Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 40 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father spoke to Moses, saying: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "Set up the tabernacle, the tent of meeting, on day one of month one. “Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an.
3 Place in it the ark of the testimony, and shield the ark with the veil. Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la.
4 Bring in the table, arrange its setup, bring in the lampstand, and light its lamps. Ou va mennen tab la antre, e ou va ranje li avèk sa ki dwe sou li. Konsa, ou va mennen fè lantre chandelye a, e lime lanp li yo.
5 Put the gold incense altar before the ark of the testimony, and put the screen at the tabernacle's entrance. “Anplis, ou va plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an.
6 Place the altar of burnt offering before the entrance to the tabernacle, the tent of meeting, “Ou va plase lotèl ofrann brile a devan pòtay a tabènak tant reyinyon an.
7 and place the basin between the tent of meeting and the altar, and put water in it. Ou va plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la e ou va mete dlo nan li.
8 Set up the courtyard all around, and hang the screen at the gate of the courtyard. Ou va monte galeri a toutotou e ou va pann vwal la pou pòtay galeri a.
9 "Take the anointing oil and anoint the tabernacle and everything in it; dedicate it and all its furnishings, and it will be holy. “Epi ou va pran lwil onksyon an e ou va onksyone tabènak la ak tout sa ki ladann. Konsa, ou va konsakre li avèk tout afè li yo, epi li va sen.
10 Anoint the burnt offering altar and all its utensils; dedicate the altar, and the altar will be most holy. Ou va onksyone lotèl ofrann brile a ak tout bagay itil li yo, epi ou va konsakre lotèl la. Konsa, lotèl la va vin sen pase tout bagay.
11 Anoint the basin and its stand, and dedicate it. Ou va onksyone basen lave a ak baz li, e ou va konsakre li.
12 "Then bring Aaron and his sons to the tent of meeting's entrance and wash them with water. “Konsa, ou va mennen Aaron ak fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e ou va lave yo avèk dlo.
13 Clothe Aaron in holy garments, anoint and dedicate him, to serve me as priest. Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen.
14 Bring his sons; dress them in tunics. Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo.
15 Anoint them as you anointed their father, so they may serve me as priests. Their anointing gives them a lasting priesthood for all generations." Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”
16 Moses did everything just as our Father commanded him. Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè.
17 In the first month of the second year, on the first day of the month, the tabernacle was raised up. Alò, nan premye mwa nan dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, tabènak la te monte.
18 Moses raised the tabernacle: he put its bases, set its frames, put its bars, and raised its pillars. Moïse te monte tabènak la. Li te poze baz reseptikal li yo, li te monte planch li yo, li te pozisyone travès li yo, e li monte pilye li yo.
19 He spread the tent over the tabernacle and put its covering over it, as our Father had commanded Moses. Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
20 He took the testimony, put it in the ark, set poles on the ark, and put the mercy seat on top of the ark. Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la.
21 He brought the ark into the tabernacle, hung the screening veil, and covered the ark of the testimony, as our Father commanded Moses. Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22 He set the table in the tent of meeting, on the tabernacle's north side, outside the veil, Anplis li te mete tab la nan tant reyinyon an sou kote nò tabènak la, deyò vwal la.
23 and arranged the bread on it before our Father, as our Father had commanded Moses. Li te plase pen, byen ranje an lòd devan SENYÈ a jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
24 He put the lampstand in the tent of meeting, opposite the table, on the tabernacle's south side, Alò, li te mete chandelye a nan tant reyinyon an, sou kote sid tabènak la.
25 and set up the lamps before our Father, as our Father had commanded Moses. Li te limen lap yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
26 He placed the golden altar in the tent of meeting in front of the veil, Epi li te plase lotèl lò a nan tant reyinyon an pa devan vwal la.
27 and burned fragrant incense on it, as our Father had commanded Moses. Li te brile lansan santi bon an sou li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
28 Then he put up the screen at the entrance to the tabernacle. Alò, li te monte vwal pòtay tabènak la.
29 He placed the altar of burnt offering at the tabernacle's entrance, the tent of meeting, and offered on it the burnt offering and grain offering, as our Father commanded Moses. Li te plase lotèl ofrann brile a devan pòtay tabènak tant reyinyon an, e li te ofri sou li ofrann brile a ak ofrann sereyal la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30 He set the basin between the tent of meeting and the altar, putting water in it for washing, Li te plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la, e li te mete dlo ladann pou lave.
31 and with it Moses, Aaron, and his sons washed their hands and feet. Nan li, Moïse avèk Aaron avèk fis li yo te lave men yo avèk pye yo.
32 Whenever they entered the tent of meeting or neared the altar, they washed, as our Father commanded Moses. Lè yo te antre nan tant reyinyon an, e lè yo te apwoche lotèl la, yo te lave, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
33 He set up the courtyard around the tabernacle and altar, and put up the screen at the courtyard gate. So Moses finished the work. Li te monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la.
34 Then the cloud covered the tent of meeting, and the glory of our Father filled the tabernacle. Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.
35 Moses could not enter the tent of meeting, for the cloud settled on it, and our Father's glory filled the tabernacle. Moïse pa t kapab antre nan tant reyinyon an, paske nyaj la te poze sou li, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.
36 Whenever the cloud lifted from over the tabernacle, the Israelites set out on each stage of their journey; Pandan tout vwayaj pa yo, nenpòt lè ke nyaj la te leve anwo sou tabènak la, fis Israël yo te leve sòti pou fè vwayaj;
37 but if the cloud did not lift, they did not set out until the day it lifted. men si nyaj la pa t leve, alò, yo pa t vwayaje jis rive jou ke li te leve a.
38 For the cloud of our Father covered the tabernacle by day, with fire in it by night, visible to all the house of Israel throughout all their journeys. Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]