Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "This is the law of the guilt offering. It is most holy. “‘Alò sa se lalwa ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout.
2 Where they slaughter the burnt offering, they must slaughter the guilt offering; splatter its blood on all sides of the altar. Nan plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la.
3 All its fat is offered: the fat tail and fat covering the inner organs, Answit, li va ofri li avèk tout grès li: grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo,
4 the two kidneys and their fat at the loins, and the liver's long lobe, removed with the kidneys. ak de ren yo avèk grès ki sou yo, ki nan pati senti a; epi gwo bout fwa a, li va retire avèk ren yo.
5 The priest burns them on the altar as a food offering to our Father; a guilt offering. Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Li se yon ofrann koupabilite.
6 Any male priest may eat it, eaten only in a holy place; it is most holy. Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.
7 "The sin offering and guilt offering share one law: it belongs to the priest who makes atonement with it. “‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.
8 The priest who offers anyone's burnt offering keeps its hide for himself. Osi, prèt ki prezante ofrann brile a nenpòt moun nan, prèt sa a va gen pou li menm, po a ofrann brile ke li te prezante a.
9 Any grain offering baked in an oven, and all made in a pan or on a griddle, belongs to the priest who offers it. Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon pwalon va rete pou prèt ki prezante li a.
10 Every grain offering, mixed with oil or dry, belongs equally to all Aaron's sons. Tout ofrann sereyal, mele avèk lwil oswa sèch, va vin apatyen a tout fis Aaron yo, tout menm jan an.
11 "This is the law of the sacrifice of peace offerings that anyone may bring to our Father. “‘Alò, sa se lalwa sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a.
12 If he presents it as a thank offering, with it he must offer unleavened cakes mixed with oil, unleavened wafers coated with oil, and cakes of fine flour well kneaded and mixed with oil. Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.
13 He must bring loaves of leavened bread with his thanksgiving sacrifice of peace offerings. Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen san ledven.
14 From it he must give one of each as a contribution to our Father; it belongs to the priest who spatters the blood of the peace offerings. De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo.
15 The meat of his thanksgiving peace offerings must be eaten the day it's offered; none of it may remain until morning. Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten.
16 "If his offering is a vow or voluntary sacrifice, it must be eaten the day he offers it; what remains may be eaten the next day. “‘Men si sakrifis lapè a se yon ofrann pou fè ve, oswa yon ofrann bòn volonte, li va manje nan jou ke li ofri sakrifis la. Epi nan pwochen jou a, sa ki rete a, ap kapab manje;
17 But any sacrifice flesh remaining on the third day must be burned in fire. men sa ki rete nan chè sakrifis la, nan twazyèm jou a, va brile avèk dife.
18 If any of his peace offering's meat is eaten on the third day, it won't be accepted, it won't count for the offerer—it's tainted, and whoever eats it bears his guilt. Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.
19 "Flesh that touches anything unclean must not be eaten—burn that flesh in fire. But other flesh: anyone clean may eat it. “‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a.
20 Anyone who eats meat of our Father's peace offering while unclean will be cut off from his people. Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.
21 Whoever touches anything unclean—human impurity, an unclean animal, or any unclean, detestable thing—then eats meat from our Father's peace offering, that person will be cut off from his people." Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”
22 Our Father spoke to Moses: Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
23 "Tell the people of Israel: Do not eat any fat from ox, sheep, or goat. “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit.
24 Fat from a carcass or animal mauled by a predator may serve any purpose, but never eat it. Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li.
25 Anyone who eats fat from an animal offered to me by fire will be cut off from his people. Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a.
26 You must not eat any blood at all, from bird or animal, wherever you live. Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo.
27 Anyone who eats any blood will be cut off from his people." Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”
28 Our Father spoke to Moses: Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
29 "Speak to the Israelites: Whoever presents his peace offering to me must bring his offering to me from that sacrifice. “Pale avèk fis Israël yo, e di: ‘Sila ki ofri sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a, va pote ofrann li an bay SENYÈ a soti nan sakrifis ofrann lapè li a.
30 With his hands he must bring my food offerings; the fat with the breast he must bring, to wave the breast as a wave offering before me. Se pwòp men li ki va pote ofrann pa dife a bay SENYÈ a. Li va pote grès la avèk pwatrin nan, pou pwatrin nan kapab prezante kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.
31 The priest burns the fat on the altar; the breast belongs to Aaron and his sons. Prèt la va ofri grès la nan lafimen sou lotèl la, men pwatrin nan va pou Aaron avèk fis li yo.
32 You are to give the right thigh to the priest as a contribution from your peace offerings. Nou va bay kwis dwat la a prèt la kòm yon don ki sòti nan sakrifis ofrann lapè nou yo.
33 Whichever son of Aaron offers the peace offering's blood and fat gets the right thigh as his portion. Sila pami fis Aaron ki ofri san ofrann lapè a ak grès la, kwis dwat la va pou li kòm pati pa li.
34 For I have taken the breast of the wave offering and thigh of the contribution from Israel's peace offerings, and given them to Aaron the priest and his sons as a permanent share from Israel." Paske, Mwen te pran pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’”
35 This is Aaron and his sons' portion from our Father's food offerings, from the day they were presented to serve our Father as priests. Se sa ki konsakre a Aaron e ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a.
36 Our Father commanded this be given them from the Israelites, the day he anointed them—a permanent share for all their generations. Sa yo SENYÈ a te kòmande pou bay yo sòti nan fis Israël yo nan jou ke li te onksyone yo a. Se dwa yo pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.
37 This is the law for burnt offerings, grain offerings, sin offerings, guilt offerings, ordination offerings, and peace offerings, Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo,
38 which our Father commanded Moses on Mount Sinai, the day he commanded the people of Israel to bring their offerings to our Father in the Wilderness of Sinai. ke SENYÈ a te kòmande Moïse nan Mòn Sinaï nan jou ke li te kòmande fis Israël yo pou prezante ofrann pa yo bay SENYÈ a nan dezè Sinaï a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]