Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Leaving the temple, one of his disciples said to him, "Teacher, look! What huge stones, what magnificent buildings!" Pandan Li t ap sòti nan tanp lan, youn nan disip Li yo te di Li: “Mèt, gade! A la bèl wòch, e a la bèl konstriksyon!”
2 Jesus said to him, "Do you see these great buildings? Not one stone will remain here on another; all will be torn down." Jésus te di li: “Ou wè gwo konstriksyon sa yo? Pa menm yon wòch va rete sou yon lòt ki p ap dekonble.”
3 As he sat on the Mount of Olives facing the temple, Peter, James, John, and Andrew asked him privately, Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.
4 tell us, when will these things happen, and what sign shows all this is about to be fulfilled? “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”
5 Jesus began to tell them: "Watch out that no one deceives you. Epi Jésus te kòmanse di yo: “Veye ke pèsòn pa mete nou nan erè.
6 Many will come in my name, claiming, 'I am he,' and they will deceive many. Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè.
7 When you hear of wars and rumors of wars, don't be troubled—these must happen, but the end isn't yet. Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen.
8 Nation will rise against nation, kingdom against kingdom, earthquakes in various places, famines—these are the beginning of birth pains. Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.
9 Watch yourselves. They'll hand you to councils and beat you in synagogues. Because of me you'll stand before governors and kings, as a testimony to them. “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.
10 And the gospel must first be proclaimed to all nations. Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo.
11 When they arrest and hand you over, don't worry beforehand what to say. Say whatever you're given in that hour—it's not you speaking, but the Holy Spirit. “Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.
12 Brother will betray brother to death, father his child. Children will rise against parents and have them put to death. “Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò.
13 All will hate you for my name, but whoever endures to the end will be saved. Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.
14 When you see the abomination of desolation standing where it should not be (reader, take note), those in Judea must flee to the mountains. “Men lè nou wè Abominasyon Dezolasyon an, sila ke Daniel te pale a, k ap kanpe kote li pa ta dwe ye,” (ke sila k ap li sa a konprann), “alò, kite sila ki nan Juda yo kouri ale nan mòn yo.
15 Let no one on the housetop go down or enter the house to take anything out. Epi kite sila ki sou do kay yo pa desann antre ladann pou pran anyen nan kay la.
16 Let no one in the field go back to get their coat. Epi kite sila ki nan chan an pa retounen pran vètman li.
17 How dreadful it will be in those days for pregnant women and nursing mothers! Men malè a sila avèk pitit nan vant yo, ak sila ki nouris nan jou sa yo.
18 Pray that it will not happen in winter, “Men priye ke sa pa rive nan sezon fwedi.
19 for those days will bring suffering unmatched since our Father created the world until now—and never to be matched again. Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.
20 Had the Sovereign not shortened those days, no one would survive; but the Sovereign shortened them for the elect he chose. “Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout.
21 Then if anyone tells you, 'Look, here is the Christ!' or 'Look, there!' don't believe it. E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li.
22 False christs and false prophets will appear, performing signs and wonders to deceive the elect, if possible. Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo.
23 So be on your guard; I have told you everything ahead of time. Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.
24 But in those days, after that suffering, the sun will darken, and the moon will not give its light; “Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè.
25 the stars will fall from the sky, and the powers in the heavens will be shaken. Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.
26 Then they will see the Son of Man coming in clouds with great power and glory. “Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa.
27 He will send his angels and gather his chosen from the four winds, from earth's ends to heaven's ends. Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.
28 Learn this from the fig tree: once its branch softens and leaves sprout, you know summer is near. “Alò, konprann parabòl de pye fig etranje a. Lè branch li vin vèt, e l ap pouse fèy, nou konnen ke gran sezon an prèt pou rive.
29 So also, when you see these things happening, know it's near, at the door. Menm jan an nou menm, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke Li menm Li prè, Li nan pòt la menm.
30 Truly I tell you, this generation will certainly not pass away until all these things have happened. Anverite Mwen di nou, jenerasyon sila p ap gen tan pase jouk lè ke tout bagay sa yo fèt.
31 Heaven and earth will pass away, but my words will never pass away. Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase.
32 But no one knows that day or hour—not the angels in heaven, not the Son, only the Father. “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
33 Be on guard! Stay alert! For you do not know when that time will come. Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a.
34 Like a man on a journey: he leaves his house, gives his servants authority—each his own task—and orders the doorkeeper to stay alert. Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.
35 So stay alert, since you don't know when the master of the house comes—evening, midnight, rooster's crow, or dawn. “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten;
36 Otherwise, if he comes suddenly, he may find you sleeping. sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi.
37 What I say to you, I say to everyone: Keep watch!" E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]