Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Moses gathered the whole community of Israel's people and told them, "These are the things our Father commanded you to do. Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè:
2 Work six days; the seventh is holy to you, a Sabbath of complete rest to our Father. Anyone who works on it must be put to death. Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon repo Saba konplè a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò.
3 You shall not light a fire in any of your homes on the Sabbath day." Nou pa pou limen dife nan okenn lojman nou nan jou Saba a.”
4 Moses told all Israel's assembly, "This is what our Father commanded: Moïse te pale ak tout kongregasyon fis Israël yo. Li te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande a, e te di:
5 Take from among you a gift for our Father. Let each willing heart bring our Father's gift: gold, silver, and bronze. ‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,
6 Blue, purple, and scarlet yarns, fine linen, goats' hair, twal ble, mov ak wouj, twal fen blan, pwal kabrit,
7 tanned rams' skins, fine leather, and acacia wood, ak po belye fonse wouj, e po dofen avèk bwa akasya,
8 oil for the light, spices for the anointing oil and for the fragrant incense, avèk lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon an e pou lansan santi bon an,
9 and onyx stones and stones for setting, for the ephod and for the breastpiece. epi pyè oniks avèk pyè monti pou efòd la, e pou pyès lestomak la.
10 "Let every skillful person among you come and make all that our Father has commanded: “‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo:
11 the tabernacle: its tent, cover, clasps, frames, bars, posts, and bases, tabènak la, tant li ak kouvèti li, kwòk li yo, planch li yo, poto li yo, pilye li yo, ak baz reseptikal li yo;
12 the ark with its poles, the mercy seat, and the veil that screens it; lach la avèk poto pa li, chèz pwopyatwa a, ak rido vwal la;
13 the table with its poles and all its utensils, and the bread of the Presence; tab la avèk poto pa li, tout bagay itil yo, ak pen Prezans lan;
14 the lampstand for the light, with its utensils and its lamps, and the oil for the light; chandelye a osi avèk limyè li ak lwil pou limyè a;
15 the incense altar and its poles; anointing oil and fragrant incense; and the screen for the tabernacle entrance; epi lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la;
16 the burnt-offering altar with its bronze grate, poles, and all its utensils; the basin and its stand, lotèl ofrann brile a avèk griyaj li, poto li, ak tout bagay itil li yo, basen, avèk baz li;
17 the courtyard's curtains, its pillars and bases, and the screen for its gate, episa k ap pann sou galeri yo, avèk pilye li yo, baz reseptikal yo, ak rido pòtay la;
18 the pegs of the tabernacle and the pegs of the courtyard, with their cords; pikèt tabènak yo avèk pikèt galeri yo, ak kòd pa yo;
19 the finely woven garments for serving in the Holy Place, the holy garments for Aaron the priest, and the garments for his sons to serve as priests." vètman tise yo pou sèvi nan lye sen an, vètman sen yo pou Aaron, prèt la, ak vètman a fis li yo pou yo sèvi kòm prèt.’”
20 Then all the congregation of the people of Israel left Moses. Konsa, tout kongregasyon a fis Israël yo te pati kite prezans Moïse.
21 Everyone whose heart stirred him, everyone whose spirit moved him, brought our Father's contribution for the tent of meeting's work, all its service, and the holy garments. Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo.
22 Men and women came together; all who were willing-hearted brought brooches, earrings, signet rings, and armlets—every kind of gold object—and everyone presented a wave offering of gold to our Father. Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.
23 Everyone who had blue, purple, or scarlet yarn, fine linen, goat hair, tanned ram skins, or fine leather brought them. Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo.
24 Everyone who could give a contribution of silver or bronze brought it as our Father's contribution; everyone with acacia wood for any task of the work brought it. Tout moun ki te kab fè yon ofrann lò ak bwonz te pote pòsyon ofrann SENYÈ a; epi chak moun ki te posede bwa akasya pou nenpòt travay nan sèvis la te pote li.
25 Every skilled woman spun with her hands and brought her spun thread: blue, purple, scarlet, and fine linen. Tout fanm ki te abil, te file fil pou twal avèk men yo, e te pote sa ke yo te file yo, materyo ble avèk mov, wouj, ak len byen fen.
26 All the skilled women whose hearts were stirred spun the goat hair. Tout fanm avèk kè bon volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo.
27 The leaders brought onyx stones and gems for mounting, for the ephod and for the breastpiece, Mèt dirijan yo te pote pyè bijou oniks, pyè bijou pou monte gwo efòd la ak pou pyès lestomak la;
28 and spices, and the oil for the light, for the anointing oil, and for the fragrant incense. epi epis avèk lwil pou limyè a, pou lwil onksyon an, e pou lansan santi bon an.
29 Every Israelite man and woman whose heart willed it brought a voluntary offering to our Father for all the work our Father commanded through Moses. Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon ofrann bon volonte bay SENYÈ a.
30 Then Moses told the Israelites, "See, our Father has called by name Bezalel son of Uri, son of Hur, of Judah's tribe, Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a.
31 and filled him with the Spirit of our Father—skill, understanding, knowledge, and every kind of craftsmanship, Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo;
32 to devise artistic designs, to work in gold, silver, and bronze, pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz,
33 in cutting stones for setting and in carving wood, to work in every kind of skilled craft. anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.
34 Our Father has put in Bezalel's heart to teach—he and Oholiab son of Ahisamach, of the tribe of Dan. “Li osi te dedike kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan.
35 He filled them with skill for every kind of work—engraving, designing, embroidering in blue, purple, and scarlet yarn and fine linen, and weaving—skilled in every craft, full of ideas." Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blanc, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]