Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 34 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father told Moses, "Carve two stone tablets for yourself, like the first. I will write on them the words that were on the first tablets, which you broke. Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo.
2 Be ready in the morning. Come up Mount Sinai then, and present yourself to me there on the mountaintop. Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan.
3 No one may come up with you, or be seen anywhere on the mountain; not even flocks or herds may graze facing that mountain." Nanpwen pèsòn ki pou monte avèk ou, ni pa kite pèsòn vizib nan okenn andwa sou mòn nan. Menm bann mouton yo ak twoupo yo p ap pou manje devan mòn sa a.”
4 Moses cut two stone tablets like the first, rose early, went up Mount Sinai as our Father had commanded him, carrying the two stone tablets in his hand. Konsa, Moïse te koupe de tablèt an wòch tankou sa ki te fèt avan yo. Li te leve granmmaten pou monte sou Mòn Sinaï a, jan SENYÈ a te kòmande li a. Li te pran de tablo an wòch yo nan men l.
5 Then our Father came down in the cloud and stood with him there, and proclaimed the name of our Father. SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.
6 Our Father passed before him, proclaiming, "your Father—compassionate and gracious, slow to anger, and overflowing with covenant love and faithfulness, Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a;
7 keeping covenant love for thousands, forgiving guilt, rebellion, and sin; yet he will not clear the guilty, bringing the guilt of parents on children and grandchildren, to the third and fourth generation." ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
8 Moses quickly bowed to the ground and worshiped. Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore.
9 He said, "If I have found favor in your eyes, Sovereign Father, let the Sovereign Father go among us, even though this is a stubborn people. Forgive our guilt and our sin, and take us as your inheritance." Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”
10 He said, "I am making a covenant. Before all your people I will do wonders never created in any nation or on all earth. All the people among whom you live will see your Father's work, for what I am doing with you is awesome. Alò, Bondye te di: “Gade byen, Mwen va fè yon akò. Devan tout pèp ou a Mwen va fè mirak ki pa t janm fèt nan tout tè a ni pami okenn nan nasyon yo. Epi tout pèp pami sila nou ap viv yo, va wè zèv a SENYÈ a, paske se yon bagay etonan ke Mwen va fè ak ou a.
11 Keep what I command you today. I am driving out before you the Amorites, Canaanites, Hittites, Perizzites, Hivites, and Jebusites. “Fè sèten ke ou obsève sa ke Mwen kòmande ou nan jou sa a. Gade byen, Mwen va chase devan ou Amoreyen yo, Kananeyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evetyen yo, ak Jebisyen yo.
12 Be careful: don't make a covenant with those living in the land you're entering, or they'll become a trap among you. Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.
13 Instead, tear down their altars, smash their pillars, and cut down their Asherah poles. “Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.
14 Don't bow to any other god—your Father's name is Jealous; he is a jealous Father." Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.
15 "Make no covenant with the land's residents, for when they prostitute themselves to their gods and sacrifice to them, they will invite you, and you will eat from their sacrifice; “Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li.
16 and you take their daughters for your sons, and their daughters prostitute themselves to their gods, drawing your sons to do the same." Epi pou nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo.
17 "You must not make cast-metal gods for yourselves." “Nou p ap fè pou tèt nou okenn dye ki fonn.
18 "Keep the Festival of Unleavened Bread: eat unleavened bread seven days, as I commanded you, at the set time in the month of Abib—for in the month of Abib you came out of Egypt." “Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.
19 "Every firstborn opening the womb is mine—every male of your livestock, the firstborn of ox and sheep." “Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo.
20 "Redeem a donkey's firstborn with a lamb; if you don't redeem it, break its neck. Redeem all your sons' firstborn. No one may appear before me empty-handed." Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid.
21 "Six days you work; the seventh day you rest—even during plowing and harvest, rest." Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.
22 "Keep the Feast of Weeks with the wheat harvest's firstfruits, and the Feast of Ingathering at the year's turn." “Ou va selebre fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a.
23 "Three times a year all your males are to appear before the Sovereign Father of Israel. Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la.
24 For I will drive out nations before you and enlarge your borders; no one will crave your land when you go up to appear before your Father three times a year." Paske Mwen va chase nasyon yo devan ou, e fè agrandi limit fwontyè ou yo. Pèsòn p ap fè lanvi sou peyi ou lè w ap monte twa fwa pa ane pou parèt devan SENYÈ a, Bondye ou a.
25 "Do not offer the blood of my sacrifice with anything containing yeast, and do not let the sacrifice of the Passover feast remain until morning." “Ou p ap ofri san sakrifis Mwen yo avèk pen leve, ni kite sakrifis ki pou fèt Pak la rete jis rive nan maten.
26 "Bring the best firstfruits of your soil to your Father's house. Do not boil a young goat in its mother's milk." “Ou va pote premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”
27 Then our Father said to Moses, "Write these words, for according to these words I made a covenant with you and with Israel." Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri mo sa yo. Paske an akò avèk mo sa yo, Mwen te fè yon akò avèk ou, e avèk Israël.”
28 Moses stayed there with our Father forty days and forty nights, eating no bread, drinking no water. He wrote the covenant's words—the Ten Words—on the tablets. Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
29 As Moses came down Mount Sinai with the two tablets of the testimony in his hand, he didn't know his face shone from speaking with our Father. Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a.
30 Aaron and all the Israelites saw Moses' face shone, and they feared to approach him. Pou sa, lè Aaron avèk tout fis Israël yo te wè Moïse, byen gade, po figi li t ap briye, e yo te pè pwoche li.
31 Moses called them; Aaron and all leaders of the assembly returned, and Moses spoke to them. Epi Moïse te rele yo avèk Aaron. Tout dirijan kongregasyon yo te retounen kote li. Konsa, Moïse te pale avèk yo.
32 Afterward all the Israelites approached, and he commanded them all our Father had told him on Mount Sinai. Apre sa a, tout fis Israël yo te pwoche, e li te bay yo tout komandman yo ke SENYÈ a te pale ak li nan Mòn Sinaï a.
33 When Moses had finished speaking with them, he put a veil over his face. Lè Moïse te fin pale avèk yo, li te mete yon vwal sou figi li.
34 But whenever Moses went in before our Father to speak with him, he would remove the veil until he came out; then he would come out and tell the Israelites what he was commanded. Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo.
35 The Israelites would see that Moses' face was radiant, and Moses would put the veil back over his face until he went in to speak with our Father again. Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]