Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 One Sabbath, when he went to eat in the house of one of the leaders of the Pharisees, they were watching him closely. Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.
2 And there in front of him was a man whose body was swollen with fluid. Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.
3 Jesus said to the experts in the law and the Pharisees, "Is it lawful to heal on the Sabbath, or not?" Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”
4 But they stayed silent. So he took hold of the man, healed him, and sent him on his way. Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.
5 Then he said to them, "If one of you has a son or an ox that falls into a well on the Sabbath day, will you not immediately pull him out?" Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”
6 And they had no answer to give to this. Epi yo pa t kapab reponn sa menm.
7 When he noticed how the guests chose the places of honor, he told them a parable: Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo:
8 "When someone invites you to a wedding feast, do not take the place of honor, because a more distinguished guest than you may have been invited. “Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la.
9 Then the one who invited you both will come and say to you, 'Give this person your place,' and in disgrace you will have to take the lowest place. Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit akgwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.
10 But when you are invited, go and take the lowest place, so that when your host comes he will say to you, 'Friend, move up higher.' Then you will be honored in front of all who are at the table with you. “Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmi vin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.
11 For all who exalt themselves will be humbled, and those who humble themselves will be exalted." “Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
12 Then he said to the man who had invited him, "When you give a lunch or a dinner, do not invite your friends or your brothers or your relatives or your rich neighbors. If you do, they may invite you back, and you would be repaid. Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
13 But when you give a banquet, invite the poor, the crippled, the lame, the blind, “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo.
14 and you will be blessed. Since they have no way to repay you, you will be repaid at the resurrection of the righteous." Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”
15 When one of those at the table with him heard this, he said to him, "Blessed is the one who will eat at the feast in the kingdom of our Father!" Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: “Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”
16 Jesus replied, "A certain man was giving a great banquet, and he invited many guests. Men Li te di li: “Yonmesye t ap fè yon gwo bankè, e li te envite anpil moun.
17 "When the time came for the banquet, he sent his servant to tell those who had been invited, 'Come, for everything is now ready.' Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’
18 But one after another they all began to make excuses. The first said to him, 'I have bought a field, and I must go and see it. Please excuse me.' “Men yo tout ansanm te kòmanse fè eskiz. “Premye a te di li: ‘Mwen achte yon mòso tè, e Mwen bezwen ale wè l. Silvouplè, eskize mwen.’
19 Another said, 'I have bought five pairs of oxen, and I am on my way to try them out. Please excuse me.' “Yon lòt te di: ‘Mwen fenk achte senk pè bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.’
20 And another said, 'I have just married a wife, and so I cannot come.'" “Epi Yon lòt te di: ‘Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.’
21 So the servant came back and reported this to his master. Then the master of the house became angry and said to his servant, 'Go out quickly into the streets and alleys of the town, and bring in the poor, the crippled, the blind, and the lame.' “Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’
22 "'Master,' the servant said, 'what you ordered has been done, and still there is room.' “Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.
23 Then the master told the servant, 'Go out to the roads and country lanes and compel them to come in, so that my house will be full. “Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen.
24 For I tell you, not one of those who were invited will taste my banquet.'" Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an.’”
25 Large crowds were traveling with him, and turning to them he said, Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo:
26 "If anyone comes to me and does not hate his own father and mother and wife and children and brothers and sisters—yes, even his own life—he cannot be my disciple. “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
27 Whoever does not carry his own cross and follow me cannot be my disciple. Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
28 Suppose one of you wants to build a tower. Will he not first sit down and count the cost, to see whether he has enough to finish it? “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l?
29 Otherwise, if he lays the foundation and is not able to finish, everyone who sees it will begin to ridicule him, Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz.
30 saying, 'This person began to build and was not able to finish.' Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
31 Or suppose a king is about to go to war against another king. Will he not first sit down and consider whether he is able with 10,000 men to face the one coming against him with 20,000? “Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabò kalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil?
32 And if he cannot, he will send a delegation while the other is still far off and ask for terms of peace. Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
33 In the same way, any one of you who does not give up everything he has cannot be my disciple. “Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa renonse ak tout sa li posede.
34 "Salt is good, but if it loses its saltiness, how can it be made salty again? “Konsa, sèl la bon; men si menm sèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l.
35 Fit for neither soil nor manure pile, it's thrown out. Whoever has ears to hear, let them hear." Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]