Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to Moses, "Leave here, you and the people you brought up out of Egypt, for the land I swore to Abraham, Isaac, and Jacob: I will give it to your offspring. Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Issac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’
2 I will send an angel before you and drive out the Canaanites, Amorites, Hittites, Perizzites, Hivites, and Jebusites. Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebisyen yo.
3 Go up to a land flowing with milk and honey, but I won't go up among you, for you're a stubborn people, and I might destroy you on the way." Monte vè yon peyi ki koule lèt ak siwo myèl; men Mwen p ap monte nan mitan nou, pwiske nou se yon pèp tèt di, e Mwen ta kapab petèt detwi nou nan chemen an.”
4 When the people heard this distressing news, they mourned, and no one put on their jewelry. Lè pèp la te tande pawòl tris sa yo, yo te antre nan gwo doulè, e pèsòn pa t abiye avèk òneman yo.
5 For our Father told Moses, "Say to Israel's people: You are a stubborn people. If I went among you for one moment, I would destroy you. Now remove your ornaments, so I can decide what to do with you." Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’”
6 So the people of Israel stripped off their jewelry from Mount Horeb onward. Konsa, soti Mòn Horeb pou rive pi lwen, fis Israël yo te retire tout òneman yo nèt sou yo menm.
7 Moses would take the tent and pitch it outside the camp, far from the camp, calling it the tent of meeting. Everyone seeking our Father would go out to the tent of meeting, outside the camp. Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.
8 Whenever Moses went out to the tent, all the people rose and stood, each at his tent's entrance, watching Moses until he entered. Epi li te rive ke nenpòt lè ke Moïse te sòti deyò tant lan, ke tout pèp la ta leve kanpe, chak moun nan antre a tant pa yo a, e gade vè Moïse jiskaske li te vin retounen nan tant lan.
9 Whenever Moses entered the tent, the pillar of cloud descended, stood at the entrance, and our Father spoke with Moses. Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.
10 When all the people saw the pillar of cloud standing at the tent entrance, they would rise and worship, each at his own tent entrance. Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a.
11 So our Father would speak to Moses face to face, as one speaks with a friend. Moses would return to camp, but his young servant Joshua son of Nun would not leave the tent. Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.
12 Moses said to our Father, "Look, you tell me, 'Bring up this people,' but you haven't told me whom you'll send with me. Yet you said, 'I know you by name, and you have also found favor in my sight.' Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’
13 Now, if I have found favor in your eyes, please show me your ways, so I may know you and keep finding favor in your eyes. Remember too—this nation is your people." Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”
14 And he said, "My presence will go with you, and I will give you rest." Konsa, Li te di: “Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”
15 Moses said to him, "If your presence doesn't go with us, don't bring us up from here. Epi Moïse te di Li: “Si prezans Ou p ap prale avèk nou, pa mennen nou monte isit la.
16 How else will it be known that I have found favor with you, I and your people? Isn't it by your going with us, so we are set apart, I and your people, from every other people on the face of the earth?" Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”
17 And our Father said to Moses, "This very thing you have asked I will do, for you have found favor in my sight, and I know you by name." SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”
18 Then Moses said, "Please show me your glory." Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”
19 He said, "I will make all my goodness pass before you and proclaim my name before you. I will be gracious to whom I will be gracious, and show compassion on whom I will show compassion." Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”
20 But he said, "You cannot see my face, for no one may see me and live." Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”
21 And our Father said, "There is a place beside me; you will stand on the rock, SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la.
22 while my glory passes by, I will put you in a rock crevice and cover you with my hand until I have passed by. Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase.
23 Then I will remove my hand, and you will see my back; my face will not be seen." Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]