Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus, full of the Holy Spirit, returned from the Jordan, led by the Spirit in the wilderness. Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a
2 Forty days, tempted by the devil, eating nothing in those days; when they ended, he was hungry. pandan karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.
3 The devil told him, "If you're the Son of God, tell this stone to become bread." Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”
4 And Jesus answered him, "It is written, 'Man shall not live by bread alone.'" Jésus te reponn li: “Li ekri. ‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”
5 Then the devil led him up and showed him all the kingdoms of the world in an instant. Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan.
6 He said to him, "I will give you all this authority and their glory, for it has been entrusted to me, and I give it to whomever I want. Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito.
7 If you, then, will worship me, it will all be yours." Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”
8 And Jesus answered him, "It is written, 'You will worship your Father, and serve only him.'" Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri ‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”
9 Then he led him to Jerusalem, stood him on the temple's highest point, and said, "If you're the Son of God, throw yourself down from here, Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la,
10 for it is written, 'He will command his angels concerning you, to guard you,' paske sa ekri: ‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
11 and 'On their hands they will bear you up, so that you won't strike your foot against a stone.'" epi nan men pa yo, yo va kenbe ou, pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”
12 And Jesus answered him, "It is said, 'You shall not put your Father to the test.'" Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li kon di; ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”
13 And when the devil had ended every temptation, he departed from him until an opportune time. Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.
14 Jesus returned to Galilee in the Holy Spirit's power, and news of him spread through the whole region. Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo.
15 And he taught in their synagogues, and everyone glorified him. Li te kòmanse enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.
16 He came to Nazareth, where he was raised, and as usual entered the synagogue on the Sabbath, then stood to read. Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li.
17 He was handed the scroll of the prophet Isaiah, unrolled it, and found where it was written: Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18 "The Spirit of our Father is upon me, because he has anointed me to proclaim good news to the poor. He has sent me to proclaim freedom for the captives and recovery of sight to the blind, to set free those who are oppressed, “Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 to proclaim the year of our Father's favor." Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
20 He rolled up the scroll, gave it back to the attendant, and sat down. Every eye in the synagogue was fixed on him. Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li.
21 And he began to say to them, "Today this Scripture has been fulfilled in your hearing." Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
22 All spoke well of him, amazed at the gracious words from his mouth, and said, "Isn't this Joseph's son?" Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”
23 He said to them, "Surely you'll quote this proverb to me: 'Doctor, heal yourself.' Do here in your hometown, too, what we heard happened in Capernaum." Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”
24 And he said, "Truly, I say to you, no prophet is acceptable in his hometown. Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li.
25 But truly I tell you, many widows lived in Israel in Elijah's days, when the sky was shut three years and six months and a great famine struck the whole land, Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a.
26 and Elijah was sent to none of them but only to a widow in Zarephath of Sidon. Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman aSarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv.
27 Many had leprosy in Israel in the days of the prophet Elisha, yet none was made clean except Naaman the Syrian." Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men sèlman Naaman, yon Siryen.”
28 When they heard these things, everyone in the synagogue was furious. Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo;
29 They got up, drove him out of town, and took him to the edge of the hill their town was built on, to throw him off the cliff. Yo te soulve, yo te pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan
30 But he walked through the crowd and went away. do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.
31 He went down to Capernaum, a town in Galilee, and taught them on the Sabbath, Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a.
32 and they were astonished at his teaching, for his word possessed authority. Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.
33 In the synagogue was a man with the spirit of an unclean demon; he cried out in a loud voice, Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò:
34 Ha! What do you want with us, Jesus of Nazareth? Have you come to destroy us? I know who you are—God's Holy One. “Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”
35 Jesus rebuked him: "Be silent and come out of him!" The demon threw him down before them all, came out, and did him no harm. Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.
36 All were amazed and asked each other, "What word is this? With authority and power he orders unclean spirits, and they leave!" Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.”
37 And reports about him went out into every place in the surrounding region. Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.
38 And he arose and left the synagogue and entered Simon's house. Now Simon's mother-in-law was ill with a high fever, and they asked him to help her. Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l.
39 He stood over her and rebuked the fever; it left her, and she rose at once and began serving them. Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
40 As the sun set, all who had someone sick with various diseases brought them to him; laying his hands on each one, he healed them. Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo.
41 Demons also came out of many, shouting, "You are the Son of God!" He silenced them, forbidding them to speak, since they knew he was the Christ. Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.
42 At daybreak he went out to a remote place. Crowds looked for him, came to him, and tried to keep him from leaving them. Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43 But he told them, "I must announce the good news of our Father's kingdom to the other towns too—this is why I was sent." Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; paske Mwen te voye pou rezon sa a.”
44 And he was preaching in the synagogues of Judea. Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagògJudée yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]