Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On a Sabbath, Jesus walked through grainfields; his disciples picked heads of grain, rubbed them in their hands, and ate. Alò, li vin rive ke nan yon dezyèm Saba apre premye a, Li t ap pase nan yon chan ble. Konsa, disip Li yo t ap ranmase e manje tèt ble yo, lè yo fin fwote yo nan men yo.
2 Some of the Pharisees said, "Why are you doing what is not lawful on the Sabbath?" Men kèk nan Farizyen yo te di: “Poukisa nou fè sa ki pa pèmi nan Saba a?”
3 Jesus answered them, "Haven't you read what David did when he and those with him were hungry, Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm lisa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo?
4 how he entered our Father's house, took the bread of the Presence, ate it, gave some to his companions, though it's not lawful for any but the priests to eat it?" Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manjepen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?”
5 Then he said to them, "The Son of Man is Lord of the Sabbath." Li te di yo: “Fis a Lòm nan se Senyè a Saba a.”
6 On another Sabbath he entered the synagogue and taught; a man was there with a withered right hand. Nan yon lòt Saba, Li te antre nan sinagòg la. Li t ap enstwi. Te gen yon mesye la avèk yon men dwat ki te sèch.
7 The scribes and Pharisees watched him closely to see if he would heal on the Sabbath, so they could find a charge against him. Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L.
8 But knowing their thoughts, he told the man with the withered hand, "Get up and stand here." So he got up and stood there. Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.” Konsa, li te leve vin devan.
9 Then Jesus said to them, "I ask you: is it lawful on the Sabbath to do good or do harm, to save a life or destroy it?" Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?”
10 Looking around at them all, he told the man, "Stretch out your hand." He did, and his hand was restored. Lè Lfin gade yo tout, Li te di li: “Lonje men ou!” Konsa, li te fè l. Epi men l te restore.
11 But filled with rage, they discussed with each other what to do to Jesus. Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.
12 In those days Jesus went out to the mountain to pray, spending the whole night in prayer to our Father. Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye.
13 At daybreak he called his disciples and chose twelve of them, naming them apostles: Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt:
14 Simon, whom he named Peter, and his brother Andrew; James and John; Philip and Bartholomew; Simon, ke Li te osi rele Pierre, André, frè li, Jacques, Jean, Philippe, Barthélemy;
15 Matthew and Thomas; James son of Alphaeus, and Simon who was called the Zealot; Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la;
16 Judas son of James, and Judas Iscariot, who became a traitor. Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.
17 He came down with them and stood on a level place, with a large crowd of his disciples and a large multitude of people from all Judea, Jerusalem, and the coast of Tyre and Sidon. Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon.
18 They came to hear him and be healed of their diseases; those troubled by unclean spirits were also cured. Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri.
19 The whole crowd tried to touch him, since power went out from him, healing everyone. Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.
20 Looking up at his disciples, he said: "Blessed are you who are poor, for yours is the kingdom of our Father. Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21 "Blessed are you who hunger now, for you will be satisfied. Blessed are you who weep now, for you will laugh. “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
22 Blessed are you when people hate you, and when they exclude you and revile you and reject your name as evil, because of the Son of Man. “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
23 Rejoice in that day and leap for joy, for your reward is great in heaven; for that is how the persecutors' ancestors treated the prophets. “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske se menm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
24 But woe to you who are rich, for you have already received your comfort. “Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou.
25 Woe to you who are full now, for you will be hungry. Woe to you who laugh now, for you will mourn and weep. “Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou. “Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.
26 Woe to you when everyone speaks well of you, for that is how the flatterers' ancestors treated the false prophets. “Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèk fo pwofèt yo.
27 But I tell you who listen: love your enemies, do good to those who hate you, “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo.
28 bless those who curse you, pray for those who mistreat you. Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
29 Whoever strikes you on one cheek, offer the other too; whoever takes your coat, do not hold back your shirt. “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.
30 Give to everyone who asks you, and don't demand back what is taken from you. “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
31 Do to others as you would have them do to you. “Menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
32 Loving those who love you—what credit is that? Even sinners love those who love them. “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo.
33 If you do good to those doing you good, what credit is that to you? Even sinners do the same. Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la.
34 And if you lend expecting repayment, what credit is that? Even sinners lend to sinners to get back the same amount. Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
35 But love your enemies, do good, and lend expecting nothing back; your reward will be great, and you will be children of the Most High, for he is kind to the ungrateful and evil. “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vin fis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
36 Be merciful, just as your Father is merciful. “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
37 Do not judge, and you will not be judged. Do not condemn, and you will not be condemned. Forgive, and you will be forgiven. “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
38 Give, and it will be given to you: a good measure—pressed down, shaken, overflowing—will be poured into your lap. For the measure you use will be measured back to you." “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
39 He also gave them a parable: "Can a blind person guide a blind person? Won't both fall into a pit? Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?
40 No student surpasses their teacher; whoever is fully trained becomes like their teacher. “Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.
41 Why do you see the speck in your brother's eye, yet miss the beam in your own eye? “Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an?
42 How can you tell your brother, 'Brother, let me remove the speck from your eye,' when you don't see the beam in your own eye? Hypocrite! First remove the beam from your own eye—then you'll see clearly to remove the speck from your brother's eye. Oubyen kijan nou kapab di a frè nou an: ‘Frè m, kite m retire pousyè sa a ki nan zye ou a, lè nou menm pa wè bout bwa ki nan zye pa nou an? Nou ipokrit, premyèman retire bout bwa nan zye nou an, e nou va wè klè pou retire pousyè ki nan zye frè nou an.
43 For no good tree bears bad fruit, nor again does a bad tree bear good fruit. “Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi.
44 Each tree is known by its own fruit; figs aren't gathered from thornbushes, nor grapes picked from a bramble. Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.
45 A good person produces good from the heart's good store; an evil person produces evil from the evil store; for the mouth speaks from the heart's overflow. “Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.
46 Why do you call me 'Lord, Lord,' and not do what I say? “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?
47 Everyone coming to me, hearing my words, and doing them—I'll show you what he's like: Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble:
48 He's like a man building a house, who dug deep and laid its foundation on rock. When the flood came, the river crashed into that house but couldn't shake it—it was built well. Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.
49 But whoever hears my words and doesn't act on them is like a man who built a house on the ground, without a foundation. The flood crashed against it, and it collapsed at once—that house's ruin was great." “Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]