Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses: Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
2 "Take Aaron and his sons with him, the garments, the anointing oil, the bull of the sin offering, the two rams, and the basket of yeast-free bread, “Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,
3 and assemble the whole congregation at the entrance of the tent of meeting." epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”
4 Moses did as our Father commanded him; the assembly gathered at the entrance of the tent of meeting. Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a,
5 And Moses said to the congregation, "This is what our Father has commanded to be done." Moïse te di asanble a: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande pou fè yo.”
6 Then Moses brought Aaron and his sons forward and washed them with water. Konsa, Moïse te fè Aaron avèk fis li yo vin pwoche e te benyen yo avèk dlo.
7 He put the tunic on Aaron, tied the sash around him, dressed him in the robe, put the ephod on him, tied the ephod's skillfully woven band around him, and fastened it to him. Li te mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li.
8 He placed the breastpiece on him, and in the breastpiece he put the Urim and the Thummim. Li te mete pyès lestomak la sou li. Anplis, nan pyès lestomak la, li te mete Ourim nan avèk Toumim nan.
9 He set the turban on Aaron's head, and on its front he set the gold plate, the holy crown, as our Father commanded Moses. Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
10 Then Moses took the anointing oil and anointed the tabernacle and everything in it, and consecrated them. Alò, Moïse te pran lwil onksyon an e te onksyone tabènak la ak tout sa ki te ladann, epi li te konsakre yo.
11 He sprinkled some of it on the altar seven times, anointing the altar, all its utensils, and the basin with its stand, to dedicate them. Li te flite kèk lwil ladann sou lotèl la sèt fwa, e li te onksyone lotèl la avèk tout zouti li yo, ak basen an avèk baz li pou konsakre yo.
12 He poured some anointing oil on Aaron's head and anointed him to dedicate him. Konsa, li te vide kèk nan lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li.
13 Then Moses brought Aaron's sons forward, dressed them in tunics, tied on sashes, and put caps on their heads, as our Father had commanded Moses. Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
14 He brought the bull of the sin offering, and Aaron and his sons laid their hands on its head. Answit, li te pote towo ofrann peche a, e Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt towo ofrann peche a.
15 Moses slaughtered it, took the blood, and with his finger applied it to the altar's horns all around, purifying the altar. He poured the rest of the blood at the altar's base and dedicated the altar, making atonement for it. Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.
16 He took all the fat on the inner organs, the liver's lobe, and the two kidneys with their fat, and burned it on the altar. Li te osi pran tout grès ki te sou zantray yo avèk gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo. Moïse te ofri li nan lafimen sou lotèl la.
17 But the bull—hide, flesh, and waste—he burned outside the camp, as our Father commanded Moses. Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
18 He brought the ram for the burnt offering; Aaron and his sons laid their hands on its head. Alò, li te prezante belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.
19 Moses slaughtered it and threw the blood against the sides of the altar. Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la.
20 He cut the ram into pieces and burned the head, the pieces, and the fat. Lè li te fin koupe belye a an mòso, Moïse te ofri tèt la, mòso yo ak grès di ki kouvri ren yo nan lafimen.
21 He washed the inner organs and legs in water, then burned the whole ram on the altar—a burnt offering, a pleasing aroma, a food offering to our Father, as our Father commanded Moses. Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22 He brought the second ram, the ram of ordination, and Aaron and his sons laid their hands on its head. Answit, li te prezante dezyèm belye a, belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.
23 Moses slaughtered it, took some of its blood, and put it on Aaron's right earlobe, right thumb, and right big toe. Moïse te touye li, pran kèk nan san li e li te mete li sou tèt zòrèy dwat Aaron, sou pous men dwat li ak gwo zòtèy pye dwat li.
24 Moses brought Aaron's sons near and put blood on their right earlobes, thumbs, and big toes, then splashed the rest against the altar's sides. Osi, li te fè fis Aaron yo vin toupre; epi Moïse te mete kèk nan san an sou tèt zòrèy dwat la, sou pous men dwat yo, ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Alò, Moïse te flite rès san an toutotou lotèl la.
25 He took the fat, the fat tail, all the fat on the intestines, the liver's long lobe, the two kidneys with their fat, and the right thigh. Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la.
26 From the basket of unleavened bread before our Father, he took one cake, one oiled cake, and one wafer, and put them on the fat and the right thigh. Nan panyen pen san ledven ki te devan SENYÈ a, li te retire yon gato pen san ledven, yon gato pen mele avèk lwil ak yon galèt, e li te plase yo sou pati grès yo ak sou kwis dwat la.
27 He put all these in Aaron's and his sons' hands, and waved them as a wave offering before our Father. Answit, li te mete tout sa yo nan men Aaron ak nan men fis li yo, e li te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a.
28 Moses took them from their hands and burned them on the altar with the burnt offering—an ordination offering, a pleasing aroma, a food offering to our Father. Answit, Moïse te pran yo nan men yo, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la avèk ofrann brile yo. Yo te yon ofrann òdinasyon pou yon bon odè. Se te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
29 Moses took the breast and waved it as a wave offering before our Father—Moses's portion from the ram of ordination, as our Father commanded him. Moïse te pran pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30 Moses took some anointing oil and some blood from the altar and sprinkled it on Aaron and his garments, on his sons and their garments. So he consecrated Aaron and his garments, and his sons and their garments with him. Alò, Moïse te pran kèk nan lwil onksyon an e kèk nan san ki te sou lotèl la, e li te flite li sou Aaron, sou vètman pa li, sou fis li yo, sou vètman pou fis li yo avèk pa li a. Konsa, li te konsakre Aaron, vètman li yo, fis li yo ak vètman a fis li yo ansanm avèk li menm.
31 Moses told Aaron and his sons, "Boil the meat at the tent of meeting's entrance, eat it there with the bread from the ordination-offering basket, as I commanded: Aaron and his sons will eat it. Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: “Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a lè m te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’
32 Whatever is left of the meat and the bread, burn it with fire. Sa ki rete nan chè a ak nan pen an, ou va brile li nan dife.
33 Do not leave the Tent of Meeting's entrance for seven days, until your ordination days end, for it takes seven days to ordain you. Pandan sèt jou, nou pa pou sòti deyò pòtay tant asanble a, jis rive jou ke tan òdinasyon nou an fini: paske li va òdone nou pandan sèt jou.
34 What has been done today, our Father has commanded to be done to make atonement for you. “Sa ki te fèt la jodi a, konsa, SENYÈ a te bay lòd pou fè, pou fè ekspiyasyon pou nou.
35 Stay at the tent of meeting's entrance day and night, seven days, doing what our Father requires, so you do not die—this is what I was commanded." Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.”
36 So Aaron and his sons did everything our Father had commanded through Moses. Konsa, Aaron avèk fis li yo te fè tout bagay ke SENYÈ a te kòmande atravè Moïse yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]