Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Nadab and Abihu, Aaron's sons, each took his censer, put fire in it, added incense, and offered unauthorized fire before our Father, which he had not commanded them. Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.
2 Fire came out from our Father's presence and consumed them, and they died before our Father. Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.
3 Moses said to Aaron, "This is what our Father spoke: 'Among those near me I will show myself holy, and before all the people I will be honored.'" Aaron was silent. Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.
4 Moses called Mishael and Elzaphan, sons of Uzziel, Aaron's uncle, and said to them, "Come near, carry your brothers from in front of the sanctuary, outside the camp." Moïse te rele osi Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.”
5 They came near and carried them still in their tunics out of the camp, as Moses had said. Konsa, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan tinik yo pou rive deyò kan an.
6 Moses said to Aaron and his sons Eleazar and Ithamar, "Don't let your hair hang loose or tear your clothes, or you will die and wrath will come on the whole community. But your relatives, the whole house of Israel, may weep for the burning our Father kindled. Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen a.
7 Don't leave the Tent of Meeting entrance, or you'll die—our Father's anointing oil is on you." They did as Moses said. Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske lwil onksyon SENYÈ a sou nou.”
8 Our Father spoke to Aaron, saying, “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di:
9 "You and your sons must not drink wine or strong drink when you enter the tent of meeting, or you will die. This is a lasting statute for your generations, Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.
10 to distinguish holy from common, and unclean from clean, Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
11 and so you can teach the people of Israel all the statutes I told them through Moses." Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
12 Moses told Aaron and his surviving sons, Eleazar and Ithamar: "Take the grain offering left from the fire offerings to our Father, and eat it without yeast beside the altar—it is most holy. Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.
13 Eat it in a holy place—it is your portion and your sons' portion from the fire offerings to our Father, for that is what I was commanded. Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan.
14 But you, your sons, and your daughters may eat the waved breast and the raised thigh in a clean place; they are given as your portion and your sons' portion from Israel's peace offerings. Sepandan, pwatrin ofrann balanse an lè la ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo.
15 They must bring the raised thigh and the waved breast, with the fat offerings burned by fire, waving them as a wave offering before our Father; they are yours and your sons' as a lasting portion, as our Father commanded." Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse an lè la, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse an lè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.”
16 Moses carefully inquired about the sin offering's goat and found it burned up. He was angry with Eleazar and Ithamar, Aaron's remaining sons, and said, Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di:
17 "Why didn't you eat the sin offering in the place of the sanctuary? Since it is most holy, our Father gave it to you to remove the congregation's guilt and make atonement for them before our Father. “Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a.
18 Since its blood wasn't brought into the sanctuary, you should have eaten it in the sanctuary, as I commanded." Gade byen, san li pa t pote antre nan sanktyè a. Anverite, nou te dwe manje li nan sanktyè a jan Mwen te kòmande a.”
19 Aaron said to Moses, "Look, today my sons offered their sin offering and their burnt offering before our Father, and yet all this happened to me. Had I eaten the sin offering today, would it have pleased our Father?" Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?”
20 When Moses heard that, he was satisfied. Lè Moïse te tande sa, sa te sanble gen bon rezon devan zye li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]