Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 39 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 From the blue, purple, and scarlet yarn they made finely woven garments for serving in the holy place; they made the holy garments for Aaron, as our Father commanded Moses. Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
2 He made the ephod of gold, of blue, purple, and scarlet yarn, and of finely woven linen. Li te fè efòd la avèk lò, epi nan materyo ble, mov, e wouj avèk twal fen blan.
3 They hammered gold into sheets, cut it into threads, and worked them into the blue, purple, and scarlet yarn and fine linen—the work of a skilled designer. Alò, yo te bat mòso plat an lò yo, yo te koupe yo fè fil fen pou trese nan materyo ble a, mov la, wouj la e twal fen blan an, èv a yon mèt ouvriye.
4 They made shoulder pieces for it, joined together at its two edges. Yo te fè pyès zepòl yo pou atache nan efòd la; li te tache nan de pwent anwo li yo.
5 The ephod's woven band was one piece with it, made the same way: gold, blue, purple, and scarlet yarn, and finely twisted linen, as our Father commanded Moses. Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la.
6 They made the onyx stones, mounted in gold filigree settings, engraved like seal engravings, with the names of Israel's sons. Yo te fè pyè oniks yo, plase nan monti desine byen fen yo; yo te grave tankou gravi a yon so, selon non a fis Israël yo.
7 He put them on the ephod's shoulder pieces as memorial stones for Israel's sons, as our Father had commanded Moses. Konsa, li te plase yo sou pyès zepòl nan efòd la, tankou pyè pou sonje fis a Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
8 He made the breastpiece—skilled work like the ephod's—of gold, blue, purple, scarlet yarn, and finely twisted linen. Li te fè pyès lestomak la, zèv a yon mèt ouvriye, tankou travay la fèt nan efòd la: avèk materyo an lò, an ble, an mov, e an wouj avèk twal fen blan byen tòde.
9 Square and doubled, they made the breastpiece—about nine inches long and nine inches wide, doubled. Li te kare. Yo te fè pyès lestomak la plwaye doub, longè a yon epann, e yon epann nan lajè lè li plwaye doub.
10 They set in it four rows of stones. The first row was carnelian, topaz, and emerald; Yo te monte kat ranje pyè presye sou li. Premye ranje a te yon ranje avèk woubi, topaz, avèk emwod.
11 the second row, turquoise, sapphire, and emerald; Nan dezyèm ranje a te gen yon tikwaz, yon safi, ak yon dyaman;
12 the third row, jacinth, agate, and amethyst; epi nan twazyèm ranje a yon jasent, yon agat, ak yon ametis;
13 the fourth row, beryl, onyx, and jasper. They were enclosed in gold filigree settings. epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte.
14 Twelve stones, one per name of Israel's sons, each engraved like a seal with its own name, for the twelve tribes. Pyè presye yo te koresponn ak non a fis Israël yo. Yo te douz, e yo te koresponn a non yo, grave avèk gravi a yon so, yo chak avèk non yo pou douz tribi yo.
15 For the breastpiece they made braided chains of pure gold, like cords. Yo te fèt sou chenn pyès lestomak la tankou kòd ki te kòd tòde yo, lèv ki fèt an lò pi.
16 They made two gold filigree settings and two gold rings, fastening the two rings to the breastpiece's two ends. Yo te fè de monti yo byen fen an lò ak de wondèl lò yo, epi te plase wondèl yo nan de pwent pyès lestomak la.
17 They fastened the two gold cords to the two rings at the ends of the breastpiece. Alò yo te mete de kòd lò yo nan de monti de wondèl lò yo nan pwent ki pou pyès lestomak la.
18 They put the two ends of the two cords on the two filigree settings, and put them on the ephod's shoulder pieces, at its front. Yo te mete lòt de pwent yo nan de kòd yo avèk de monti yo fèt byen fen, e yo te mete yo sou pyès zepòl yo nan efòd la pa devan li.
19 They made two gold rings and put them on the breastpiece's two ends, on its inner edge facing the ephod. Yo te fè de wondèl yo an lò e yo te plase yo nan de pwent nan pyès lestomak la sou kote pa anndan ki toupre efòd la.
20 They made two gold rings and put them on the two shoulder pieces of the ephod, low on the front, near the seam above its woven band. Anplis, yo te fè de wondèl lò yo e yo te plase yo nan pati anba pyès zepòl yo nan efòd la, pa devan li, toupre plas ke li te jwenn nan, anlè bann tise nan efòd la.
21 They fastened the breastpiece's rings to the ephod's rings with a blue cord, so it would rest on the ephod's woven band and not come loose from the ephod, as our Father commanded Moses. Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22 Bezalel made the robe of the ephod entirely of blue, the work of a weaver. Alò li te fè abiman efòd la tankou yon èv tise, tout an ble;
23 Its opening was in the center, like a collar's opening, with a woven binding around it so it wouldn't tear. epi ouvèti abiman an te anwo nan mitan, tankou ouvèti ki nan yon pwotèj lagè avèk yon woulèt ki antoure l pou l pa vin chire.
24 They made pomegranates of blue, purple, and scarlet yarn and twisted linen on the robe's hem. Yo te fè grenad avèk materyo ble, mov, wouj ak twal fen blan byen tòde nan woulèt abiman an.
25 They made pure gold bells and set them between the pomegranates on the robe's hem, all around between the pomegranates. Yo te osi fè klòch avèk lò pi, e yo te plase klòch yo antre grenad yo toutotou woulèt abiman an,
26 Bell and pomegranate, bell and pomegranate, around the robe's hem for serving, as our Father commanded Moses. ki te toujou youn aprè lòt, yon klòch, ak yon grenad toutotou sou woulèt abiman sèvis la, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
27 For Aaron and his sons they made the tunics of fine linen, the work of a weaver, Yo te fè tinik ki te tise an twal fen blan an pou Aaron, ak fis li yo,
28 the fine-linen turban, the beautiful fine-linen caps, and linen undergarments of finely twisted linen. epi tiban avèk len fen an ak chapo an twal fen blan yo, e pantalon an twal fen blan byen tòde yo,
29 The sash: finely woven linen, blue, purple, and scarlet yarn, embroidered work, as our Father commanded Moses. epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30 They made the holy crown's plate from pure gold, engraved like a seal: "Holy to our Father." Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”.
31 They tied a blue cord to it, fastening it on the turban above, as our Father commanded Moses. Yo te tache kòd ble a ak li pou tache li nan tiban an pa anwo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
32 All the work of the tabernacle, the tent of meeting, was finished. Israelites did everything our Father commanded Moses—so they did. Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l.
33 They brought Moses the tabernacle: the tent, all its furnishings, clasps, frames, crossbars, posts, and bases; Yo te mennen tabènak la vè Moïse, tant lan avèk tout sa ki te founi li yo: kwòk li yo, planch li yo, travès li yo, ak pilye li yo avèk baz reseptikal li yo;
34 the covering of red-dyed ram skins, the covering of fine leather, and the screening curtain, epi kouvèti po belye fonse wouj yo, kouvèti po dofen yo, ak vwal rido pòtay la;
35 the ark of the testimony with its poles and the mercy seat; lach a temwayaj la avèk poto li yo, ak chèz pwopyatwa a;
36 the table with all its utensils and the bread of the Presence; tab la, tout bagay itil li yo, ak pen a Prezans lan;
37 the pure gold lampstand, its arranged lamps, all its utensils, and oil for the light; chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a;
38 the gold altar, anointing oil, fragrant incense, and the tent entrance screen; epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan;
39 the bronze altar with its bronze grate, poles, and all its utensils, the basin and its stand; lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li;
40 the courtyard's curtains, posts, and bases, the courtyard entrance screen, ropes, pegs, and all the equipment for the tabernacle's service, the tent of meeting; afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an;
41 and the finely woven garments for serving in the holy place, the holy garments for Aaron the priest, and his sons' garments for priestly service. vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.
42 The people of Israel had done all the work just as our Father had commanded Moses. Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
43 Moses inspected all the work: they had done it as our Father commanded—so they had done it. Moses blessed them. Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]