Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "When anyone brings a grain offering to our Father, the offering must be fine flour. Pour oil on it, put frankincense on it, “‘Alò, lè yon moun prezante yon ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li.
2 and bring it to Aaron's sons, the priests. The priest will take a handful of its fine flour and oil, with all its frankincense, and burn the memorial portion on the altar—a fire offering, a pleasing aroma to our Father. Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
3 The rest of the grain offering belongs to Aaron and his sons—most holy, from the fire offerings to our Father. Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.
4 "When you bring a grain offering baked in an oven: fine flour, either loaves without yeast mixed with oil, or wafers without yeast spread with oil. “‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil.
5 If your offering is a grain offering on a griddle, it must be fine flour mixed with oil, without yeast. Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil.
6 Break it into pieces and pour oil on it; it is a grain offering. Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal.
7 If your offering is grain cooked in a pan, make it with fine flour and oil. Alò si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan yon chodyè, li va fèt avèk farin fen avèk lwil.
8 Bring the grain offering made from these to our Father; present it to the priest, who brings it to the altar. Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la.
9 The priest takes the grain offering's memorial portion and burns it on the altar—a fire offering, a pleasing aroma to our Father. Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
10 What remains of the grain offering belongs to Aaron and his sons—most holy, from the fire offerings to our Father. Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.
11 "No grain offering you bring to our Father may contain yeast, for you must not burn any yeast or honey as a fire offering to our Father. “‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.
12 You may bring them to our Father as a firstfruits offering, but do not offer them on the altar as a pleasing aroma. Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la.
13 Salt every grain offering. Don't leave out your Father's covenant salt; add salt to all your offerings. Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.
14 "If you bring a firstfruits grain offering to our Father, offer new grain roasted in fire, crushed kernels, as your firstfruits offering. “‘Osi, si ou pote bay SENYÈ a, yon ofrann sereyal de bagay ofran premye fwi yo yo, ou va pote tèt sereyal yo byen fre, boukannen nan dife, grenn moulen a rekòlt avan lè a, kòm ofrann sereyal de ofran premye fwi yo.
15 Put oil on it and lay frankincense on it; it is a grain offering. Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal.
16 The priest burns the memorial portion—some of the crushed grain and oil—with all its frankincense, as a fire offering to our Father." Prèt la va ofri nan lafimen pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]