Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now the tax collectors and sinners were all drawing near to hear him. Alò tout kolektè kontribisyon yo avèk pechè yo t ap vin toupre L pou koute Li.
2 And the Pharisees and the scribes grumbled, saying, "This man welcomes sinners and eats with them." Ni Farizyen yo, ni skrib yo te kòmanse plenyen. Yo t ap di: “Mesye sa a resevwa pechè yo e manje avèk yo.”
3 So he told them this parable: Donk Li te di yo parabòl sila a. Li te di:
4 "What man among you, owning one hundred sheep, if he loses one of them, won't leave the ninety-nine out in the open and go after the lost one till he finds it? “Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l?
5 And when he has found it, he lays it on his shoulders, rejoicing." E lè l twouve li, l ap mete l sou zepòl li, e l ap rejwi.
6 When he gets home, he calls his friends and neighbors together and tells them, "Celebrate with me—I've found my lost sheep." Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’
7 "I tell you, likewise, heaven holds more joy over one sinner who repents than over ninety-nine righteous people who don't need to repent." “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.
8 "Or what woman with ten silver coins, each a day's wage, who loses one, doesn't light a lamp, sweep the house, and search carefully until she finds it?" “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l?
9 When she finds it, she calls together her friends and neighbors: "Rejoice with me, for I found the coin I had lost." Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’
10 "So, I tell you, there is joy before the angels of our Father over one sinner who repents." “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”
11 And he said, "There was a man who had two sons." Ankò li di: “Yon sèten mesye te gen de fis;
12 "The younger son told his father, 'Father, give me my share of the estate.' So he divided his property between them. Pi jenn nan te di a papa li: ‘Papa, ban mpati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.’ Donk, li tedivize byen li pami yo.
13 Soon after, the younger son gathered all he owned, left for a distant country, and there burned through his wealth living recklessly. “Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch.
14 After he spent everything, a severe famine hit that country, and he began to go without. Alò, lè l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen.
15 So he went and took work with a citizen of that country, who sent him to his fields to feed pigs. Donk, li te ale anplwaye tèt li a yon sitwayen nan peyi sila a, e li te voye li nan chan an pou bay kochon yo manje.
16 And he longed to fill his stomach with the pods the pigs ate, but no one gave him any." Epi li te anvi plen vant li avèk po kochon yo t ap manje yo, e pèsòn pa t bay li anyen.
17 Coming to his senses, he said, "How many of my father's hired hands have bread to spare, while I'm here starving?" “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou.
18 "'I will get up and go to my father, and say to him, "Father, I have sinned against heaven and before you."' Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou.
19 'I'm no longer worthy to be called your son; make me like one of your hired workers.'" Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’
20 "He got up and went to his father. While he was still far off, his father saw him, and his heart broke with compassion—he ran, threw his arms around him, and kissed him." Donk, li te leve, e te ale kote papa l. “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri anbrase l e te bo li.
21 And the son said, "Father, I've sinned against heaven and before you. I am no longer worthy to be called your son." Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
22 But the father told his servants, "Quickly bring the best robe and dress him, put a ring on his hand and sandals on his feet." “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit pote pi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li.
23 "'And bring the fattened calf and kill it, and let us eat and celebrate.' Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt.
24 'For this son of mine was dead and is alive again; he was lost and is found.' And they started celebrating." Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.
25 "His older son was in the field; nearing the house on his return, he heard music and dancing. “Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse.
26 And he called one of the servants and asked what was going on. Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse fè ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.
27 He said to him, 'Your brother has come, and your father has killed the fattened calf, because he received him back safe and sound.' “Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’
28 But he was angry and refused to enter. His father came out and pleaded with him, “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
29 but he answered his father, 'Look, I've served you all these years, never disobeying a command—yet you never gave me even a young goat to celebrate with my friends.' “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zami mwen yo.
30 'But when this son of yours came, who devoured your wealth with prostitutes, you killed the fattened calf for him!'" Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
31 He said to him, "Son, you're always with me, and everything I have is yours." “Papa a te di l: ‘Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou.
32 "'It was fitting to rejoice and celebrate: this brother of yours was dead and is alive, was lost and is found.'" Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]