Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this, the Lord appointed seventy-two more, sending them ahead of him two by two, into every town and place he himself intended to go. Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.
2 He told them, "The harvest is plentiful, but workers are few. So ask the Father of the harvest to send out workers into his harvest. Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.
3 Go! Look, I am sending you out like lambs among wolves. “Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou.
4 Carry no purse, no bag, no sandals, and greet no one on the road. Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.
5 Whatever house you enter, first say, 'Peace to this house.' “‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’.
6 If a person of peace is there, your peace will rest on them; if not, it will return to you. Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou.
7 Stay in that house, eating and drinking what's offered, for the worker deserves his wage. Don't move from house to house. Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.
8 Whenever you enter a town and they welcome you, eat what is set before you. “Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, manje sa yo mete devan nou.
9 Heal the sick there and tell them, 'The kingdom of our Father has come near to you.' Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.
10 But when you enter a town that doesn't welcome you, go out into its streets and say, “Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di:
11 'Even your town's dust stuck to our feet, we wipe off against you. Yet know this: the kingdom of our Father has come near.' Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”
12 I tell you, it will be more bearable on that day for Sodom than for that town. “Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.
13 "Woe to you, Chorazin! Woe to you, Bethsaida! Had the miracles done among you happened in Tyre and Sidon, they would have repented long ago, sitting in sackcloth and ashes. “Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.
14 But it will be more bearable for Tyre and Sidon at the judgment than for you. “Men li va pi tolerab pou Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.
15 And you, Capernaum, will you be lifted to heaven? You'll be brought down to the grave. “Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.
16 Whoever listens to you listens to me; whoever rejects you rejects me; whoever rejects me rejects the one who sent me." “Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”
17 The seventy-two returned with joy and said, "Lord, even the demons submit to us in your name." Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.
18 He said to them, "I saw Satan fall like lightning from heaven. Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj.
19 Look, I have given you authority to trample on snakes and scorpions, and over all the enemy's power—nothing will harm you. Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
20 But don't rejoice that the spirits submit to you—rejoice that your names are written in heaven." “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”
21 At that moment Jesus rejoiced in the Holy Spirit and said, "Father, Sovereign of heaven and earth, I praise you—you hid these things from the wise and clever, and revealed them to little children. Yes, Father, for this pleased you." Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”
22 "All has been given to me by my Father. No one knows who the Son is but the Father, or who the Father is but the Son—and whoever the Son chooses to reveal him to." Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, e pèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.
23 Then turning to the disciples, he said privately, "Blessed are the eyes that see what you see! Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a.
24 For I tell you, many prophets and kings wanted to see what you see and never saw it, to hear what you hear and never heard it." Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.”
25 A lawyer stood and tested him: "Teacher, what must I do to inherit eternal life?" Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
26 He said to him, "What is written in the Law? How do you read it?" Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”
27 He answered, "Love your Father with all your heart, with all your soul, with all your strength, with all your mind, and your neighbor as yourself." Li te reponn: “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou, e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”
28 He said to him, "You have answered correctly. Do this and you will live." Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”
29 But wanting to justify himself, he asked Jesus, "And who is my neighbor?" Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”
30 Jesus said, "A man went down from Jerusalem to Jericho and fell among robbers, who stripped and beat him, then left him half dead. Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.
31 Now, by chance a priest was going down that road; seeing him, he passed by on the other side. “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.
32 So too a Levite came to the place, saw him, and passed by on the other side. “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.
33 But a Samaritan traveling that road found him, and seeing him, was moved with compassion. “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon.
34 He went to him, bandaged his wounds, poured on oil and wine, put him on his own animal, took him to an inn, and cared for him. Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li.
35 The next day he took out two silver coins, gave them to the innkeeper, and said, 'Take care of him. Whatever more you spend, I will repay when I return.' Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
36 Which of these three do you think became a neighbor to the man who fell among the robbers?" “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”
37 He said, "The one who showed him mercy." Jesus said to him, "Go and do likewise." Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.
38 As they traveled, Jesus entered a village. A woman named Martha welcomed him into her home. Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
39 She had a sister called Mary, who sat at the Lord's feet and listened to his teaching. Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li.
40 But Martha was distracted by all the serving. She came to him and said, "Lord, don't you care that my sister left me to serve alone? Tell her to help me." Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 But the Lord answered her, "Martha, Martha, you are anxious and troubled about many things, Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay,
42 but one thing is needed. Mary has chosen the good share; it won't be taken from her." men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]