Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Just then some people told him about Galileans whose blood Pilate mixed with their sacrifices. Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.
2 He replied, "Do you think these Galileans were worse sinners than all other Galileans because they suffered these things? Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a?
3 No, I tell you; but unless you repent, you will all perish as well. Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.
4 Or those eighteen killed when the tower in Siloam fell on them—do you think they were more guilty than everyone else in Jerusalem? Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?
5 No, I tell you; but unless you repent, you will all perish in the same way." “Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”
6 Then he told this parable: "A man had a fig tree planted in his vineyard. He came looking for fruit on it and found none. Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen.
7 He told the gardener, 'Look, for three years I've come seeking fruit on this fig tree and found none. Cut it down—why let it drain the ground?' Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’
8 But he replied, 'Sir, leave it this year too, until I dig around it and add manure. Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè.
9 Then if it bears fruit next year, good; if not, you can cut it down.'" Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”
10 Now he was teaching in one of the synagogues on the Sabbath. Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a.
11 Just then, a woman weakened by a spirit for eighteen years was bent over, unable to straighten up at all. Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
12 Seeing her, Jesus called her over and said, "Woman, you are freed from your disability." Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”.
13 He laid hands on her, and immediately she straightened up and glorified our Father. Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
14 But the synagogue leader, angry that Jesus had healed on the Sabbath, told the crowd, "There are six days for work. Come be healed on those days, not on the Sabbath." Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”
15 The Lord answered him, "Hypocrites! Doesn't each of you untie your ox or donkey from its stall on the Sabbath and lead it out to water it? Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè?
16 Shouldn't this daughter of Abraham, bound by Satan for eighteen years, be freed from that bond on the Sabbath?" Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”
17 As he said these things, all his opponents were humiliated, and all the crowd celebrated all the glorious things he was doing. Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.
18 He said therefore, "What is the kingdom of our Father like? What should I compare it to? Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li?
19 It's like a mustard seed a man took and planted in his garden, growing into a tree where the sky's birds nested in its branches." Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
20 And again he said, "What should I compare the kingdom of our Father to? Ankò Li te di: “A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la?
21 It is like yeast a woman took and hid in three measures of flour until it all yeasted." Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”
22 He went on his way through towns and villages, teaching and journeying toward Jerusalem. Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap fè wout Li vè Jérusalem.
23 Someone asked him, "Lord, are the saved few?" He said to them, Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?” Li te reponn yo:
24 "Struggle to enter through the narrow door—many, I tell you, will try to enter and fail. “Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.
25 Once the homeowner rises and shuts the door, you'll stand outside knocking, saying, 'Lord, open for us.' He'll answer, 'I don't know where you're from.' Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.
26 Then you'll begin to say, 'We ate and drank before you; you taught in our streets.' “Konsa, nou va kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’
27 But he'll say, 'I tell you, I don't know where you're from. Get away from me, all you who do evil!' “Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’
28 There will be weeping and teeth grinding, when you see Abraham and Isaac and Jacob and all the prophets in the kingdom of our Father, while you yourselves are thrown out. Va gen kriye fò, ak manje dannan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò.
29 People will come from east and west, from north and south, and sit down to eat in our Father's kingdom. Yova sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.
30 And indeed, some are last who will be first, and some are first who will be last." “Gade byen, gen kèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”
31 At that same hour some Pharisees came, telling him, "Get out, leave here—Herod wants to kill you." Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”
32 And he said to them, "Go tell that fox: Look, I drive out demons and complete healings today and tomorrow, and on the third day I am finished. Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a bi m va fin acheve.
33 Still, I must travel today, tomorrow, and the next day, since no prophet can die outside Jerusalem. Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yonpwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”
34 Jerusalem, Jerusalem, killing the prophets, stoning those sent to her! How often I longed to gather your children as a hen gathers her brood under her wings—but you refused! O Jérusalem, Jérusalem, vil ki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!
35 Look, your house is left to you. I tell you: you won't see me until you say, 'Blessed is the one who comes in the name of our Father!'" “Gade, lakay nou rete nan men nou dezole, epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: ‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]