Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses: Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "If anyone sins, unfaithful to your Father, by deceiving his neighbor about a deposit, a pledge, or stolen goods, or by cheating him, “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans,
3 or if he finds lost property and lies about it, swearing falsely—any such act by which a person sins. oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo;
4 When he sins and is guilty, he must return what he stole, or extorted, or the deposit entrusted to him, or the lost item he found, alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a,
5 or whatever he swore falsely about, he must repay it in full, add a fifth to it, and give it to its owner on the day he admits his guilt. oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.
6 He must bring his guilt offering to your Father: a ram without defect from the flock, at your valuation, as a guilt offering, to the priest. Li va pote bay prèt la ofrann koupabilite li a, bay SENYÈ a, yon belye san defo ki soti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite.
7 The priest will atone for him before your Father, and he'll be forgiven for whatever he did that made him guilty." Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a, e li va padone pou nenpòt nan bagay sa yo ke li te fè pou vin koupab.”
8 Then our Father spoke to Moses: Alò, SENYÈ a te pale a Moïse, e t ap di:
9 "Command Aaron and his sons: This is the law for the burnt offering. It stays on the altar's hearth all night until morning, and the altar fire must keep burning on it. “Kòmande Aaron avèk fis li yo e di: ‘Sa se lalwa pou ofrann brile a: ofrann brile a li menm va retire nan fwaye lotèl la tout nwit lan jis rive nan maten, epi dife sou lotèl la va kontinye brile sou li.
10 The priest is to wear his linen garment, with linen undergarments against his skin, then remove the ashes left after the fire consumes the burnt offering on the altar, and place them beside the altar. Prèt la dwe abiye an vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la.
11 Then he removes his garments, puts on others, and carries the ashes outside the camp to a clean place. Answit, li va retire vètman sa yo pou mete lòt vètman. Epi li va pote sann yo deyò kan an nan yon plas ki pwòp.
12 The altar fire must keep burning; it must not go out. Every morning the priest adds wood on it, arranges the burnt offering on it, and burns the fat of the peace offerings on it. Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten. Li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo.
13 The fire must be kept burning on the altar continually; it must not go out. Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen.
14 "This is the law of the grain offering: Aaron's sons must bring it before your Father, in front of the altar. “‘Alò, sa se lalwa ofrann sereyal la: fis Aaron yo va prezante li devan SENYÈ a, devan lotèl la.
15 The priest takes a handful of the grain offering's fine flour and oil, with all its frankincense, and burns this memorial portion on the altar as a pleasing aroma to your Father. Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a.
16 Aaron and his sons eat what remains; it must be eaten without yeast in a holy place, eaten in the courtyard of the tent of meeting. Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a.
17 Do not bake it with yeast. I've given it as their share of my food offerings, like the sin and guilt offerings; it is most holy. Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a.
18 Every male of Aaron's descendants may eat it—a lasting portion through your generations from your Father's food offerings. Whatever touches them becomes holy." Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li. Li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. Nenpòt moun ki touche yo va sen.’”
19 Our Father said to Moses: Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
20 "This is Aaron and his sons' offering to your Father on the day he is anointed: about two quarts of fine flour as a regular grain offering, half in the morning, half in the evening. “Sa se ofrann ke Aaron avèk fis li yo dwe prezante bay SENYÈ a nan jou ke li onksyone a: dizyèm nan yon efa farin fen kòm yon ofrann sereyal nòmal, mwatye nan li nan maten e mwatye nan li nan aswè.
21 Prepare it with oil on a griddle, bring it well-kneaded, present the grain offering in broken pieces—a pleasing aroma to your Father. Li va prepare avèk lwil nan yon pwalon. Lè li fin byen vire, ou va pote li. Ou va prezante ofrann sereyal la an mòso boukannen kòm bon sant bay SENYÈ a.
22 The anointed priest who succeeds him from among his sons must prepare it—a lasting decree before your Father: it must be burned completely. Prèt onksyone a ki nan plas li pami fis li yo va ofri li. Pa yon òdonans pèmanan, li va ofri tout nèt nan lafimen bay SENYÈ a.
23 Every grain offering of a priest is to be burned completely; it must not be eaten." Konsa, chak ofrann sereyal va konplètman brile nan lafimen bay SENYÈ a.”
24 Again our Father spoke to Moses: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
25 "Tell Aaron and his sons: this is the law of the sin offering: slaughter it before your Father, where the burnt offering is slaughtered; it is most holy. “Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout.
26 The priest who offers it for sin must eat it; it must be eaten in a holy place, in the tent of meeting's courtyard. Prèt la ki ofri li pou peche a va manje li. Li va manje yon kote ki sen, nan galeri a tant asanble a.
27 Whatever touches its flesh becomes holy. If its blood spatters a garment, wash the spattered spot in a holy place. Nenpòt moun ki touche chè li va vin sen. Lè kèk nan san li vin gaye sou yon vètman, nan yon lye sen, ou va lave sa ki te gaye sou li a.
28 The clay pot it is boiled in must be broken; if boiled in a bronze pot, it must be scoured and rinsed with water. Osi po ajil ladann li te bouyi a va kraze; epi si li te bouyi nan yon veso an bwonz, alò li va lave byen lave, e rense nan dlo.
29 Every male among the priests may eat it; it is most holy. Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. Li pi sen pase tout.
30 No sin offering whose blood is brought into the tent of meeting to atone in the Holy Place may be eaten; it must be burned with fire." Men okenn ofrann peche ki te gen san ki te pote antre nan tant asanble a pou fè ekspiyasyon nan lye sen an p ap manje. Li va brile avèk dife.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]