Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He also told his disciples, "A rich man had a manager who was accused of squandering his possessions. Alò, Li t ap osi di a disip yo: “Te gen yon sèten mesye rich ki te gen yon jeran. Konsa, yon rapò te vin rive ke li t apgaspiye byen li yo.
2 He called him and said, 'What is this I hear about you? Give an account of your management, for you can no longer manage.' Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’
3 "The manager said to himself, 'What should I do? My master is taking my position from me. I'm not strong enough to dig, and I'm ashamed to beg.' “Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite.
4 I know what to do, so that when I lose this job, people will welcome me into their homes.' Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’
5 He called in his master's debtors, one after another, and asked the first, 'How much do you owe my master?' “Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a. Li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’
6 He said, 'one hundred measures of olive oil.' He told him, 'Take your bill, sit quickly, and write fifty.' “Li te di: ‘San mezi lwil’. E li te di li: ‘Pran nòt ou e chita byen vit pou ekri senkant.’
7 Then he asked another, 'And you, how much do you owe?' 'one hundred measures of wheat,' he said. 'Take your bill,' he told him, 'and write eighty.' “Answit, li te di a yon lòt: ‘Epi konbyen ou dwe? “Li te reponn: ‘San mezi ble.’ E li te di li: ‘Pran nòt ou pou ekri katreven.’
8 "The master praised the dishonest manager for acting shrewdly, for this age's children are shrewder with their own generation than the children of light. “Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pase fis a limyè yo.
9 I tell you, make friends for yourselves with worldly wealth, so that when it fails, they welcome you into eternal dwellings. “Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen a richès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo.
10 Whoever is faithful in the least is also faithful in much; whoever is dishonest in the least is also dishonest in much. “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11 If then you weren't faithful with worldly wealth, who will trust you with the true riches? “Donk, si nou pa fidèl nan sèvis richès enjis yo, kilès ki va konfye nou vrè richès yo.
12 And if you haven't been faithful with another's things, who will give you what's your own? Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
13 No household servant can serve two masters. He will hate one and love the other, or hold to one and despise the other. You cannot serve both our Father and wealth." “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
14 The Pharisees, who loved money, heard all this and were ridiculing him. Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
15 He told them, "You justify yourselves before others, but our Father knows your hearts. What is prized among people is detestable to our Father." Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.
16 "The Law and Prophets lasted until John; since then, the good news of the kingdom of our Father is proclaimed, and everyone forces their way into it. “Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.
17 But it's easier for heaven and earth to pass away than for one stroke of the Law to fail." Men li pi fasil pou syèl la avèk tè a vin disparèt pase pou yon sèl mak oubyen lèt Lalwa ta anile.
18 "Whoever divorces his wife and marries another commits adultery; marrying a woman divorced from her husband is adultery too." “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
19 "There was a rich man dressed in purple and fine linen, feasting lavishly every day. “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
20 And a poor man named Lazarus was laid at his gate, covered with sores, “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare te kouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng.
21 wanting to eat the crumbs falling from the rich man's table; even dogs came and licked his sores. Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
22 The poor man died; angels carried him to Abraham's side. The rich man also died and was buried, “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan sen Abraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere.
23 and in the grave, in torment, he looked up and saw Abraham far off and Lazarus at his side. Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li.
24 He cried out, 'Father Abraham, have mercy on me. Send Lazarus to dip his fingertip in water and cool my tongue, for I'm in agony in this flame.' Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
25 "But Abraham said, 'Child, remember: you received good things in your life, and Lazarus likewise bad things. Now he is comforted here, and you are in anguish. “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.
26 Besides all this, a great chasm separates us from you, so those who want to cross from here to you can't, nor can anyone cross from there to us.' Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
27 "And he said, 'Then I beg you, father, to send him to my father's house, “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m—
28 for I have five brothers—let him warn them, so they won't also come to this place of torment.' Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
29 "But Abraham said, 'They have Moses and the Prophets; let them hear them.' “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30 He said, 'No, father Abraham, but if someone from the dead goes to them, they'll repent.' “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’
31 He told him, 'If they won't listen to Moses and the Prophets, they won't be convinced even if someone rises from the dead.'" “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]