Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He was praying in a place; when he finished, one of his disciples said, "Lord, teach us to pray, as John also taught his disciples." Li te rive ke pandan Li t ap priye nan yon sèten kote, lè L te fini, youn nan disip Li yo te di Li: Senyè, montre nou kijan pou nou priye, menm jan ke Jean osi te montre disip li yo.
2 He said to them, "When you pray, say: Father, may your name be honored as holy. Your kingdom come. Li te di yo: “Lè n ap priye, di: ‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen. Ke wayòm Ou kapab vini. Ke volonte ou kapab fèt sou latè a, menm jan kon nan syèl la.
3 Give us each day our daily bread. Bannou chak jou pen nou pou jounen an.
4 And forgive us our sins, for we ourselves also forgive everyone who is indebted to us. And do not lead us into temptation." Konsa, padone peche nou yo, paske nou menm osi padone tout sila ki dwe nou. Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
5 He said to them, "Which of you has a friend and will go to him at midnight and say to him, 'Friend, lend me three loaves,' Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen.
6 "because a friend of mine arrived from a journey, and I have nothing to serve him,' Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’
7 "and he answers from inside, 'Don't trouble me; the door's already shut, and my children are in bed with me. I can't get up and give you anything'? Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’
8 "I tell you: even though the sleeping friend won't get up and give him anything just because they are friends, the asking friend's shameless persistence will still get the sleeper up to give him whatever he needs." Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
9 "I tell you: ask and it'll be given to you; seek and you'll find; knock and it'll be opened to you. “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou.
10 "Everyone who asks receives; the one who seeks finds; to the one who knocks it will be opened. Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
11 "What father among you, if his son asks for a fish, will give him a snake instead; “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon kolèv?
12 "or if he asks for an egg, will give him a scorpion? Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon?
13 "If you, though evil, know how to give your children good gifts, how much more will the Father from heaven give the Holy Spirit to those who ask him!" Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
14 He was driving out a demon that was mute. When it left, the mute man spoke, and the crowds were amazed. Answit, Li t ap chase yon dyab nan yon bèbè. Lè dyab la te fin sòti, gason bèbè a te pale. Konsa, foul la te etone.
15 But some of them said, "By Beelzebul, the ruler of the demons, he casts out demons," Men kèk nan yo te di: “Li chase dyab yo pa Béelzébul, mèt dyab yo.”
16 while others, testing him, kept seeking from him a sign from heaven. Gen Lòt yo, pou teste L, t ap mande L yon sign ki sòti nan syèl la.
17 But knowing their thoughts, he said to them, "Every kingdom divided against itself is ruined, and a house divided against a house falls. Men Li te konnen panse yo. Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont tèt li va detwi. E yon kay divize kont tèt li ap tonbe.
18 "If Satan too is divided against himself, how will his kingdom stand? For you say I drive out demons by Beelzebul. Si Satan osi divize kont tèt li, kijan wayòm li an va kanpe? Paske nou di ke Mwen chase dyab yo pa Béelzébul.
19 "If I drive out demons by Beelzebul, by whom do your sons drive them out? So they will judge you. Men si Mwen menm pa Béelzébul chase dyab yo, pa kilès fis nou yo konn chase yo? Konsa, se yo menm k ap jij nou yo.
20 "But if I expel demons by the finger of our Father, the kingdom of our Father has come upon you. Men, si Mwen chase dyab yo ak dwèt Bondye a, alò, wayòm syèl la gen tan vini sou nou.
21 "When a strong man, fully armed, guards his own palace, his possessions are safe. Lè yon nonm fò, plen zam, veye pwòp kay li, byen li yo rete ansekirite.
22 "But when someone stronger attacks and overcomes him, the attacker takes away the armor the strong man trusted in and divides up his plunder. Men lè yon moun avèk plis fòs pase l vin atake l, li bat li, e li retire nan men li tout zam li yo, pou l vin divize piyaj la.
23 "Whoever is not with me is against me, and whoever does not gather with me scatters. Sila ki pa avèk Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa rasanble avè Mwen an, ap gaye.
24 "When an unclean spirit leaves a person, it goes through dry regions seeking rest. Finding none, it says, 'I'll return to the house I left. Lè lespri enpi a kite yon nonm, li travèse kote ki sèch pou chache repo. Lè l pa twouve, li di: ‘Mwen va retounen lakay mwen kote m sòti a.’
25 And when it comes, it finds the house swept and put in order. “Lè l vini, li touve l byen bale, e mete an lòd.
26 "Then it goes and brings seven other spirits more evil than itself; they enter and live there, and that person's final state is worse than the first." Answit li sòti pou chache pran sèt lòt dyab pi mal pase li menm, e yo vin antre pou viv la. Konsa, dènye eta a nonm sa a pi mal pase premye a.”
27 As he said this, a woman in the crowd called out, "Blessed is the womb that carried you, and the breasts that nursed you!" Pandan Jésus t ap di bagay sa yo, youn nan fanm yo nan foul la te leve vwa li. Li te di Li: “Beni se vant ki te pote Ou a, e tete kote Ou te souse a.”
28 But he said, "Blessed rather are those who hear the word of our Father and keep it!" Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”
29 As crowds gathered, he began to say, "This generation is an evil generation. It seeks a sign, but no sign will be given to it except the sign of Jonah. Pandan foul la t ap ogmante, Li te kòmanse di: “Jenerasyon sila a se yon jenerasyon pèvès; l ap chache yon sign, men okenn sign p ap bay, sof ke sign a Jonas la.
30 For as Jonah became a sign to the people of Nineveh, so the Son of Man will be to this generation. Paske menm jan ke Jonas te vin yon sign pou Ninivit yo, menm jan an Fis a Lòm nan va ye pou jenerasyon sila a.
31 The queen of the South will rise at the judgment with this generation's people and condemn them—she came from earth's ends to hear Solomon's wisdom, and look, something greater than Solomon is here. “Rèn Sid la va leve avèk lèzòm a jenerasyon sila a nan jijman, e kondane yo; akoz li menm te vini soti nan lekstremite tè a pou tande sajès a Salomon, e konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran pase Salomon isit la.
32 "Ninevites will rise at the judgment with this generation and condemn it, for they repented when Jonah preached, and someone greater than Jonah is here. “Lèzòm Niniv yo va kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman an, e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche. Konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran ke Jonas isit la.
33 "No one lights a lamp and puts it in a cellar or under a basket, but on a stand, so those entering see the light. “Pèsòn, lè l fin limen yon lanp pa mete li nan yon kote an kachèt, ni anba yon panyen, men sou yon chandelye, pou sila ki antre yo kapab wè limyè a.
34 Your eye is your body's lamp: when it's clear, your whole body is full of light; when bad, your body is full of darkness. “Lanp a kò nou se zye nou. Lè zye nou klè, tout kò nou osi ranpli avèk limyè; men lè l pa bon, kò nou osi ranpli avèk tenèb.
35 "Therefore be careful that the light in you is not darkness. “Alò, veye ke limyè nan nou an pa tenèb.
36 "So if your whole body is full of light, with no dark part, it will be completely bright—like a lamp shining its beam on you." “Si donk, tout kò nou ranpli avèk limyè, san tenèb ladann, li va klere nèt, tankou lè lanp klere nou avèk reyon li.”
37 As he spoke, a Pharisee invited him to eat with him; he went in and reclined at the table. Alò, lè L fin pale, yon Farizyen te mande Li pou dine avè L. Li te antre e te repoze sou tab la.
38 The Pharisee was astonished to see that he did not first wash before the meal. Lè Farizyen an te wè sa, li te etone, paske Li pa t fè devwa lave men L avan manje a.
39 And the Lord said to him, "Now you Pharisees clean the cup and dish on the outside, but inside you're full of greed and evil. Men Senyè a te di: “Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a. Men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste.
40 You fools! Did not the one who made the outside make the inside also? Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?
41 "But give to the poor the things that are within, and everything will be clean for you. Men bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap pwòp pou nou.
42 "But woe to you Pharisees! You bring the tenth of mint, rue, and every herb, yet neglect justice and love of our Father. These you should have done, without neglecting the others. “Men malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou peye ladim, mant, ak lari de tout epis jaden an. Malgre sa, nou neglije lajistis avèk lanmou Bondye. Men bagay sa yo nou te dwe fè, san neglije lòt yo.
43 "Woe to you Pharisees! For you love the front seat in synagogues and greetings in marketplaces. Malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou renmen chèz a chèf nan sinagòg yo, ak salitasyon respè nan mache yo.
44 "Woe to you! For you are like unmarked graves, and people walk over them without knowing it." Malè a nou menm! Paske nou tankou tonm kache, pou moun mache sou yo san ke yo pa menm konnen.”
45 One of the lawyers answered him, "Teacher, in saying these things you insult us also." Youn nan avoka yo te reponn Li: “Mèt, lè Ou di sa, W ap ensilte nou osi.”
46 And he said, "How terrible for you experts in the law too! You load people with crushing burdens, yet won't touch those burdens with one finger. Konsa, Li te di: “Malè a nou menm, avoka yo osi! Paske nou chaje kò a moun avèk chaj ki lou, pandan nou menm, nou p ap menm manyen chaj sa yo avèk youn nan dwèt nou.
47 "Woe to you! You build the prophets' tombs, but it was your fathers who killed them. “Malè a nou menm! Paske nou bati tonm a pwofèt yo, pandan se zansèt nou yo ki te touye yo.
48 "So you are witnesses and approve your fathers' deeds, for they killed them and you build their tombs.' Konsa, nou vin temwen yo, e vin dakò avèk zak a zansèt nou yo. Paske se te yo menm ki te touye yo, e se nou ki bati tonm yo.
49 "So the wisdom of our Father also said, 'I will send them prophets and apostles; some of them they will kill and persecute.' “Pou rezon sa, sajès a Bondye te di: “Mwen va voye bay yo pwofèt ak apòt. Kèk yo va touye, e kèk yo va pèsekite;
50 "so the blood of all the prophets shed since the foundation of the world may be charged against this generation, jiskaske tout san a pwofèt yo ki te vèse depi fondasyon mond lan kapab chaje kont jenerasyon sila a,
51 "from Abel's blood to Zechariah's blood, who died between the altar and the sanctuary. Yes, I tell you, it will be charged to this generation. soti nan san Abel la, jis rive nan san a Zacharie, ki te peri antre nan otèl la ak kay Bondye a. Wi, Mwen di nou, li va chaje kont jenerasyon sila a.
52 "Woe to you lawyers! For you took away the key of knowledge—you didn't enter, and you blocked those entering." “Malè a nou menm, avoka yo! Paske yo pran nan men nou kle konesans lan. Nou pa t antre nou menm, e sila ki t ap antre ladann yo, nou te anpeche yo.”
53 When he left there, the scribes and Pharisees began hounding him fiercely, pressing him to speak on many things, Lè L te kite la, skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse vin move anpil. Yo te kesyone L byen pre sou anpil sijè,
54 lying in wait for him, to catch him in something he might say. paske yo t ap eseye fòme yon konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]