Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Since many have undertaken to compile an ordered account of what has been accomplished among us. Akoz gen anpil moun ki deja antreprann pou rasanble yon listwa de bagay ki te fèt pami nou yo,
2 Just as eyewitnesses from the beginning and servants of the word handed these accounts to us, jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.
3 I too, having traced everything accurately from the start, decided to write it in order for you, most excellent Theophilus, Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, chè ekselans Théophile.
4 so that you may know the certainty of the things you have been taught. Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te enstwi yo.
5 In the days of Herod, king of Judea, a priest named Zechariah was in Abijah's priestly division. His wife Elizabeth descended from Aaron. Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth.
6 They were both righteous before our Father, walking blamelessly in all his commandments and ordinances. Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.
7 But they had no child, because Elizabeth was barren, and both were very old. Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.
8 Now while he was serving as priest before our Father when his division was on duty, Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l,
9 by priestly custom, lot chose him to enter his sanctuary and burn incense. selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan.
10 And the whole crowd of the people were praying outside at the hour of incense. Tout foul pèp la t ap priye deyò a nan lè ofrann lansan an.
11 Then an angel of our Father appeared to him, standing at the right of the altar of incense. Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an.
12 Zechariah was shaken when he saw him, and fear came over him. Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li.
13 The angel said to him, "Don't be afraid, Zechariah—your prayer has been heard. Your wife Elizabeth will bear you a son; name him John. Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.
14 You will have joy and gladness; many will rejoice at his birth. Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
15 He will be great before our Father, must never drink wine or other alcoholic drinks, and he will be filled with the Holy Spirit even from his mother's womb. “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.
16 And he will turn many of the children of Israel back to their Father. Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a.
17 He will go before our Father in Elijah's spirit and power, turning fathers' hearts to their children, and the disobedient to the wisdom of the righteous, to prepare a people ready for our Father." Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”
18 Zechariah said to the angel, "How will I know this? I'm old, and my wife is well along in years." Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”
19 The angel answered him, "I am Gabriel, who stands in our Father's presence, sent to speak to you and bring you this good news. Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a.
20 And now you will be silent, unable to speak, until the day these things happen, because you did not believe my words, which will come true in their time." Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”
21 Meanwhile the people waited for Zechariah, wondering why he stayed so long in the sanctuary. Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan.
22 When he came out, he could not speak to them, and they knew he had seen a vision in the sanctuary. He kept motioning to them and stayed mute. Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.
23 And when his days of service were ended, he went home. Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li.
24 After these days his wife Elizabeth became pregnant, and for five months she kept herself hidden, saying, Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di:
25 "This is what our Father did for me, in the days he looked on me, to remove my disgrace among people." “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”.
26 In month six our Father sent the angel Gabriel to a Galilee town called Nazareth, Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth,
27 to a virgin engaged to a man named Joseph, of the house of David; the virgin's name was Mary. a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie.
28 And he came to her and said, "Greetings, favored one! Our Father is with you." Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye se avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”
29 But she was greatly troubled by his words, and wondered what kind of greeting this might be. Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.
30 The angel said to her, "Don't be afraid, Mary, for you have found favor with our Father. Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye.
31 You will conceive in your womb and bear a son, and you will call his name Jesus. Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus.
32 He will be great and called Son of the Most High, and our Father will give him the throne of his father David, Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David.
33 and he will reign over Jacob's house forever; his kingdom will never end." Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.”
34 And Mary said to the angel, "How will this be, since I am a virgin?" Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”
35 The angel answered her, "The Holy Spirit will come over you, and the Most High's power will shadow you; so the holy child born will be called the Son of our Father. Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye.
36 Look, your relative Elizabeth has also conceived a son in her old age—this is the sixth month for her called barren. Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li.
37 For nothing will be impossible with our Father." Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”
38 Mary said, "I am the servant of our Father; let it happen to me as you said." Then the angel left her. Marie te di li: “Men gade, sèvant-dedike a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.
39 In those days Mary got up and hurried to the hill country, to a town in Judah, Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda.
40 and she entered the house of Zechariah and greeted Elizabeth. Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth.
41 When Elizabeth heard Mary's greeting, her baby leaped in her womb, and she was filled with the Holy Spirit. Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an.
42 She cried out with a loud voice, "Blessed are you among women, blessed is the fruit of your womb! Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an!
43 And why is this granted to me, that the mother of my Lord should come to me? Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen?
44 For the moment I heard your greeting, the baby in my womb leaped for joy. Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa.
45 Blessed is she who believed that there would be a fulfillment of what our Father spoke to her." Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”
46 And Mary said, "My soul magnifies our Father, Marie te di: “Nanm mwen egzalte Senyè a,
47 and my spirit rejoices in our Father, my Savior, Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.
48 for he has looked on the humble estate of his servant. For from now on all generations will call me blessed; Paske li te gade eta ba sèvant Li an; paske gade byen, soti nan moman sa a jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.
49 for the Mighty One has done great things for me, and holy is his name. Paske Toupwisan an te fè gwo bagay pou mwen. Non Li sen.
50 And his mercy is for those who fear him from generation to generation. Epi mizerikòd Li sou jenerasyon apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.
51 He has shown strength with his arm; he has scattered the proud in the thoughts of their hearts; Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.
52 he has brought down the mighty from their thrones and lifted up the humble; Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo.
53 he has filled the hungry with good things, and the rich he has sent away empty. Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay; e Li voye rich yo ale avèk men vid.
54 He has helped his servant Israel, in remembrance of his mercy, Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a, kon yon sonj mizerikòd Li,
55 just as he spoke to our fathers, to Abraham and to his offspring forever." jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”.
56 And Mary remained with her about three months and then returned to her home. Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li.
57 Now the time came for Elizabeth to give birth, and she bore a son. Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis.
58 Her neighbors and relatives heard our Father had shown her great mercy, and rejoiced with her. Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li.
59 On the eighth day they came to circumcise the child, and were going to call him Zechariah after his father, Li te vin rive ke nan uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li.
60 but his mother answered, "No; he will be called John." Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men l ap rele Jean.”
61 And they said to her, "None of your relatives is called by this name." Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.”
62 And they made signs to his father, asking what Zechariah wanted the child to be called. Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li.
63 He asked for a tablet and wrote, "His name is John." And everyone was amazed. Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone.
64 And immediately his mouth was opened and his tongue loosed, and he spoke, blessing our Father. Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye.
65 Fear fell on all their neighbors, and all these things were talked about throughout Judea's hill country. Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo.
66 And all who heard kept these things in their hearts, saying, "What then will this child become?" For our Father's hand was with him. Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.
67 And his father Zechariah was filled with the Holy Spirit and prophesied, saying, Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:
68 "Blessed be our Father of Israel, for he has visited and redeemed his people, Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.
69 and has raised up a mighty Savior for us in the house of his servant David, Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a.
70 as he spoke through the mouth of his holy prophets long ago, Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,
71 that we should be saved from our enemies and from the hand of all who hate us; Delivrans sou lènmi nou yo, ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;
72 to show the mercy promised to our fathers and to remember his holy covenant, pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,
73 the oath that he swore to our father Abraham, to grant us, Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,
74 that we, being delivered from the hand of our enemies, might serve him without fear, pou pèmèt ke nou menm, ki te delivre nan men lènmi nou yo, ta kapab sèvi Li san krent,
75 in holiness and righteousness before him all our days. nan sentete ak ladwati devan Li, pandan tout jou nou yo.
76 And you, child, will be called the prophet of the Most High; for you will go before the Lord to prepare his ways, Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;
77 to give his people the knowledge of salvation through the forgiveness of their sins, pou bay pèp Li a konesans a sali a, pou padon peche pa yo.
78 because of the tender mercy of our Father, by which the sunrise from on high will visit us, Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.
79 to give light to those who sit in darkness and in the shadow of death, to guide our feet into the way of peace." Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò a, pou gide pye nou nan chemen lapè a.
80 The child grew, became strong in spirit, and lived in the wilderness until the day he appeared publicly to Israel. Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]