Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses, saying: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "Tell the Israelites: If a person sins unintentionally against any of our Father's commands, doing what must not be done, and breaks one of them, “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo,
3 if the anointed priest sins, bringing guilt on the people, he must bring our Father a young bull without defect as a sin offering for the sin he committed. si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.
4 He is to bring the bull to the tent of meeting's entrance before our Father, lay his hand on its head, and slaughter it before our Father. “‘Li va pote towo a nan pòtay tant asanble a devan SENYÈ a. Li va poze men l sou tèt towo a e touye li devan SENYÈ a.
5 The anointed priest takes some of the bull's blood and brings it into the tent of meeting. Alò, prèt onksyone a dwe pran kèk nan san towo a pou pote li vè tant asanble a.
6 He is to dip his finger in the blood, sprinkling it seven times before our Father in front of the sanctuary veil. Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an, e flite kèk nan san an sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal sanktiyè a.
7 The priest is to put some of the blood on the horns of the altar of fragrant incense before our Father, which is in the tent of meeting, and pour all the rest of the bull's blood at the base of the burnt-offering altar at the entrance of the tent of meeting. Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn lotèl lansan santi bon a ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.
8 He is to remove all the fat of the sin offering bull: the fat covering the entrails, and all the fat on the entrails. Li va retire sou li tout grès towo ofrann peche a: grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo,
9 The two kidneys, the fat on them near the loins, and the liver's lobe—he removes with the kidneys, ak de ren avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo,
10 as removed from the ox of the peace offering; the priest is to burn them on the altar of burnt offering. (jis jan ke li retire nan bèf sakrifis ofrann lapè a), epi prèt la dwe ofri yo nan lafimen sou lotèl ofrann brile a.
11 But the bull's hide, all its flesh, head, legs, intestines, and dung. Men po towo a ak tout chè li avèk tèt li, janm li yo, zantray li yo ak watè li,
12 He must carry all the rest of the bull outside the camp to a clean place where ashes are dumped, and burn it on a wood fire; it must be burned where ashes are dumped. ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile.
13 "If Israel's whole congregation sins unintentionally, and the matter is hidden from the assembly's eyes, and they do one of the things our Father commanded not to be done, and become guilty. “‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;
14 When the sin they committed becomes known, the assembly must offer a young bull as a sin offering and bring it before the tent of meeting. lè peche ke yo te komèt la, vin konnen, alò, asanble a va ofri yon towo nan twoupo a kòm yon ofrann peche, e yo va pote li devan tant asanble a.
15 The elders of the community lay hands on the bull's head before our Father; then it is slaughtered before our Father. Answit, ansyen nan asanble yo va poze men yo sou tèt towo a devan SENYÈ a, epi towo a va touye devan SENYÈ a.
16 Then the anointed priest is to bring some of the bull's blood into the tent of meeting. Answit, prèt onksyone a dwe pote kèk nan san towo a nan tant asanble a.
17 He is to dip his finger in the blood and sprinkle seven times before our Father, in front of the veil. Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an e flite li sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal la.
18 He is to put some of the blood on the altar's horns before our Father in the tent of meeting, then pour all the rest of it at the base of the altar of burnt offering, at the tent of meeting's entrance. Li va mete kèk nan san sou kòn lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.
19 He is to remove all its fat and burn it on the altar. Li va retire tout grès li ladann e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la.
20 He is to do the same with this bull as with the sin offering's bull. So the priest will atone for them, and they'll be forgiven. Li va osi fè avèk towo a menm bagay li te fè avèk towo ofrann peche a; se konsa li va fè avè l. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou yo, e yo va vin padone.
21 He is to carry the bull outside the camp and burn it as he burned the first bull; it is the assembly's sin offering. Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se ofrann peche pou asanble a.
22 "When a leader sins, unintentionally doing anything our Father commanded not to do, and becomes guilty, “‘Lè yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,
23 if he learns of the sin he committed, he must bring as his offering a male goat without defect. si peche ke li te fè a vin konnen a li menm, li va pote pou ofrann li, yon kabrit, yon mal san defo.
24 He is to lay his hand on the goat's head and slaughter it where the burnt offering is slaughtered before our Father—a sin offering. Li va poze men li sou tèt mal kabrit la e touye li nan plas kote yo touye ofrann brile devan SENYÈ a. Li se yon ofrann peche.
25 The priest will take some sin-offering blood with his finger, and put it on the burnt-offering altar's horns, then pour the rest at its base. Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a.
26 He is to burn all its fat on the altar, like the fat of the peace offering. The priest will atone for his sin, and he will be forgiven. Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.
27 "If anyone of the common people sins unintentionally, doing any one of the things our Father commanded not to do, and incurs guilt, “‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab,
28 when he becomes aware of his sin, he must bring a female goat without defect as his offering for the sin he committed. si peche li a vin konnen a li menm, alò, li va pote pou ofrann pa li a, yon kabrit, yon femèl san defo, pou peche ke li te komèt la.
29 He is to lay his hand on the sin offering's head and slaughter it at the burnt offering's place. Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a.
30 With his finger the priest puts some of its blood on the burnt-offering altar's horns, then pours all the rest at its base. Prèt la va pran kèk nan san li an avèk dwèt li, e li va mete li sou kòn lotèl ofrann brile a; epi tout rès san li an, prèt la va vide l nan baz lotèl la.
31 He is to remove all its fat, as fat is removed from the peace offering; the priest is to burn it on the altar—a pleasing aroma to our Father—and make atonement for him, and he will be forgiven. Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.
32 "If he brings a lamb as his sin offering, he is to bring a female without defect. “‘Men si li pote yon jenn mouton kòm ofrann li pou ofrann peche a, li va pote li, yon femèl san defo.
33 He is to lay his hand on the sin offering's head and slaughter it as a sin offering where the burnt offering is slaughtered. Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye li kòm yon ofrann peche nan plas kote yo touye ofrann brile a.
34 With his finger the priest is to take some of the blood from the sin offering and apply it to the horns of the altar where burnt offerings are made, then pour out all the remaining blood at the altar's base. Prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl ofrann brile a, epi tout rès san li an, prèt la va vide li nan baz lotèl la.
35 He must remove all its fat, as the lamb's fat is removed from the peace offering; the priest will burn it on the altar atop the fire offerings to our Father. So the priest will atone for him for the sin he committed, and he will be forgiven." Answit, li va retire tout grès li, menm jan grès jenn mouton an te retire nan sakrifis ofrann lapè yo, epi prèt la va ofri yo nan lafimen bay SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche li, sa ke li te komèt la, e li va vin padone.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]