Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Meanwhile, as thousands crowded together, trampling each other, Jesus began speaking first to his disciples: "Guard yourselves against the yeast of the Pharisees—that is, hypocrisy. Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
2 Nothing is concealed that will not be revealed, and nothing hidden that will not be made known. “Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen.
3 So whatever you said in darkness will be heard in the light, and what you whispered in private rooms will be announced from the rooftops. Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.
4 "I tell you, my friends: don't fear those who kill the body, then can do nothing more. “Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè.
5 I'll show you whom to fear: fear the one who, after killing, has authority to throw you into hell. Yes, I tell you, fear him. “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
6 Aren't five sparrows sold for two small coins? Yet not one is forgotten before our Father. “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye.
7 But even the hairs of your head are all counted. Don't be afraid—you're worth more than many sparrows. Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
8 "And I tell you, whoever acknowledges me before others, the Son of Man will also acknowledge before our Father's angels. “ Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo;
9 But whoever denies me before others will be denied before our Father's angels. men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.
10 Anyone who speaks a word against the Son of Man will be forgiven, but whoever blasphemes against the Holy Spirit will not be forgiven. “Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.
11 When they bring you before synagogues, rulers, and authorities, don't worry how to defend yourselves or what to say, “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di;
12 for the Holy Spirit will teach you in that very hour what you must say." paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
13 Someone in the crowd said to him, "Teacher, tell my brother to divide the inheritance with me." Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
14 But Jesus said to him, "Man, who appointed me a judge or arbitrator over you?" Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
15 He said to them, "Watch out! Guard against every kind of greed, because life isn't made up of possessions, however many." Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
16 And he told them a parable: "The land of a certain rich man produced a good harvest. Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 He thought to himself, 'What should I do? I have no place to store my crops.' “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 So he said, 'Here's what I'll do: tear down my barns, build bigger ones, and store all my grain and my goods there.' “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo.
19 And I will say to my soul, "Soul, you have plenty stored up for many years—rest, eat, drink, enjoy life." Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 But our Father said to him, 'Fool! Tonight your soul is demanded back from you. Then what you've prepared, whose will it be?' “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 That's what happens to anyone who piles up treasure for himself but isn't rich toward our Father." “Konsa se mesye la ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
22 Then Jesus told his disciples, "So I tell you: don't worry about your life—what you'll eat—or about your body—what you'll wear. Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou.
23 For life is more than food, and the body more than clothing. Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
24 Look at the ravens: they don't sow or reap, have no storeroom or barn, yet our Father feeds them. How much more valuable you are than birds! “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
25 Which of you by worrying can add a single hour to his life? “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li?
26 Since you cannot do such a small thing, why do you worry about the rest? Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
27 Notice how the lilies grow: no toil, no spinning. Yet I tell you, not even Solomon in all his splendor was dressed like one of these. “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo.
28 If this is how our Father clothes the grass of the field—here today, thrown into the oven tomorrow—how much more will he clothe you, you of little faith? Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
29 Do not seek what you will eat or drink, and do not be anxious. “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pa kontinye enkyete nou.
30 For all the nations of the world seek these things; your Father knows you need them. Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo.
31 Instead, seek our Father's kingdom, and these things will be given to you as well. Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
32 "Do not be afraid, little flock, for your Father has been pleased to give you the kingdom. “Pa krent, ti bann nan, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33 Sell your possessions and give to the poor. Make yourselves purses that don't wear out—an unfailing treasure in the heavens, where no thief comes near and no moth destroys. “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.
34 For where your treasure is, there your heart will be also. Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
35 "Be dressed and ready for service, and keep your lamps burning, “Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
36 like servants waiting for their master's return from the wedding feast, so when he comes and knocks, they open the door at once. “Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape.
37 Blessed are the servants the master finds alert when he comes. Truly I tell you, he will dress himself for service, have them recline at the table, and come serve them. Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.
38 Whether he comes at midnight or just before dawn, blessed are those servants if he finds them ready. Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
39 Know this: if the homeowner knew what hour the thief was coming, he would not have let his house be broken into. “Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la.
40 You too must be ready—the Son of Man comes at an hour you don't expect." Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.
41 Peter said, "Lord, are you telling this parable for us, or for everyone?" “Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’”
42 The Lord replied, "Who is the faithful, wise manager the master puts in charge of his household servants, to give them their ration at the right time? Senyè a te reponn: “Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt?
43 Blessed is that servant whom the master finds doing so when he returns. Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an.
44 Truly I tell you, he will put him in charge of all his possessions. Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.
45 But if that servant tells himself, 'My master delays his coming,' and starts beating the servants, men and women, and eats, drinks, and gets drunk. “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou;
46 That servant's master will come on a day he doesn't expect, at an hour he doesn't know, cut him in two, and give him a place among the unfaithful. mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
47 The servant who knew his master's will but didn't prepare or act on it will get many blows. “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt.
48 But the one who didn't know, yet did what deserved punishment, will get few blows. Everyone given much will be asked for much; the one entrusted with much will be asked for even more. Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk. “Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
49 "I came to throw fire on the earth—how I wish it were already lit! “Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!
50 But I have a baptism to undergo, and how distressed I am until it is accomplished! “Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!
51 Do you think I came to bring peace on the earth? No, I tell you, but division. “Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon.
52 From now on there will be five in one household divided—three against two and two against three. Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa.
53 They'll split—father against son and son against father, mother against daughter and daughter against mother, mother-in-law against her daughter-in-law and daughter-in-law against mother-in-law." Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè.”
54 He also told the crowds, "When you see a cloud rising in the west, you immediately say, 'Rain is coming,' and so it does. Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive.
55 And when the south wind blows, you say, 'It will be hot,' and it is. Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive.
56 Hypocrites! You know how to read the face of earth and sky. Why don't you know how to read this present time? Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?
57 "And why don't you judge for yourselves what is right? “ “Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon?
58 While going with your accuser to the magistrate, work to settle with him on the way, or he may drag you to the judge, and the judge hand you to the officer, and the officer throw you in prison. Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon.
59 I tell you, you will not get out until you have paid the very last penny." Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]