Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "If anyone sins by hearing a public call to testify, and is a witness, having seen or known, yet stays silent, he bears his guilt. “‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.
2 "Or if someone unknowingly touches any unclean thing, or a carcass—unclean wild animal, unclean livestock, or unclean swarming creature—he becomes unclean and guilty. “‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.
3 "Or if he touches human impurity—any impurity that makes one unclean—unknowingly, then learns of it, he is guilty. Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.
4 "Or if anyone rashly swears an oath to do evil or good—whatever people rashly swear—and it's hidden from him, when he realizes it, he's guilty in any of these. Oubyen, si yon moun sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo.
5 When anyone is guilty in any of these matters, he must confess the sin he has committed. Se konsa li va ye lè li vin koupab nan youn nan sa yo, ke li va konfese nan sa ke li te fè peche a.
6 He must bring our Father a penalty offering for the sin he committed—a female from the flock, a lamb or goat—as a sin offering; the priest will atone for his sin. Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.
7 "If he can't afford a lamb, he must bring our Father two turtledoves or two young pigeons as penalty for his sin—one as a sin offering, the other as a burnt offering. “‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.
8 He brings them to the priest, who presents the sin offering first, wringing its head at the neck without separating it. Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a san ke li pa fin separe li nèt.
9 He sprinkles some blood from the sin offering on the altar's side; the rest drains at its base. It is a sin offering. Li va osi flite kèk nan san ofrann peche a sou kote lotèl la, e rès san an va koule degoute nan baz lotèl la. Li se yon ofrann peche.
10 The second bird he offers as a burnt offering, per the rule. The priest atones for his sin, and he is forgiven. Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone.
11 "But if he cannot afford two doves or two young pigeons, he must bring two quarts of fine flour as his sin offering—no oil or incense on it, for it is a sin offering. “‘Men si mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche.
12 He must bring it to the priest, who takes a handful as its memorial portion and burns it on the altar atop our Father's fire offerings. It is a sin offering. Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche.
13 The priest will atone for him for any of these sins he committed, and he'll be forgiven; the rest belongs to the priest, like the grain offering." Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan youn nan sila yo, e sa va padone li. Konsa, rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’”
14 Then our Father said to Moses, Answit SENYÈ a te pale avèk Moïse e t ap di:
15 "If anyone is unfaithful and sins unintentionally against any of our Father's holy things, he must bring our Father a ram without defect from the flock as his guilt offering, valued in silver by weight by the sanctuary standard—a guilt offering. “Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite.
16 He must repay for the holy thing he sinned against, adding a fifth, and give it to the priest. The priest will atone for him with the guilt-offering ram, and he'll be forgiven. Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone.
17 "If anyone sins, doing what our Father commanded not to be done, even unknowingly, he is guilty and bears his wrongdoing. “Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li.
18 He must bring the priest a flawless ram from the flock, at the assessed value, as a guilt offering; the priest will atone for his unwitting sin, and he'll be forgiven. Li dwe, alò, pote bay prèt la yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan tò li ladann li te fè peche san movèz entansyon, e pa t konnen sa a, e li va padone.
19 It is a guilt offering; he was certainly guilty before our Father." Li se yon ofrann koupabilite. Sètènman, li koupab devan SENYÈ a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]