Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In those days Caesar Augustus issued a decree to register the whole inhabited world. Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete.
2 This was the first registration, when Quirinius was governor of Syria. Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie.
3 Everyone went to be registered, each to his own town. Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.
4 Joseph too went up from Galilee, from the town of Nazareth, to Judea, to the city of David called Bethlehem, since he belonged to David's house and family, Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David,
5 to be registered with Mary, his fiancée, who was expecting a child. pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.
6 While they were there, the time came for her to give birth. Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche.
7 She gave birth to her firstborn son, wrapped him in cloths, and laid him in a manger, because the inn had no place for them. Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.
8 Shepherds were in that same region, staying out in the fields, keeping watch over their flock by night. Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.
9 An angel of our Father stood before them; the glory of our Father shone around them, and great fear seized them. Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz.
10 The angel told them, "Don't be afraid—I bring good news of great joy for everyone: Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.
11 Today in the city of David, a Savior was born to you—Christ the Lord. Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.
12 This is your sign: you'll find a baby wrapped in cloths, lying in a manger." Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”
13 Suddenly there was with the angel a multitude of the heavenly host, praising our Father and saying, Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:
14 "Glory to our Father in the highest, and on earth peace among those with whom he is pleased!" “Glwa a Bondye nan pi wo a, e sou latè a, lapè pami lèzòm ki fè L kontan yo.”
15 When the angels left them for heaven, the shepherds said to each other, "Let's go straight to Bethlehem and see this thing that has happened, which our Father has made known to us." Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”
16 They hurried off and found Mary and Joseph, and the baby lying in the manger. Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a.
17 When they saw him, they made known what had been told them about this child. Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a.
18 All who heard were amazed at what the shepherds told them. Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.
19 But Mary treasured up all these things, pondering them in her heart. Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.
20 The shepherds returned, glorifying and praising our Father for all they'd heard and seen, just as they were told. Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.
21 When eight days for his circumcision were complete, he was named Jesus, the name the angel gave before he was conceived in the womb. Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.
22 When their days of purification under the Law of Moses ended, they brought him up to Jerusalem to present him to our Father, Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a.
23 (as it is written in our Father's Law, "Every firstborn male will be called holy to our Father"), (Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”),
24 and to offer a sacrifice as the Law of our Father says: a pair of turtledoves or two young pigeons. epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, “yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”
25 In Jerusalem lived a man named Simeon, righteous and devout, waiting for Israel's comfort, with the Holy Spirit on him. Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li.
26 The Holy Spirit had revealed to him he wouldn't die before seeing our Father's Christ. Li te revele a li menm ke li pa t ap wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a.
27 Prompted by the Spirit, he entered the temple. As the parents brought in the child Jesus to do for him what the Law required, Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, pou akonpli pou Li koutim Lalwa a.
28 Simeon took him up in his arms and blessed our Father, saying, Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:
29 "Sovereign Father, now you are letting your servant depart in peace, according to your word. “Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a pati anpè selon pawòl Ou.
30 For my eyes have seen your salvation, Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,
31 which you have prepared in the presence of all peoples: ke ou prepare devan tout nasyon yo;
32 a light for revelation to the Gentiles, and for glory to your people Israel." “yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”
33 His father and mother were amazed at what was said about him. Papa L avèk manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.
34 And Simeon blessed them and told Mary, his mother, "This child is appointed for the fall and rising of many in Israel, and to be a sign that is opposed, Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.
35 and a sword will pierce through your own soul also—so that thoughts from many hearts may be revealed." Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”
36 Also there was Anna, a woman prophet, daughter of Phanuel of Asher's tribe, very old, having lived with her husband seven years after her virginity, Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la,
37 and a widow until eighty-four, never leaving the temple, worshiping with fasting and prayer night and day. answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè.
38 Coming up at that same hour, she gave thanks to our Father and spoke of the child to all awaiting Jerusalem's redemption. Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.
39 When they finished everything required by our Father's Law, they returned to Galilee, to their own town of Nazareth. Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan pwòp vil pa yo, nan Nazareth.
40 The child grew, becoming strong, filled with wisdom, and our Father's favor was on him. Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.
41 Now his parents went to Jerusalem every year at the Feast of Passover. Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.
42 When he was twelve years old, they went up according to the custom of the feast. Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la.
43 When the festival ended and they left for home, the boy Jesus stayed behind in Jerusalem, unknown to his parents. Pandan yo t ap retounen, apre tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa.
44 Thinking he was in the group, they traveled a day's journey, then searched for him among relatives and acquaintances. Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.
45 When they did not find him, they returned to Jerusalem, searching for him. Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li.
46 After three days they found him in the temple, sitting among the teachers, listening to them and asking them questions. Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li t ap chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon.
47 All who heard him were amazed at his understanding and his answers. Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.
48 When his parents saw him, they were astonished. His mother said, "Child, why have you done this to us? Look, your father and I have been anguished, searching for you." Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”
49 He said to them, "Why were you searching for me? Didn't you know I must be in my Father's house?" Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?”
50 But they did not understand the saying that he spoke to them. Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.
51 Then he went down with them and came to Nazareth, remaining obedient to them. His mother kept all these things in her heart. Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.
52 Jesus increased in wisdom and stature and in favor with our Father and with people. Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]