Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At dawn the chief priests, elders, scribes, and the whole council consulted together, bound Jesus, led him away, and handed him over to Pilate. Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.
2 Pilate asked him, "Are you the King of the Jews?" "You say so," Jesus replied. Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
3 The chief priests kept accusing him of many things. Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.
4 So Pilate questioned him again: "Have you no answer? See how many charges they bring against you." Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”
5 But Jesus said nothing more, and Pilate was amazed. Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.
6 Now at the festival, Pilate used to release one prisoner for them—whoever they asked for. Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo.
7 A man called Barabbas was in prison with the rebels who had committed murder during the uprising. Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun.
8 The crowd came up and began asking Pilate to do for them what he always did. Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a.
9 "Do you want me to release for you the King of the Jews?" Pilate answered, Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?”
10 for he knew it was out of envy that the chief priests had handed him over. Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.
11 But the chief priests stirred up the crowd to have him release Barabbas for them instead. Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
12 "So what do you want me to do with the one you call King of the Jews?" Pilate asked them again. Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”
13 Crucify him!" they shouted back. Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”
14 "Why? What evil has he done?" Pilate asked. But they shouted all the louder, "Crucify him!" Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”
15 To satisfy the crowd, Pilate released Barabbas to them. He had Jesus flogged, and handed him over to be crucified. Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.
16 Soldiers led him away into the palace (the governor's headquarters) and called together the whole company of soldiers. Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye.
17 They dressed him in purple, twisted together a crown of thorns, and set it on him. Yo te abiye Li an mov, e lè yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li.
18 And they began to salute him: "Hail, King of the Jews!" Konsa, yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!”
19 They kept beating his head with a staff, spat on him, and knelt in mock homage to him. Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li.
20 After mocking him, they stripped off the purple and put his own clothes on him, then led him out to crucify him. Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li.
21 They forced a passerby coming from the countryside—Simon of Cyrene, father of Alexander and Rufus—to carry his cross. Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.
22 They brought Jesus to the place called Golgotha (which means Place of a Skull). Konsa, yo te mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt.
23 They offered him wine mixed with myrrh, but he did not take it. Yo te eseye bay Li diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li.
24 They crucified him. They divided his clothes among them, casting lots for what each would get. Epi yo te krisifye Li e te divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.
25 It was nine in the morning when they crucified him. Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.
26 The written notice of the charge against him read: THE KING OF THE JEWS. Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.
27 They crucified two rebels with him, one on his right and one on his left. Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li.
28 Not in this edition Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”
29 Those passing by insulted him, shaking their heads, saying, "Ha! You who tear down the temple and build it in three days, Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou.
30 save yourself and come down from the cross!" Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”
31 Likewise the chief priests and scribes mocked him among themselves: "He saved others; himself he can't save. Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.”
32 Let the Christ, King of Israel, come down from the cross now, so we can see and believe." Those crucified with him also insulted him. “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
33 At noon, darkness came over the whole land until three in the afternoon. Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
34 At three in the afternoon Jesus cried out loudly, "Eloi, Eloi, lema sabachthani?" meaning, "My God, my God, why have you forsaken me?" Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
35 When some of those standing nearby heard this, they said, "Listen, he's calling Elijah." Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”
36 One ran, filled a sponge with sour wine, put it on a reed, and gave him a drink. "Let him be," he said, "let's see if Elijah comes to take him down." Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
37 With a loud cry, Jesus breathed his last. Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.
38 And the curtain of the temple was torn in two from top to bottom. Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.
39 The centurion facing Jesus saw how he breathed his last and said, "Truly this man was the Son of God." Lè santenye Women nan, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”
40 Women were also watching from a distance, including Mary Magdalene, Mary the mother of James the younger and Joses, and Salome. Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, avèk Joset, e Salomé.
41 These women had followed him in Galilee and served him; many others who came up with him to Jerusalem were also there. Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
42 Evening had come, and since it was Preparation Day—the day before the Sabbath. Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a,
43 Joseph of Arimathea, a prominent council member who himself was waiting for the kingdom of our Father, dared to go to Pilate and ask for Jesus' body. Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
44 Pilate was surprised he was already dead; summoning the centurion, he asked if Jesus had been dead long. Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja.
45 When he learned from the centurion that it was so, he granted the body to Joseph. Konsa, lè l vin konprann sa selon santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.
46 Joseph bought linen, took the body down, wrapped it in the cloth, and laid it in a tomb cut from rock. Then he rolled a stone against the tomb's entrance. Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.
47 Mary Magdalene and Mary the mother of Joses saw where he was laid. Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]