1Two days before Passover and Unleavened Bread, the chief priests and scribes were looking for a way to seize Jesus by trickery and kill him.hatbsaAlò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fète nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li.
2For they said, "Not during the feast, or the people might riot."hatbsaPaske yo t ap di: “Pa pandan fèt la, otreman sa kab fè pèp la fè twoub.”
3While he was in Bethany, in Simon the leper's house, reclining at the table, a woman came with an alabaster flask of pure nard perfume, very costly. She broke the flask and poured it on his head.hatbsaPandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.
4There were some who said to themselves indignantly, "Why was this perfume wasted like that?hatbsaMen kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a?
5For this perfume could have sold for over 300 denarii and given to the poor." And they scolded her.hatbsaPaske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.
6But Jesus said, "Leave her alone. Why trouble her? She has done a beautiful thing for me.hatbsaMen Jésus te di: “Lese li. Poukisa nou ap twouble li? Li fè M yon bon zèv.
7For the poor are always with you, and you can do good for them whenever you want; but you won't always have me.hatbsaPaske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.
8She has done what she could; she has anointed my body beforehand for burial.hatbsaLi fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.
9Truly, I tell you, wherever the gospel is preached worldwide, what she did will be told in memory of her."hatbsaAnverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”
10Then Judas Iscariot, one of the twelve, went to the chief priests to betray Jesus to them.hatbsaJudas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm.
11Hearing this, they were glad and promised him money. So he looked for a chance to betray Jesus.hatbsaYo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
12On the first day of Unleavened Bread, when they sacrificed the Passover lamb, his disciples asked him, "Where do you want us to go and prepare for you to eat the Passover?"hatbsaNan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
13He sent two of his disciples, "Go into the city; a man carrying a jar of water will meet you. Follow him,hatbsaLi te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li.
14and wherever he enters, tell the house's owner, 'The Teacher says: Where is my guest room, where I may eat the Passover with my disciples?'hatbsaEpi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la mande: ‘Kote chanm vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
15And he will show you a large upper room furnished and ready; there prepare for us."hatbsaLi menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”
16The disciples left, went to the city, found things as he had told them, and prepared the Passover.hatbsaKonsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
17And when it was evening, Jesus came with the twelve.hatbsaLè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
18While they reclined and ate, Jesus said, "Truly, I tell you, one of you will betray me, one eating with me."hatbsaPandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”
19They began to grieve and ask him, one by one, "Is it I?"hatbsaYo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”
20He said to them, "One of the twelve, dipping bread with me into the dish.hatbsaLi te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan.
21The Son of Man goes as the Scriptures said about him, but how terrible for that man who betrays him—better if he had never been born."hatbsaPaske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
22As they ate, he took bread, blessed it, broke it, gave it to them, and said, "Take; this is my body."hatbsaPandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”
23He took a cup, gave thanks, gave it to them, and they all drank from it.hatbsaLi te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann.
24He said to them, "This is my blood of the covenant, poured out for many.hatbsaKonsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun.
25Truly I tell you, I will not drink wine again until that day when I drink it new in the kingdom of our Father."hatbsaAnverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
26And when they had sung a hymn, they went out to the Mount of Olives.hatbsaApre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
27Jesus said to them, "You will all stumble, for it's written: 'I will strike the shepherd, and the sheep will be scattered.'hatbsaJésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswe a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje atè a, e mouton yo va gaye’.
28But after I am raised up, I will go ahead of you to Galilee."hatbsa“Men apre M fin leve, M ap prale devan nou Galilée.”
29Peter said to him, "Even though they all fall away, I will not."hatbsaMen Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”
30Jesus said to him, "Truly I tell you, today, this night, before the rooster crows twice, you will deny me three times."hatbsaJésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”
31But he insisted, "Even if I must die with you, I will never deny you." They all said the same.hatbsaMen Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
32They arrived at a place called Gethsemane, and he told his disciples, "Sit here while I pray."hatbsaYo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.”
33He took Peter, James, and John, and began to feel deep distress and anguish.hatbsaLi te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble.
34He said to them, "My soul is crushed with grief, to death. Stay here and stay alert."hatbsaLi te di yo: “Nanm Mwen gen yon tristès pwofon; jis nan pwen pou M mouri. Rete la e veye toujou.”
35Going a little farther, he fell to the ground and prayed that, if possible, the hour would pass from him.hatbsaLi te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li.
36He said, "Abba, Father, all things are possible for you. Take this cup from me—but let it be your will, not mine."hatbsaLi t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”
37He returned, found them asleep, and said to Peter, "Simon, are you asleep? Couldn't you stay awake one hour?hatbsaLi vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Simon, èske w ap dòmi? Èske ou pa t kapab rete veye pou yon sèl èdtan?
38Watch and pray, so you don't fall into temptation. The spirit is willing, but the flesh is weak."hatbsaKontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè la fèb.”
39And again he went away and prayed, saying the same words.hatbsaKonsa, yon lòt fwa Li te ale priye, e te di menm mo yo.
40Again he found them sleeping, eyes heavy, not knowing how to answer him.hatbsaAnkò, Li te vini e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Ni yo pa t konnen kisa pou yo ta di Li.
41He came a third time and said, "Still sleeping and resting? Enough—the hour has come. Look, the Son of Man is handed over into the hands of sinners.hatbsaLi te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “ Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo.
42Rise, let us be going; see, my betrayer is here."hatbsaLeve! An ale nou! Gade, sila a ki trayi M nan parèt.”
43While he was still speaking, Judas—one of the twelve—arrived, and with him a crowd with swords and clubs from the chief priests, scribes, and elders.hatbsaNan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
44His betrayer had given them a signal: "The one I kiss is him—seize him and take him away securely."hatbsaAlò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.”
45He came up to Jesus at once, said, "Rabbi!" and kissed him.hatbsaLè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li.
46And they laid hands on him and seized him.hatbsaYo te mete men sou Li e te sezi Li.
47One of the bystanders drew his sword, struck the high priest's servant, and cut off his ear.hatbsaMen yon sèten mesye nan sila ki te kanpe la yo te rale nepe li. Li te frape esklav a wo prèt la, e te koupe retire zòrèy li.
48Jesus said to them, "Have you come out with swords and clubs to seize me, like a robber?hatbsaJésus te reponn e te di yo: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta kab kont yon vòlè?
49Every day I was with you in the temple teaching, and you didn't arrest me. But let the Scriptures be fulfilled."hatbsaChak jou Mwen te avèk nou nan tanp la ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.”
50And they all left him and fled.hatbsaKonsa, yo tout te kouri kite Li.
51And a young man followed him, wearing nothing but a linen cloth. And they seized the young man,hatbsaYon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li,
52but he left the linen cloth and ran away naked.hatbsamen li te rale kò l pou l kite dra a, e chape toutouni.
53They led Jesus to the high priest, and all the chief priests and elders and scribes gathered.hatbsaYo te mennen Jésus ale vè wo prèt la. Tout chèf prèt avèk ansyen yo, ak skrib yo te reyini ansanm.
54Peter had followed at a distance, all the way into the high priest's courtyard, and sat with the guards, warming himself by the fire.hatbsaPierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.
55The chief priests and the whole council sought testimony against Jesus to put him to death, but found none.hatbsaAlò, chèf prèt yo avèk tout konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen.
56For many gave false testimony against him, but their testimony did not agree.hatbsaPaske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn.
57And some stood up and gave false testimony against him, saying,hatbsaKèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di:
58"We heard him say, 'I will destroy this temple made by hands, and in three days build another not made by hands.'"hatbsa“Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’”
59Yet even about this their testimony did not agree.hatbsaEpi menm nan sa a, temwayaj yo pa t koresponn.
60The high priest stood up in the midst and asked Jesus, "You have no answer? What are these men testifying against you?"hatbsaWo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
61He stayed silent, answered nothing. Again the high priest asked him, "Are you the Christ, the Son of the Blessed?"hatbsaMen Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”
62Jesus said, "I AM, and you will see the Son of Man seated at the right hand of the Mighty One and coming with heaven's clouds."hatbsaJésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e vini avèk nwaj nan syèl yo.”
63And the high priest tore his clothes and said, "What further witnesses do we need?hatbsaKonsa, wo prèt la te chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò?
64You have heard his blasphemy. What is your decision?" And they all condemned him as deserving death.hatbsaNou tande blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?” Konsa, yo tout te kondane Li, ke Li te merite lanmò.
65Some began spitting on him, covering his face, and punching him, saying to him, "Prophesy!" Then the guards slapped him.hatbsaEpi kèk te kòmanse krache sou Li, e bat Li avèk kout pwen. Yo t ap di L: “Pwofetize!” Ofisye yo te fwape L ak kalòt nan figi.
66While Peter was below in the courtyard, one of the high priest's servant girls came,hatbsaPierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini.
67seeing Peter warming himself, she looked at him and said, "You too were with the Nazarene, Jesus."hatbsaE lè l wè Pierre ki t ap chofe kò l, li byen gade l e te di: “Ou te la tou avèk Jésus, Nazareyen an.”
68But he denied it: "I don't know or understand what you mean." Then he went out to the entrance, and a rooster crowed.hatbsaMen Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.
69The servant girl saw him and again told the bystanders, "This man is one of them."hatbsaSèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!”
70But he denied it again. A little later the bystanders again told Peter, "You truly are one of them, for you're a Galilean."hatbsaMen ankò, li t ap demanti sa a. E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, paske ou menm osi se yon Galilyen.”
71He began to call down curses on himself and swear, "I don't know this man you're talking about."hatbsaMen li te kòmanse bay madichon e joure: “Mwen pa konnen nonm sila a ke n ap pale a.”
72At once a rooster crowed a second time. Peter remembered Jesus' words: "Before the rooster crows twice, you will deny me three times." He broke down and wept.hatbsaImedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.