John had been raised from the dead, Alò, Hérode, tetrak la te tande tout sa ki t ap fèt yo. Konsa, li te gravman twouble, paske kèk moun te di ke se te Jean ki te leve soti nan lanmò.
8 others that Elijah had appeared, and still others that one of the prophets of old had risen. Selon kèk lòt Élie ki vin parèt, oswa youn nan ansyen pwofèt yo te leve ankò.
9 Herod said, "I beheaded John—so who is this I hear such things about?" He kept seeking to see him. Hérode te di: “Mwen menm te fè yo koupe tèt a Jean, men kilès nonm sa a ye, ke m tande tout koze sa yo?” Li te kontinye ap eseye pou l ta kab wè L.
10 When the apostles returned, they told Jesus all they had done. He took them and withdrew privately to a town called Bethsaida. Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a. Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.
11 But the crowds found out and followed him. He welcomed them, spoke to them of our Father's kingdom, and healed those who needed it. Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè. Li te kòmanse pale avèk yo sou wayòm syèl la, e te fè gerizon pou sila yo ki te bezwen geri.
12 As the day was ending, the Twelve came and said to him, "Send the crowd away to find lodging and food in the villages and countryside around us—we're in a remote place here." Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”
13 He said, "You give them something to eat." They said, "We have only five loaves and two fish—unless we go and buy food for this whole crowd." Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.”
14 For there were about 5,000 men. He told his disciples, "Seat them in groups of about fifty each." (Paske te gen anviwon senk-mil moun.) Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”
15 They did so, and had everyone sit down. Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.
16 He took the five loaves and two fish, looked up to heaven, blessed and broke them, then kept giving them to the disciples to serve the crowd. Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
17 All ate and were satisfied; the leftover pieces filled twelve baskets. Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.
18 Once, while praying alone with his disciples nearby, Jesus asked them, "Who do the crowds say I am?" Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te toupre. Konsa, Li te poze yon kesyon. Li te mande: “Kilès moun pèp la di ke Mwen ye?”
19 They answered, "John the Baptist. Others say Elijah. Still others, that an ancient prophet has risen." Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”
20 "But who do you say that I am?" he asked. Peter answered, "The Christ of our Father." Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”? Pierre te reponn. Li te di: “Kris la a Bondye a.”
21 Jesus strictly warned them, ordering them to tell no one this, Men Li te avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.
22 saying, "The Son of Man must suffer many things and be rejected by the elders, chief priests, and scribes, and be killed, and on the third day be raised." Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”
23 Then he told them all, "Whoever wants to come after me must deny himself and take up his cross daily and follow me. Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.
24 For whoever intends to save his life will lose it, but whoever loses his life because of me will save it. Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.
25 For what use is it if someone gains the whole world, yet loses or forfeits himself? “Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tou lemonn, e vin pèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?
26 Whoever is ashamed of me and my words, the Son of Man will be ashamed of him when he comes in his own glory and the glory of the Father and the holy angels. “Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.
27 But I tell you truly, some standing here will not taste death before they see the kingdom of our Father." “Men Mwen di nou anverite, gen nan sila yo ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jouk lè ke yo wè wayòm Bondye a.”
28 About eight days after these words, Jesus took Peter, John, and James up a mountain to pray. Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.
29 As he was praying, the appearance of his face changed, and his clothing became dazzling white. Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan.
30 And there were two men talking with him—Moses and Elijah, Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie,
31 who appeared in glory, speaking of his departure, which he was about to fulfill in Jerusalem. ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.
32 Peter and his companions were weighed down with sleep; fully awake, they saw his glory and the two men standing with him. Alò, Pierre avèk lòt parèy li yo te vin lou ak dòmi. Men lè zye pa yo te vin ouvri, yo te wè glwa Li ak de zòm sa yo ki te kanpe avè L.
33 As they were leaving him, Peter said to Jesus, "Master, it's good we're here. Let's make three shelters—one for you, one for Moses, one for Elijah." He didn't know what he was saying. Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.
34 As he spoke, a cloud came and covered them in shadow; entering it, they were afraid. Pandan li t ap di sa, yon nyaj te fòme. Li te pase yon lonbraj sou yo, epi yo te krent lè yo te antre nan lonbraj la.
35 A voice from the cloud said, "This is my Son, my Chosen One—listen to him!" Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”
36 When the voice ended, Jesus was found alone. They stayed silent, telling no one in those days what they had seen. Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.
37 The next day, when they came down from the mountain, a large crowd met him. Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li.
38 A man from the crowd shouted, "Teacher, please look at my son, because he's my only child. Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen.
39 A spirit seizes him, and suddenly he cries out; it convulses him until he foams, scarcely leaving him, battering him. Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale.
40 I begged your disciples to drive it out, but they could not." Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
41 Jesus answered, "Distrustful, twisted generation, how long must I stay with you and endure you? Bring your son here." Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”
42 As the boy was coming, the demon threw him down and convulsed him. But Jesus rebuked the unclean spirit, healed the boy, and returned him to his father. Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.
43 All were astonished at our Father's majesty. While everyone was amazed at everything Jesus did, he said to his disciples, Yo tout te etone akoz grandè Bondye. Men pandan tout t ap admire tout sa ke Li t ap fè, Li te di a disip Li yo:
44 "Store these words in your ears: the Son of Man will soon be delivered into human hands." “Kite pawòl sa yo penetre nan zòrèy nou; paske Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm.”
45 But they didn't understand this word—hidden from them so they couldn't grasp it—and they were afraid to ask him about it. Men yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.
46 Now an argument arose among them as to which of them was the greatest. Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.
47 But Jesus, knowing their hearts' thoughts, took a child and stood him beside himself, Men Jésus, byen okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li.
48 and told them, "Whoever receives this child in my name receives me, and whoever receives me receives the one who sent me. For the least among you all—that one is great." Li te di yo: “Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”
49 John said, "Master, we saw someone driving out demons in your name and tried to stop him, because he doesn't follow with us." Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”
50 "Do not stop him," Jesus said to him, "for whoever is not against you is for you." Men Jésus te di l: “Pa anpeche lipaske sila ki pa kont nou an pou nou.”
51 When the days neared for him to be taken up to heaven, Jesus resolutely set his face to go to Jerusalem. Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem.
52 He sent messengers ahead of him. They went and entered a Samaritan village to prepare for him, Li te voye mesaje yo devan Li. Konsa, yo te ale antre nan yon vil a Samariten yo, pou fè aranjman pou li.
53 but the people there did not welcome him, because he was heading for Jerusalem. Men yo pa t resevwa Li akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.
54 Seeing this, the disciples James and John said, "Lord, do you want us to call down fire from heaven to consume them?" Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”
55 But he turned and rebuked them. Men Li te vire e te reprimande yo: “Nou pa konnen de ki kalite lespri nou ye;
56 And they went on to another village. paske Fis a Lòm nan pa t vini pou detwi lavi moun, men pou sove yo.” Konsa, yo te kontinye pou ale nan yon lòt vil.
57 As they walked the road, someone said to him, "I'll follow you wherever you go." Pandan yo t ap prale akote wout la, yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”
58 Jesus said, "Foxes have dens, birds of the sky have nests, but the Son of Man has nowhere to lay his head." Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”
59 To another he said, "Follow me." He replied, "Lord, first let me go bury my father." Konsa, Li te di a yon lòt: “Swiv Mwen”. Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”
60 But Jesus told him, "Let the dead bury their own dead, but you go proclaim the kingdom of our Father." Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, alepwoklame toupatou wayòm Bondye a.”
61 Another also said, "I'll follow you, Lord, but first let me say goodbye to those at my house." Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”
62 Jesus replied, "No one who puts a hand to the plow and looks back is fit for our Father's kingdom." Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]