Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Once, as the crowd pressed around him to hear our Father's word, Jesus stood by Lake Gennesaret. Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la.
2 He saw two boats standing by the lake; the fishermen had left them and were washing their nets. Li te wè de kannòt ki te twouve akote lak la, men moun lapèch yo te deja desann yo, e t ap lave filè yo.
3 Getting into one of the boats, Simon's, he asked him to move out a little from shore, then sat down and taught the crowds from the boat. Li te antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.
4 When he stopped speaking, he told Simon, "Push out into deep water and lower your nets for a catch." Lè Li te fin pale, Li te di Simon: “Mete nou deyò nan dlo fon elage filè yo pou kenbe pwason.”
5 Simon answered, "Master, we worked all night and caught nothing. But at your word, I'll let down the nets." Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”
6 Doing this, they caught so many fish their nets began tearing. Lè yo te fin fè sa, yo te pran yon gwo kantite pwason. Filè yo te tanmen chire.
7 They signaled to partners in the other boat to come help; they came and filled both boats so that they began to sink. Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.
8 Seeing this, Simon Peter fell at Jesus' knees and said, "Leave me, Lord, for I'm a sinful man!" Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”
9 For amazement gripped him and all with him at the catch of fish they had caught, Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe.
10 and so were James and John, Zebedee's sons and Simon's partners. Jesus told Simon, "Don't be afraid; from now on you'll catch people." Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou. Jésus te reponn Simon: “Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe.”
11 So they pulled their boats up on shore, left everything, and followed him. Lè yo te fin fè kannòt yo rive atè, yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.
12 While Jesus was in one of the towns, a man covered with a serious skin disease appeared. Seeing Jesus, he fell facedown and begged, "Lord, if you're willing, you can make me clean." Pandan Li te nan youn nan vil yo, gade byen, te gen yon nonm ki te kouvri avèk lalèp. Lè l te wè Jésus, li te tonbe sou figi li, e li te enplore Li: “Senyè, si Ou vle, Ou kapab fè m pwòp.”
13 Jesus reached out his hand, touched him: "I am willing. Be clean." At once the skin disease left him. Li te lonje men L, e te touche li. Li te di: “Mwen vle. Vin pwòp.” Imedyatman, lalèp la te kite li.
14 Jesus ordered him to tell no one, "but go, show yourself to the priest and offer what Moses commanded for your cleansing, as proof to the people." Li te kòmande li pou pa di pèsòn sa: “Men alemontre ou menm a prèt yo, e fè yon ofrann pou netwayaj ou, jan Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
15 But word about him spread even more; large crowds gathered to hear him and be healed of their sicknesses. Men nouvèl sou Li t ap gaye menm pi lwen. Gwo foul moun t ap rasanble pou tande Li, e pou geri de maladi yo.
16 But Jesus often withdrew to deserted places and prayed. Men Jésus Li menm, te konn souvan chape ale nan dezè a poupriye.
17 One day as he taught, Pharisees and teachers of the law sat, having come from every village of Galilee, and from Judea and Jerusalem. And our Father's power was there for him to heal the sick. Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.
18 Just then, men came carrying a paralyzed man on a mat, trying to bring him in and lay him before Jesus. Kèk moun t ap pote sou yon kabann, yon nonm ki te paralize. Konsa, yo t ap eseye fè l antre pou mete l devan L.
19 Finding no way through the crowd to bring him in, they went up on the roof and lowered him on his mat through the tiles, into the middle, right before Jesus. Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.
20 When Jesus saw their faith, he said, "Friend, your sins are forgiven you." Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.
21 The scribes and Pharisees began debating, "Who is this man insulting God? Who but God alone can forgive sins?" Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: “Ki moun sa k ap blasfeme konsa? Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”
22 Knowing what they were thinking, Jesus answered them, "Why are you reasoning in your hearts? Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa?
23 Which is easier: to say, 'Your sins are forgiven you,' or to say, 'Get up and walk'? Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’?
24 But so you'll know the Son of Man has authority on earth to forgive sins"—he told the paralyzed man—"I tell you, get up, pick up your mat, and go home." Men pou nou kab konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo,” li te di a paralitik la: “Mwen di ou leve, pran kabann ou e ale lakay ou.”
25 At once he stood before them, picked up his mat, went home glorifying our Father. Lapoula nonm nan te leve devan yo, ranmase nat li, e li te ale lakay li ranpli avèk lwanj Bondye.
26 Amazement seized them all; they glorified our Father, filled with awe, saying, "We saw remarkable things today." Yo tout te sezi, etone menm, e t ap bay Bondye glwa. Yo te ranpli avèk lakrent, e t ap di: “Nou wè bagay ki tèlman remakab jodi a”.
27 After this, Jesus went out and saw a tax collector named Levi sitting at the tax booth. "Follow me," he said. Apre sa, Li te sòti deyò e li te wè yon ajan kontribisyon ki te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”.
28 So Levi got up, left everything behind, and followed him. Konsa,li te kite tout bagay dèyè, e te leve swiv Li.
29 Then Levi hosted a great banquet for Jesus at his house, and a large crowd of tax collectors and others reclined with them. Lévi te fè yon resepsyon pou Li lakay li. Yo te gen yon gwo foul kolektè kontribisyon avèk lòt moun ki t ap manje sou tab la avèk yo.
30 But the Pharisees and their scribes grumbled to his disciples, "Why do you eat and drink with tax collectors and sinners?" Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”
31 Jesus answered them, "It is not the healthy who need a doctor, but the sick. Jésus te reponn e te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.”
32 I have not come to call the righteous, but sinners to repentance." Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.
33 They said to him, "John's disciples fast often and pray, likewise the Pharisees' disciples, but yours eat and drink." Yo te di Li: “Disip a Jean yo souvan fè jèn e fè lapriyè; disip a Farizyen yo fè menm jan an. Men pa Ou yo, manje e bwè.”
34 Jesus said, "Can you make the bridegroom's friends fast while he is with them? Jésus te di yo: “Nou pa kapab fè zanmi fèt maryaj yo fè jèn pandan jennonm maryaj la toujou avèk yo. Èske se pa vrè?
35 But days will come when the bridegroom is taken from them, and then, in those days, they will fast." Men jou yo ap vini lè jennonm nan ap kite yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo.”
36 He told them a parable too: "No one tears a patch from a new garment and sews it on an old one. Otherwise, he tears the new, and the new patch won't match the old. Li t ap di yo yon parabòl: “Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a.
37 No one puts new wine into old wineskins; otherwise the new wine will burst the skins, spill out, and the skins will be ruined. Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate.
38 No, new wine must be poured into new wineskins. Men diven nèf la oblije vide nan po fèt avèk kwi nèf.
39 And no one after drinking old wine wants the new, for he says, 'The old is good.'" Epi pèsonn, lè l fin bwè sa ki ansyen, pa janm vle nèf la, paske li di: ‘Vye a pi bon’”.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]