Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 37 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Bezalel made the ark of acacia wood—about forty-five inches long, twenty-seven inches wide, and twenty-seven inches high. Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi.
2 He covered it with pure gold inside and out, and made a gold molding around it. Li te kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò, e li te fè yon bòdi an lò pou antoure l.
3 He cast four gold rings for its four feet, two rings on one side and two on the other. Li te fonde kat wondèl yo an lò sou kat pye li yo; de wondèl menm sou yon bò, e de wondèl sou lòt bò li.
4 He made acacia-wood poles and covered them with gold, Li te fè poto yo an bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
5 and he inserted the poles into the rings on the sides of the ark, to carry it. Li te pase poto yo nan wondèl yo ki te tache sou kote lach la pou pote li.
6 He made the atonement cover of pure gold—about forty-five inches long and twenty-seven inches wide. Li te fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi; de koude edmi nan longè, e yon koude edmi nan lajè.
7 He made two cherubim of hammered gold at the two ends of the atonement cover, Li te fè de cheriben yo avèk lò. Li te fè yo nan de pwent a chèz pwopyatwa yo;
8 one cherub at one end, one cherub at the other; he made the cherubim of one piece with the atonement cover at its two ends. yon cheriben nan yon pwent, e yon cheriben nan lòt pwent lan. Li te fè cheriben yo kòm yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a nan de pwent yo.
9 The cherubim spread their wings upward, covering the atonement cover, their faces toward each other, turned toward the atonement cover. Cheriben yo te gen zèl yo ouvri pa anlè, e yo te kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, avèk figi pa yo youn anvè lòt. Figi Cheriben yo te anvè chèz pwopyatwa a.
10 He made the table of acacia wood—about thirty-six inches long, eighteen inches wide, and twenty-seven inches high. Alò, li te fè tab la avèk bwa akasya. Longè li te de koude, lajè li te yon koude, e yon koude edmi nan wòte.
11 He covered it with pure gold and made a gold molding around it. Li te kouvri avèk yon kouch lò, e li te fè yon bòdi an lò toutotou li.
12 He made a rim around it about three inches wide, with a gold molding for the rim. Li te fè yon rebò pou li, lajè a yon epann (yon men byen ouvri), ki antoure l nèt, e li te fè yon bòdi lò ki te antoure tab la.
13 He cast four gold rings for it, fastening them at the four corners by its four legs. Li te fonde kat wondèl an lò pou li tab la, e li te mete wondèl yo nan kat kwen ki te sou kat pye li yo.
14 The rings were close to the rim, as holders for the poles to carry the table. Byen pre rebò a se te wondèl yo, soutyen pou poto yo pou pote tab la.
15 He made the poles of acacia wood, plated with gold to carry the table. Li te fè poto yo avèk bwa akasya. Li te kouvri yo avèk yon kouch lò, pou pote tab la.
16 He made the table's utensils of pure gold—its plates, dishes, bowls, and pitchers for pouring drink offerings. Li te fè bagay itil yo ki te sou tab la, asyèt avèk kiyè, bòl, ak krich yo pou vide ofrann bwason yo avèk lò pi a.
17 He made the lampstand of hammered pure gold—base, shaft, cups, buds, and blossoms all one piece with it. Epi li te fè chandelye a avèk lò pi. Li te fè chandelye a, avèk lò ki bat. Baz ak tij li, tas li yo, boujon avèk flè yo te fèt nan yon sèl pyès, ansanm avèk li.
18 Six branches extended from its sides—three branches on one side and three on the other. Te gen sis branch ki te sòti bò kote li yo; twa branch chandelye yo nan yon bò li, e twa branch chandelye nan lòt bò li;
19 One branch had three almond-blossom cups, each with bud and blossom, and the next branch three more—so for all six branches extending from the lampstand. twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann nan lòt tij, yon boujon avèk yon flè—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo.
20 On the lampstand itself were four cups shaped like almond blossoms, with their buds and blossoms. Nan chandelye a te gen kat tas ki fòme tankou flè zanmann, boujon li yo, ak flè li yo;
21 A bud sat under the first pair of branches from it, one under the second pair, one under the third—for all six branches. epi yon boujon te anba premye pè branch li yo ki sòti nan li, e yon boujon anba dezyèm pè branch li yo ki sòti nan li, jis pou sis branch yo ki sòti nan chandelye a.
22 Its buds and branches were one piece with it—all one piece of pure, hammered gold. Boujon yo, ak branch yo te yon sèl pyès avèk li; se te yon sèl pyès an lò ki bat.
23 He made its seven lamps, along with its wick trimmers and trays, of pure gold. Li te fè sèt lanp li yo avèk etoufè yo, ak vaz pou sann yo avèk lò pi.
24 He made the lampstand and all its utensils from seventy-five pounds of pure gold. Li te fè li e tout bagay itil li yo avèk yon talan (swasann kenz liv) lò pi.
25 He made the incense altar of acacia wood—eighteen inches square, thirty-six high—its horns of one piece with it. Epi li te fè lotèl lansan an avèk bwa akasya: yon koude nan longè, yon koude nan lajè, kare, ak de koude nan wotè. Kòn li te yon sèl pyès avèk li.
26 He covered it with pure gold—its top, its sides all around, its horns—and made a gold molding around it. Li te kouvri li nèt avèk lò pi, tèt li e tout kote li yo, tou antoure, ak kòn li yo. Konsa, li te fè yon bòdi lò antoure li nèt.
27 He made two gold rings for it below the molding on its two sides, holders for the poles to carry it. Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote ki opoze yo kòm soutyen pou poto ki t ap pote l yo.
28 He made the acacia-wood poles and covered them with gold. Li te fè poto yo an bwa akasya e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
29 He also made the holy anointing oil and the pure, fragrant incense—the work of a perfumer. Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]