Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He began speaking to them in parables: "A man planted a vineyard, fenced it in, dug a winepress pit, built a watchtower, rented it to farmers, and left. Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.
2 At harvest time he sent a servant to the tenants to collect some of the vineyard's fruit. Nan lè rekòlt la, li te voye yon esklav li kote kiltivatè yo pou l ta kapab resevwa kèk nan pwodwi jaden an nan men a kiltivatè yo.
3 But they seized him, beat him, and sent him away empty-handed. Konsa, yo te pran li, yo te bat li, e te voye li ale men vid.
4 Again he sent them another servant; they hit him on the head and dishonored him. Ankò li te voye yon lòt esklav. Yo te blese li nan tèt, e te maltrete l byen maltrete.
5 And he sent another, and they killed him—then many more, beating some and killing others." Epi li voye yon lòt. Sila a yo te touye. E anpil lòt; kèk yo te bat, e kèk yo te touye.
6 He had still one, a beloved son; last he sent him to them, saying, "They will respect my son." “Li te gen youn anplis, yon fis byeneme. Konsa, an dènye lye, li te voye li bay yo. Li te di: ‘Yo va respekte fis mwen an’.
7 "But the tenants said to each other, 'This is the heir. Come, let's kill him—the inheritance will be ours.' “Men kiltivatè rezen sa yo te di youn ak lòt: ‘Sa se eritye a; vini, annou touye l e jete l deyò jaden an, e eritaj la ap vin pou nou!’
8 So they took him and killed him and threw him out of the vineyard. Epi yo te pran li, yo te touye li, e te jete li deyò jaden an.
9 So what will the vineyard's owner do? He'll come, destroy the tenants, and give the vineyard to others. “Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun.
10 Have you not read this Scripture: 'The stone the builders rejected has become the cornerstone; Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?: ‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a; sila a te devni wòch ang prensipal la.
11 this was our Father's doing, and it is marvelous in our eyes'?" Sa te vin rive soti nan Bondye, e se yon mèvèy nan zye nou.’?”
12 They wanted to arrest him but feared the crowd, knowing he'd told the parable against them. So they left him and went away. Konsa, yo t ap chache sezi li; malgre yo te pè foul la, paske yo te konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. Konsa, yo te kite Li e te ale.
13 They sent some of the Pharisees and Herodians to trap him in his words. Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li.
14 They came and said to him, "Teacher, we know you're true and don't care what anyone thinks, since you don't judge by appearance but truly teach our Father's way. Is it lawful to pay taxes to Caesar, or not? Should we pay, or should we not?" Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?
15 But, knowing their hypocrisy, he said to them, "Why are you testing me? Bring me a silver coin to look at." “Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?” Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”
16 They brought one, and he asked them, "Whose image and inscription is this?" They told him, "Caesar's." Epi yo te pote l. Li te di yo: “Se imaj ak non a ki moun ki la a?” Yo te di Li: “Se pou César”.
17 Jesus told them, "Give to Caesar what's Caesar's, and to our Father what's our Father's." They were amazed at him. Konsa, Jésus te di yo: “Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.
18 And the Sadducees came to him, who say there is no resurrection. And they questioned him, saying, Alò, Sadiseyen yo, ki di ke nanpwen rezirèksyon, te vin kote L e te kesyone L. Yo te di:
19 "Teacher, Moses wrote for us that if a man's brother dies leaving a wife but no child, the brother must marry her and raise up offspring for him. “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke ‘Si frè a yon nonm mouri, e kite dèyè l madanm li, san li pa gen pitit, ke frè l la dwe pran madanm nan pou fè yon eritye pou frè li a.’
20 There were seven brothers; the first married, and when he died, left no children. Te gen sèt frè; epi premye a te pran yon madanm, e li te mouri san fè eritye.
21 And the second married her, and he died leaving no children. And the third likewise. Epi dezyèm nan te pran l, e te mouri san kite eritye; epi twazyèm nan menm jan an,
22 And none of the seven left any children. Last of all the woman also died. Epi menm jan an tout sèt yo, san kite eritye. An dènye lye, fanm nan te mouri tou.
23 At the resurrection, when they rise, whose wife will she be? The seven had her as wife." Nan rezirèksyon an, lè yo leve ankò, se madanm a kilès l ap ye? Paske tout sèt yo te genyen l kòm madanm.”
24 Jesus said to them, "Isn't this why you're wrong—you know neither the Scriptures nor our Father's power? Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye?
25 For when the dead rise, they neither marry nor are given in marriage, but are like the angels in heaven. Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo.
26 About the dead being raised, haven't you read in Moses' book, in the passage about the bush, how our Father told him, 'I am the God of Abraham, of Isaac, and of Jacob'? Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?
27 He is not God of the dead, but of the living. You are badly mistaken." “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”
28 One scribe approached, heard them debate, saw Jesus answered well, and asked, "Which commandment is most important of all?" Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”
29 Jesus answered, "The most important is this: 'Hear, Israel: our Father is one.' Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a.
30 Love your Father with all your heart, with all your soul, with all your mind, with all your strength." Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’
31 "The second is this: 'Love your neighbor as yourself.' No commandment is greater than these." “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”
32 The scribe said to him, "Well said, Teacher. You've said truly that he is one, and there's no other besides him. Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm.
33 Loving him with all the heart, all the understanding, all the strength, and loving one's neighbor as oneself, matters far more than all whole burnt offerings and sacrifices." E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen nou tankou tèt ou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”
34 Seeing he answered wisely, Jesus said to him, "You are not far from the kingdom of our Father." After that, no one dared ask him any more questions. Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”. Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.
35 Teaching in the temple, Jesus asked, "How can the scribes say the Christ is the son of David? Jésus te kòmanse di pandan Li t ap enstwi nan tanp lan: “Kijan sa rive ke skrib yo di ke Kris la se fis a David la?
36 David himself said by the Holy Spirit: 'Our Father said to my Lord, "Sit at my right hand until I put your enemies under your feet."' Menm David te di nan Lespri Sen an: ‘Senyè a te di a Senyè Mwen an, chita sou men dwat Mwen, jouk lè ke M mete tout lènmi Ou yo anba pye Ou.’
37 "David himself calls the Christ Lord. How can the Christ be David's son?" The large crowd enjoyed listening to him. “David li menm rele Li ‘Senyè’, e nan ki sans Li kapab fis Li?” Gwo foul pèp la te kontan tande Li.
38 And in his teaching he said, "Beware of the scribes, who like walking in long robes and being greeted in the marketplaces, Nan enstriksyon Li, Li t ap di: “Fè atansyon kont skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo vètman, e ki renmen resevwa salitasyon ak respè nan mache a,
39 and to have the best seats in the synagogues and the places of honor at banquets, ak premye plas nan sinagòg yo, ak pozisyon lonè nan bankè yo,
40 who devour widows' houses and make long prayers just for show. These will receive the greater condemnation." ki devore kay vèv yo, e pou parèt byen, yo fè gwo priyè. Sila yo ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.”
41 Sitting across from the treasury, he watched the crowd drop coins in; many rich people dropped in large sums. Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann.
42 And a poor widow came and put in two small copper coins, worth a penny. Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43 Calling his disciples, he said, "Truly, I tell you, this poor widow put in more than all who put into the offering box. Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a.
44 For they all gave from their surplus, but she gave from her poverty—all she had, her whole livelihood." Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]