Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 38 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He made the altar of burnt offering from acacia wood: about seven and a half feet long and wide—a square—and four and a half feet high. Alò, li te fè lotèl ofrann brile a avèk bwa akasya, senk koude nan longè, senk koude nan lajè, kare, ak twa koude nan wotè.
2 He made horns on its four corners, one piece with it, and covered it with bronze. Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz.
3 He made all the altar's utensils: pots, shovels, basins, forks, and firepans—all its utensils of bronze. Li te fè tout bagay itil yo pou lotèl la, bokit yo avèk pèl yo, basen yo, kwòk vyann yo, ak plato pou resevwa sann yo. Li te fè tout bagay itil yo an bwonz.
4 He made for the altar a bronze grating under its ledge, reaching halfway up. Li te fè pou lotèl la yon sistèm griyaj an bwonz, anba rebò nan distans pou rive mwatye de wotè l.
5 He cast four rings on the four corners of the bronze grating to hold the poles. Li te fonde kat wondèl yo sou kat kote nan griyaj an bwonz yo kòm soutyen pou poto yo.
6 He made acacia-wood poles and covered them with bronze. Li te fè poto yo avèk bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch an bwonz.
7 He put the poles into the rings on the altar's sides, to carry it by them; he made it hollow, with boards. Li te antre poto yo nan wondèl sou kote lotèl la. Se avèk yo li te pote l. Fòm li te vid, fòme avèk planch yo.
8 He made the bronze basin and its bronze stand from the mirrors of the women serving at the tent of meeting's entrance. Anplis, li te fè basen lave a avèk bwonz avèk yon baz an bwonz, ki te sòti nan miwa fanm sèvant yo ki t ap sèvi nan pòtay tant reyinyon an.
9 He made the courtyard. Its curtains on the south side were finely twisted linen, about 150 feet long. Alò li te fè galeri a: pou kote sid la, afè pandye yo te fèt avèk twal fen blan byen tòde, san koude nan longè,
10 Their twenty pillars and twenty bases: bronze. Pillars' hooks and bands: silver. avèk ven pilye li yo, ak baz reseptikal fèt an bwonz yo, avèk ven kwòk pilye yo avèk bann seraj an ajan yo.
11 The north side: 150 feet of curtains, with twenty bronze pillars and twenty bronze bases; the pillars' hooks and bands were silver. Pou kote nò a te gen san koude yo; ven pilye li yo avèk ven baz reseptikal an bwonz yo, epi kwòk pou pilye yo avèk bann seraj pa yo te an ajan.
12 On the west side: curtains about seventy-five feet, ten pillars, ten bases; the pillars' hooks and bands were silver. Pou kote lwès la te gen afè pandye pou senkant koude yo avèk dis pilye pa yo e bann seraj yo te an ajan.
13 On the east side, toward the sunrise, the courtyard was about seventy-five feet wide. Pou kote lès la, senkant koude yo.
14 Curtains twenty-two and a half feet long for one side of the gate, with three pillars and three bases. Afè pandye yo pou yon kote pòtay la te kenz koude, avèk twa pilye pa yo e twa baz reseptikal pa yo;
15 Same on the other side: curtains on both sides of the courtyard gate, about twenty-two and a half feet long, with three pillars and three bases each. epi menm jan an pou lòt kote a. Sou toude kote pòtay yo te gen afè pandye de kenz koude, avèk twa pilye pa yo ak twa baz reseptikal pa yo.
16 All the curtains around the courtyard were of finely twisted linen. Tout afè pandye nan galeri yo toutotou te avèk twal fen blan byen tòde.
17 The courtyard pillars' bases were bronze; their hooks and bands were silver; their tops' overlay was silver; all courtyard pillars were banded with silver. Baz reseptikal pou pilye ki te an bwonz yo, kwòk pou pilye yo ak bann seraj an ajan yo; epi yon kouch lò ki te kouvri pwent tèt yo. Tout pilye galeri yo te founi avèk bann seraj an ajan yo.
18 The courtyard's gate curtain was embroidered in blue, purple, and scarlet yarn and finely twisted linen—about thirty feet long, seven and a half feet high, like the courtyard's curtains. Rido pòtay la te èv a tiseran an, avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde. Epi longè a se te ven koude e wotè a te senk koude, ki te koresponn ak afè pandye nan galeri yo.
19 Their four pillars and four bases were bronze; their hooks, silver; the overlay of their tops and bands, silver. Kat pilye pa yo avèk baz reseptikal pa yo a te an bwonz; kwòk pa yo a te an ajan.
20 All the pegs for the tabernacle and around the courtyard were bronze. Tout pikèt yo pou tabènak la avèk galeri a toutotou a te an bwonz.
21 These are the accounts of the tabernacle, the tabernacle of the testimony, recorded at Moses' command—the work of the Levites under Ithamar son of Aaron the priest. Sa se kantite a bagay ki te pou tabènak yo, tabènak temwayaj la, jan yo te nimewote selon lòd a Moïse, pou sèvis Levit yo, ekri pa men a Ithamar, fis Aaron an, prèt la.
22 Bezalel son of Uri, son of Hur, of Judah's tribe, made all our Father commanded Moses, Alò, Betsaléel fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a, te fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
23 with him was Oholiab son of Ahisamach, of the tribe of Dan, an engraver, designer, and embroiderer in blue, purple, scarlet yarn, and fine linen. Avèk li te gen Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan.
24 All the gold used for the work, in all the work of the sanctuary—the wave offering's gold—weighed about 2,193 pounds, by the sanctuary standard. Epi tout lò ki te sèvi nan èv la, nan tout travay sanktyè a, menm lò pou ofrann balanse anlè a te ventnèf talan e sèt-san-trant sik selon sik sanktyè a.
25 Silver from those counted in the community weighed about 7,545 pounds, by the sanctuary standard: Ajan a sa yo ki te nan kongregasyon an te gen kantite san talan e mil sèt san swasann kenz sik selon sik sanktyè a;
26 About a fifth of an ounce of silver per head, for each counted, twenty years old and up: 603,550 men. yon beka pa chak tèt (sa vle di, mwatye sik, selon sik sanktyè a), pou chak moun nan sa ki te gen nimewo yo, soti nan laj ventan, e plis pou sis-san-mil-senk-san-senkant mesye.
27 About 7,500 pounds of silver cast the sanctuary's bases and the veil's bases—one hundred bases from that silver, about 75 pounds each. San talan ajan yo te pou fonde baz reseptikal sanktyè yo, ak baz reseptikal pou vwal yo; san baz reseptikal yo pou san talan, yon talan pa baz reseptikal.
28 From the forty-five pounds of silver he made hooks for the pillars, overlaid their tops, and banded them. Nan mil sèt san swasant kenz sik yo, li te fè kwòk pou pilye yo, li te kouvri tèt yo, e li te fè bann seraj pou yo.
29 The bronze of the wave offering weighed about 5,310 pounds. Bwonz pou ofrann balanse anlè a te swasann-dis talan e de-mil-senk-san sik.
30 With it he made the tent of meeting's entrance bases, the bronze altar with its bronze grating, and all the altar's utensils. Avèk li, li te fè baz reseptikal yo pou pòtay tant reyinyon an, lotèl bwonz lan avèk griyaj an bwonz li, ak tout bagay itil pou lotèl yo,
31 The bases around the courtyard, the bases of the courtyard's gate, all the tabernacle's pegs, and all the pegs around the courtyard. epi baz reseptikal yo pou galeri a, tout pikèt a tabènak yo ak tout pikèt pou galeri yo toutotou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]