Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the people saw Moses delayed coming down the mountain, they gathered around Aaron and said to him, "Get up, make us gods to go before us. This Moses, the man who brought us up from the land of Egypt—we don't know what's happened to him." Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”
2 Aaron told them, "Take off the gold earrings on the ears of your wives, sons, and daughters, and bring them to me." Aaron te di yo: “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.”
3 All the people removed the gold rings from their ears and brought them to Aaron. Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron.
4 He took the gold from their hands, shaped it with an engraving tool, and cast it into a calf. Then they said, "These are your gods, Israel, who brought you up from the land of Egypt!" Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”
5 Seeing this, Aaron built an altar before it and announced, "Tomorrow is a festival to our Father." Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.”
6 They rose early next day, offered burnt offerings, and brought peace offerings. The people sat to eat and drink, then got up to revel. Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.
7 Then our Father said to Moses, "Go down, because your people, whom you brought up from the land of Egypt, have corrupted themselves. Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi.
8 They have quickly turned from the way I commanded them, made themselves a cast calf, bowed to it, sacrificed to it, and said, 'Israel, these are your gods who brought you up from the land of Egypt.'" Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”
9 Our Father said to Moses, "I have seen this people, and they are a stubborn people. SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di.
10 Now leave me alone, that my anger may burn against them and I may consume them, and I will make you a great nation." Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
11 Moses pleaded with our Father: "Why, our Father, does your anger burn against your people, whom you brought out of the land of Egypt with great power and a mighty hand? Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an?
12 Why should the Egyptians say, 'He brought them out with evil intent, to kill them in the mountains and wipe them off the face of the earth'? Turn from your burning anger; relent from this disaster against your people. Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” “Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la.
13 Remember Abraham, Isaac, and Israel, your servants, to whom you swore by yourself and told them: 'I will multiply your offspring like the stars of heaven, and I will give your offspring all this land I have promised, and they will inherit it forever.'" Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”
14 So our Father relented from the disaster he had spoken of bringing on his people. Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.
15 Moses turned and went down from the mountain, the two tablets of the testimony in his hand, tablets written on both sides, front and back. Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; tablèt ki te ekri nan toude fas yo.
16 The tablets were the work of our Father; the writing was the writing of our Father, engraved on the tablets. Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye. Ekriti la se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo.
17 When Joshua heard the sound of the people shouting, he told Moses, "That's the sound of war in the camp." Alò, lè Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele fò, li te di Moïse: “Gen son lagè nan kan an”.
18 Moses replied, "Not the sound of victory's shout, nor the sound of defeat's cry—I hear the sound of singing." Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.”
19 As Moses neared the camp and saw the calf and the dancing, his anger flared; he threw the tablets from his hands, shattering them at the base of the mountain. Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan.
20 He took the calf they made, burned it in fire, ground it to powder, scattered it on the water, and made the Israelites drink it. Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.
21 Moses said to Aaron, "What did this people do to you, that you brought such great sin on them?" Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”
22 Aaron said, "Don't be angry, my lord; you know the people are inclined to evil. Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, ke yo toujou panche vè lemal.
23 They said to me, 'Make us gods to go ahead of us. This Moses, the man who brought us out of the land of Egypt—we can't say what became of him.' Paske yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’”
24 I told them, 'Whoever has gold, strip it off.' They gave it to me; I threw it into the fire, and out came this calf." “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”
25 Moses saw that the people ran wild, for Aaron had let them run wild, to their enemies' mockery. Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—
26 Moses stood at the camp gate and said, "Whoever is for our Father, come to me!" All the Levites gathered around him. Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.
27 He said to them, "This is what our Father says: Strap your sword to your side, each of you. Go back and forth through the camp, gate to gate, and kill your brother, your friend, your neighbor." Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.”
28 The Levites did as Moses commanded, and that day about 3,000 of the people fell. Konsa, fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.
29 Moses said, "Today you set yourselves apart for our Father, each at the cost of his son and brother, so he might bless you today." Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun te kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.”
30 The next day Moses told the people, "You have sinned greatly. Now I will go up to our Father—perhaps I can atone for your sin." Nan jou pwochen a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”
31 Moses returned to our Father and said, "Oh, this people has sinned greatly, making themselves gods of gold. Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm.
32 Now, if you'll forgive their sin—if not, blot me, please, out of the book you wrote." Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!”
33 But our Father told Moses, "I will blot out of my book whoever has sinned against me. SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, Mwen va efase li nan liv Mwen an.
34 Go, lead the people where I told you; my angel will go before you. But on the day I settle accounts, I will charge them with their sin." Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”
35 Then our Father struck the people with plague because of what they did with the calf that Aaron made. Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]