Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On the eighth day Moses called Aaron and his sons and the elders of Israel. Alò, li te vin rive nan uityèm jou a ke Moïse te rele Aaron, fis li yo ak ansyen an Israël yo.
2 He told Aaron, "Take a bull calf for yourself as a sin offering, a ram as a burnt offering, both without defect, and offer them before our Father. Konsa, li te di a Aaron: “Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a.
3 Tell the Israelites: Take a male goat for a sin offering, and a yearling calf and lamb, without defect, for a burnt offering. Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile,
4 An ox and a ram for a peace offering, to sacrifice before our Father, plus a grain offering mixed with oil—for today our Father will appear to you." epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, SENYÈ a va parèt a nou menm.’”
5 They brought what Moses commanded to the tent of meeting's entrance; the whole assembly drew near and stood before our Father. Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a.
6 Moses said, "Do what our Father commanded, so the glory of our Father will appear to you." Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.”
7 Moses told Aaron, "Come to the altar. Offer your sin offering and burnt offering, atone for yourself and the people. Offer the people's offering and atone for them, as our Father commanded." Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.”
8 So Aaron approached the altar and slaughtered the sin-offering calf, which was for himself. Donk, Aaron te vin toupre lotèl la. Li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan.
9 Aaron's sons brought him the blood; he dipped his finger in it, put it on the altar's horns, and poured the rest at its base. Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.
10 But he burned the sin offering's fat, kidneys, and liver lobe on the altar, as our Father commanded Moses. Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
11 He burned the flesh and the skin with fire outside the camp. Men chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.
12 He killed the burnt offering. Aaron's sons handed him the blood, and he splashed it against the altar's sides. Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la.
13 They handed him the burnt offering in pieces, with the head, and he burned them on the altar. Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
14 He washed the intestines and legs, burning them on the altar with the burnt offering. Li te lave zantray yo avèk janm yo, e li te ofri yo nan lafimen avèk ofrann brile yo sou lotèl la.
15 Then he brought the people's offering: took their sin-offering goat, slaughtered it, and offered it for sin, like the first. Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a.
16 He presented the burnt offering and offered it as prescribed. Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon òdonans lan.
17 He brought the grain offering, took a handful, and burned it on the altar, besides the morning burnt offering. Apre, li te prezante ofrann sereyal la, li te plen men li avèk kèk ladann. Konsa, li te ofri li nan lafimen sou lotèl la, anplis de ofrann brile nan maten an.
18 He slaughtered the ox and the ram, the people's peace offering sacrifice, and Aaron's sons brought him the blood, which he threw against the altar's sides. Answit, li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la;
19 But the fat of the ox and ram: the fat tail, fat covering, kidneys, and long liver lobe, ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a,
20 they placed the fat portions on the breasts, and he burned the fat portions on the altar. epi yo te plase pati grès sou pwatrin yo. Konsa, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
21 But Aaron waved the breasts and the right thigh as a wave offering before our Father, as Moses had commanded. Men pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a.
22 Aaron raised his hands toward the people and blessed them, then came down from making the sin, burnt, and peace offerings. Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo.
23 Moses and Aaron entered the tent of meeting, came out, and blessed the people; the glory of our Father appeared to all the people. Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la.
24 Fire came from our Father's presence and consumed the burnt offering and fat on the altar. All the people saw it, shouted for joy, and fell facedown. Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]