Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the Sabbath ended, Mary Magdalene, Mary the mother of James, and Salome bought spices to go anoint him. Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.
2 Very early on the first day of the week, just after sunrise, they went to the tomb. Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve.
3 They asked each other, "Who will roll the stone away from the tomb's entrance for us?" E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
4 But looking up, they saw the stone—very large—already rolled away. Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo.
5 They entered the tomb and saw a young man dressed in a white robe, seated on the right. They were alarmed. Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
6 "Don't be alarmed," he said. "You're looking for Jesus the Nazarene, who was crucified. He's risen—he isn't here. Look, the place they laid him. Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.
7 But go, tell his disciples and Peter, 'He goes ahead of you to Galilee. You will see him there, as he told you.'" Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
8 Trembling and amazed, the women fled the tomb, telling no one—they were afraid. Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
9 Rising early the first day of the week, Jesus appeared first to Mary Magdalene, from whom he had driven seven demons. Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.
10 She went and told those who had been with him, who were mourning and weeping. Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye.
11 Hearing Jesus was alive and seen by her, they did not believe it. Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.
12 Afterward Jesus appeared, in a different form, to two of them walking in the country. Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò.
13 They went back and reported it to the others, but they did not believe them either. Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis.
14 Later Jesus appeared to the eleven as they reclined at a meal and rebuked their lack of faith and hardness of heart, because they hadn't believed those who saw him risen. Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
15 He said to them, "Go into all the world and proclaim the good news to all creation. Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.
16 Whoever believes and is baptized will be saved, but whoever does not believe will be condemned. Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.
17 And these signs will follow those who believe: in my name they'll drive out demons, speak in new tongues. Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf;
18 They will pick up snakes with their hands; if they drink deadly poison, it won't harm them; they will lay hands on the sick, and they will recover." yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”
19 After speaking to them, the Lord Jesus was taken up into heaven and sat at the right hand of our Father. Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.
20 They went out and preached everywhere, the Lord working with them, confirming his word through accompanying signs. Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]