Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "If someone's offering is a peace offering from the herd, male or female, he must present it without defect before me. “‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li san defo devan SENYÈ a.
2 He lays his hand on his offering's head and slaughters it at the tent of meeting's entrance, and Aaron's sons the priests splash the blood against all sides of the altar. Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la.
3 From the peace offering he must present to me a food offering made by fire: the fat covering the inner parts and all the fat on them, Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo,
4 both kidneys with the fat on them near the flanks, and the long lobe of the liver, which he removes with the kidneys. epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
5 Aaron's sons will burn it on the altar atop the burnt offering on the wood over the fire—a food offering, a pleasing aroma to me. Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
6 "If his peace offering to me is from the flock, male or female, he must present it without defect. “‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl san defo.
7 If he brings a lamb as his offering, he is to present it before me, Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.
8 lay his hand on the head of his offering and slaughter it before the tent of meeting; Aaron's sons will splash its blood on all sides of the altar. Epi li va poze men li sou tèt ofrann li an e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.
9 From the peace offering he must present a food offering to me by fire: its fat, the whole fat tail cut off close to the backbone, the fat covering the inner parts, and all the fat on them, Soti nan ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo.
10 both kidneys with the fat near the loins, and the liver's long lobe, which he removes with the kidneys. Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
11 The priest will burn it on the altar as food, an offering made to me by fire. Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
12 "If his offering is a goat, he is to present it before me, “‘Anplis, si ofrann li an se yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.
13 lay his hand on its head and slaughter it in front of the tent of meeting; Aaron's sons will splash its blood on all sides of the altar. Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.
14 From it he must present a food offering to me by fire: the fat covering the inner parts and all the fat on them, Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo,
15 both kidneys with their fat near the loins, and the liver's long lobe, which he removes with the kidneys. ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
16 The priest will burn them on the altar as food, an offering by fire, a pleasing aroma. All fat is mine. Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; tout grès se pou SENYÈ a.
17 "This is a lasting rule for all generations, wherever you live: never eat any fat or any blood." “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]