Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Tiberius Caesar's fifteenth year, when Pontius Pilate was governor of Judea, Herod was tetrarch of Galilee, his brother Philip of the region of Ituraea and Trachonitis, and Lysanias of Abilene, Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,
2 under high priests Annas and Caiaphas, our Father's word came to John son of Zechariah in the wilderness. nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
3 He went through the whole Jordan region, preaching a baptism of repentance for the forgiveness of sins, Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.
4 as it is written in the book of the words of Isaiah the prophet: "A voice of one calling in the wilderness: Prepare the way for the Lord, make his paths straight. Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la: “Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a, Fè wout Li yo dwat,
5 Every valley will be filled in, and every mountain and hill made low. The crooked roads will become straight, and the rough ways smooth, Chak vale va ranpli, E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. Kwochi yo a va vin drese, E move wout yo va vin swa.
6 and all flesh will see the salvation of our Father." Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”
7 John said then to the crowds coming to be baptized by him: "You brood of vipers! Who warned you to flee the coming wrath? Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an?
8 So produce fruit worthy of repentance. Don't start telling yourselves, 'We have Abraham as our father.' For I tell you, our Father can raise up children for Abraham from these stones. Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.
9 Already the axe lies at the root of the trees; every tree not bearing good fruit is cut down and thrown into the fire." Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”
10 And the crowds asked him, "What then should we do?" Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”
11 He replied, "Whoever has two shirts, share with the one who has none; whoever has food, do the same." Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
12 Tax collectors also came to be baptized, and they said to him, "Teacher, what should we do?" Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
13 "Collect no more than you are required to," he told them. Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
14 Soldiers also asked him, "And us—what should we do?" He said to them, "Don't extort anyone by force or false charges; be satisfied with your wages." Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
15 The people were expectant, all wondering in their hearts whether John himself might be the Christ. Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye,
16 John answered them all, "I baptize you with water. But one stronger than I is coming—I'm not worthy to untie his sandal strap. He will baptize you with the Holy Spirit and fire. Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.
17 Winnowing fork in hand, he will clear his threshing floor, gather the wheat into his barn, but burn the chaff with fire that can't be put out." Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”
18 And with many other words of exhortation, John proclaimed the good news to the people. Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.
19 But John confronted Herod the tetrarch about Herodias, his brother's wife, and about all the evil Herod had done, Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo,
20 Herod added this to all the rest: he locked John up in prison. Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon.
21 When all the people were baptized, Jesus was baptized too. As he prayed, heaven opened, Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri,
22 and the Holy Spirit descended on him in bodily form like a dove. And a voice came from heaven: "You are my beloved Son; in you I delight." e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
23 Jesus was about thirty when he began his ministry, the son—so it was thought—of Joseph, son of Heli, Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli,
24 the son of Matthat, the son of Levi, the son of Melchi, the son of Jannai, the son of Joseph, fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph,
25 the son of Mattathias, the son of Amos, the son of Nahum, the son of Esli, the son of Naggai, fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï,
26 the son of Maath, the son of Mattathias, the son of Semein, the son of Josech, the son of Joda, fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda,
27 the son of Joanan, the son of Rhesa, the son of Zerubbabel, the son of Shealtiel, the son of Neri, fis a Joanan, fis a Rhésa, fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri,
28 the son of Melchi, the son of Addi, the son of Cosam, the son of Elmadam, the son of Er, fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er,
29 the son of Joshua, the son of Eliezer, the son of Jorim, the son of Matthat, the son of Levi, fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi
30 the son of Simeon, the son of Judah, the son of Joseph, the son of Jonam, the son of Eliakim, fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim,
31 the son of Melea, the son of Menna, the son of Mattatha, the son of Nathan, the son of David, fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David,
32 the son of Jesse, the son of Obed, the son of Boaz, the son of Salmon, the son of Nahshon, fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason,
33 the son of Amminadab, the son of Admin, the son of Arni, the son of Hezron, the son of Perez, the son of Judah, fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda
34 the son of Jacob, the son of Isaac, the son of Abraham, the son of Terah, the son of Nahor, fis a Jacob, fis a Isaac fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor,
35 the son of Serug, the son of Reu, the son of Peleg, the son of Eber, the son of Shelah, fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala,
36 the son of Cainan, the son of Arphaxad, the son of Shem, the son of Noah, the son of Lamech, fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, fis a Noé, fis a Lamech,
37 the son of Methuselah, the son of Enoch, the son of Jared, the son of Mahalalel, the son of Cainan, fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan,
38 the son of Enosh, the son of Seth, the son of Adam, the son of our Father. fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]