Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Bezalel, Oholiab, and every skilled person our Father gave skill and understanding to build the sanctuary must do all the work exactly as our Father commanded. “Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.”
2 Then Moses called Bezalel, Oholiab, and every skilled person in whose heart our Father put skill, everyone whose heart moved them to come and do the work. Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li.
3 They took from Moses all the offering the Israelites had brought for building the sanctuary. Still the people kept bringing him voluntary offerings morning after morning. Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bon volonte yo chak maten.
4 So all the skilled workers doing all the sanctuary's work came, each from the task he was doing. Epi tout mesye avèk kapasite ki t ap fè tout travay nan sanktyè a te vini. Pou sa a, yo chak te sòti nan travay ke yo t ap fè,
5 They told Moses, "The people are bringing much more than enough for the work our Father commanded us to do." pou yo te di a Moïse: “Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.”
6 So Moses gave an order, and they sent word throughout the camp: "No man or woman is to make any more contributions for the sanctuary." And the people stopped bringing, Alò, Moïse te pase yon lòd. Pou sa yo te fè yon pwoklamasyon sikile toupatou nan kan an. Li te di: “Pa kite pèsòn, ni gason ni fanm travay ankò pou fè don pou sanktyè a.” Konsa pèp la te ralanti pou yo pa pote ankò.
7 for what they already had was enough to do all the work, and more than enough. Paske materyo ke yo te genyen an te sifi, e plis ke sifi pou tout èv la, pou te fin konplete li.
8 The skilled workers made the tabernacle: ten curtains of finely twisted linen, blue, purple, and scarlet yarn, with cherubim, the work of a skilled designer. Tout mesye avèk kapasite yo pami sa yo ki t ap fè travay la te fè tabènak la avèk dis rido twal fen blan, byen tòde, materyo ble, mov, e wouj. Yo te fè yo avèk cheriben yo, èv a yon mèt ouvriye. Se Betsaléel ki te fè yo.
9 Each curtain was about forty-two feet long, six feet wide—one size for all curtains. Longè a chak rido se te ventwit koude, e lajè a chak rido, kat koude; tout rido yo te gen menm mezi.
10 He joined five curtains to each other, and the other five to each other. Li te jwenn senk rido yo youn ak lòt, e lòt senk rido yo, li te jwenn yo youn ak lòt.
11 He put blue loops on the edge of the outer curtain in the first set, and the same on the edge of the outer curtain in the second set. Li te fè lasèt yo nan koulè ble sou kote rido a pa deyò nan premye ansanm nan; epi li te fè menm jan an sou kote rido ki te pa deyò nan dezyèm ansanm nan.
12 He made fifty loops on the first curtain, and fifty on the edge of the curtain in the second set, loops opposite one another. Li te fè senkant lasèt nan premye rido a, e li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te nan dezyèm ansanm nan; lasèt yo te opoze youn ak lòt.
13 He made fifty gold clasps and joined the curtains with them, so the tabernacle became one. Li te fè senkant kwòk an lò, e li te jwenn rido yo ansanm avèk kwòk yo pou tabènak la fè yon sèl pyès.
14 He made curtains of goat hair for the tent over the dwelling—eleven curtains. Li te fè rido yo avèk pwal kabrit pou sèvi kòm yon tant sou tabènak la. Li te fè onz rido antou.
15 Each curtain was about forty-five feet long, six feet wide; all eleven curtains matched in size. Longè chak rido se te trant koude e lajè a chak rido te kat koude Tout nan onz rido yo te gen menm mezi.
16 He joined five of the curtains together, and the other six together. Li te jwenn senk rido yo poukont yo, e lòt sis yo poukont yo.
17 He made fifty loops on the outermost curtain's edge in the first set, and fifty loops on the curtain's edge in the second set. Anplis, li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te plis pa deyò nan premye ansanm nan, e li te fè senkant lasèt sou kote nan rido ki te plis deyò nan dezyèm ansanm nan.
18 He made fifty bronze clasps to join the tent as one. Li te fè senkant kwòk an bwonz pou jwenn tant lan ansanm pou li ta kapab fè yon sèl.
19 He made a covering for the tent from red-dyed ram skins, and a fine-leather covering above it. Li te fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye fonse wouj, ak yon kouvèti avèk po vach lanmè pa anlè.
20 Then he made the upright frames for the tabernacle of acacia wood. Epi li te fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe dwat.
21 Each frame was about fifteen feet long and twenty-seven inches wide. Dis koude te longè a chak planch, e yon koude-edmi se te lajè a chak planch.
22 Each frame had two tenons, joined to one another; he made all the tabernacle's frames this way. Te gen de tenon pou chak planch, yo te jwenn youn ak lòt. Se te konsa li te fè pou tout planch yo nan tabènak la.
23 He made the frames for the tabernacle: twenty frames for the south side. Li te fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
24 He made forty silver bases under the twenty frames: two bases under one frame for its two tenons, two bases under the next for its two tenons. Epi li te fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo: de baz reseptikal anba yon planch pou de tenon pa li, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de tenon pa li.
25 For the second side of the tabernacle, the north side, he made twenty frames, Konsa, pou dezyèm kote nan tabènak la, nan fas nò a, li te fè ven planch yo,
26 and their forty silver bases, two bases under one frame and two bases under the next frame. ak karant baz reseptikal pa yo an ajan; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
27 For the rear of the tabernacle, on the west, he made six frames. Pou dèyè tabènak la, nan lwès, li te fè sis planch.
28 He made two frames for the corners of the tabernacle at the rear. Li te fè de planch pou kwen yo nan tabènak la pa dèyè.
29 Both were doubled at the bottom and joined into a single ring at the top; he did this with both, at the two corners. Yo te double anba, e ansanm yo te fin rive nèt nan tèt li, jis rive nan premye wondèl la. Se konsa li te fè avèk toude pou de kwen yo.
30 So there were eight frames with their silver bases—sixteen bases, two under each frame. Te gen uit planch avèk baz reseptikal yo an ajan, sèz baz reseptikal, de anba chak planch.
31 He made bars of acacia wood: five for the frames on one side of the tabernacle. Epi li te fè travès yo an bwa akasya, senk pou planch yo pou yon kote tabènak la,
32 Five bars for the frames on the tabernacle's second side, and five bars for the frames at the rear, westward. epi senk travès pou lòt kote nan tabènak la, e senk travès pou planch yo nan tabènak la sou kote pa dèyè vè lwès.
33 He made the middle bar to run through the frames from end to end. Li te fè travès mitan an pase nan mitan a planch yo soti nan yon pwent a lòt pwent lan.
34 He overlaid the frames with gold, made gold rings to hold the bars, and overlaid the bars with gold. Li te kouvri planch yo avèk yon kouch lò. Li te fè wondèl pa yo avèk lò kòm soutyen pou travès yo, e li te kouvri travès yo avèk yon kouch lò.
35 He wove the curtain of blue, purple, scarlet yarn, and finely twisted linen, cherubim skillfully worked in. Anplis li te fè vwal la avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde, avèk cheriben yo; èv a yon mèt ouvriye.
36 He made four acacia pillars for it, plated them with gold, gold hooks, and cast four silver bases for them. Li te fè kat pilye yo an akasya pou li, e li te kouvri l avèk yon kouch lò. Kwòk yo te fèt an lò. Li te fonde kat baz reseptikal an ajan pou yo.
37 He made a screen for the tent's entrance, embroidered in blue, purple, and scarlet yarn and finely twisted linen, Li te fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, ak wouj, e twal fen blan byen tòde, travay a yon tiseran;
38 and its five pillars with hooks; he covered their tops and connecting rods with gold, but their five bases were bronze. epi li te fè senk pilye li yo avèk kwòk pa yo, e li te kouvri tèt yo avèk bann seraj avèk lò; epi senk baz reseptikal yo te an bwonz.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]