Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father called to Moses and spoke to him from the tent of meeting, saying: Alò, SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di:
2 "Speak to the Israelites and say to them: When any of you brings me an offering, bring your offering of livestock from the herd or the flock. “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan twoupo a, oswa nan bann mouton an.
3 "If his offering is a burnt offering from the herd, he is to offer a male without defect, offering it at the entrance of the tent of meeting, to be accepted before me. “‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.
4 He is to lay his hand on the burnt offering's head, and it will be accepted for him, to atone for him. Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li.
5 He is to kill the young bull before me, and Aaron's sons the priests are to bring the blood and splash it around the altar at the entrance of the tent of meeting. Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri san an e flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a.
6 Then he is to skin the burnt offering and cut it into its pieces. Li va, answit, kòche ofrann brile a e koupe li an mòso.
7 Aaron's sons the priests will lay a fire on the altar and arrange wood on it. Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a.
8 Aaron's sons, the priests, arrange the pieces, head, and fat on the wood over the fire on the altar. Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk grès ren an sou bwa ki sou lotèl la.
9 He is to wash its inner organs and legs with water; the priest burns it all on the altar—a burnt offering, a food offering, a pleasing aroma to me. Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
10 "If his burnt offering is from the flock—sheep or goats—he must bring a male without defect. “‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon mal, san defo.
11 He is to slaughter it on the altar's north side before me; Aaron's sons the priests are to splash its blood around the altar. Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la.
12 He is to cut it into pieces—head and fat—and the priest is to arrange them on the wood, on the fire, on the altar. Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la.
13 He must wash the inner organs and legs with water; the priest offers it all, burns it on the altar—a burnt offering, a food offering, a pleasing aroma to me. Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
14 "If his burnt offering to me is a bird, he must bring turtledoves or young pigeons as his offering. “‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak toutrèl oswa jèn ti pijon.
15 The priest brings it to the altar, wrings off its head, burns it there; its blood drains against the altar's side. Prèt la va ofri li sou lotèl la, e tòde kou li pou ofri li nan lafimen sou lotèl la; konsa, san li va koule sou kote lotèl la.
16 He removes its crop with its contents, throwing it beside the altar eastward, at the ash heap. Li va osi retire fal li avèk plim li yo e voye li sou kote lès lotèl la, nan plas sann yo.
17 He is to tear it open by the wings, not fully apart; the priest will burn it on the altar's wood over the fire—a burnt offering, a food offering, a pleasing aroma to me." Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]