Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses and Aaron, saying to them, Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo:
2 "Speak to the Israelites: These are the living creatures you may eat among all the animals on the earth. “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo.
3 Among the animals, you may eat any that has a divided hoof, fully split, and chews the cud. Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.
4 "But these you must not eat among those that chew the cud or have a divided hoof: the camel—it chews the cud but has no divided hoof; it is unclean for you. “‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
5 The rock badger chews the cud but has no divided hoof; it is unclean for you. Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou;
6 The hare, because it chews the cud but has no divided hoof—it is unclean for you. Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
7 And the pig, though it has a divided, fully split hoof, does not chew the cud—unclean for you. Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou.
8 Do not eat their flesh, and do not touch their carcasses—they are unclean for you. Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.
9 "You may eat these of all in the waters: whatever has fins and scales in the waters, seas, and rivers—those you may eat. “‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo.
10 But any without fins and scales in the seas and rivers, among all that swarm in the waters and all the living creatures in the waters—they are detestable to you. Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou.
11 They remain detestable to you; do not eat their flesh, and treat their carcasses as detestable. Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo.
12 Whatever has no fins or scales in the waters—that is detestable to you. Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou.
13 "Detest these birds; do not eat them—they are detestable: the eagle, the vulture, the black vulture, “‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè,
14 the kite, and the falcon according to its kind, malfini, karanklou avèk tout espès li yo,
15 every raven according to its kind, kòbo, avèk tout espès li yo,
16 the ostrich, the nighthawk, the seagull, and the hawk according to its kind, otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo,
17 the little owl, the cormorant, the great owl, koukou, plonjon ak frize,
18 the white owl, the desert owl, the carrion vulture, gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt,
19 the stork, the heron according to its kind, the hoopoe, and the bat. sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.
20 "Every winged swarming creature that walks on four legs is detestable to you. “‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou.
21 Yet these you may eat among all winged swarming creatures that walk on four legs: those with jointed legs above their feet for leaping on the ground. Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a.
22 You may eat these: the locust, the bald locust, the cricket, and the grasshopper, each according to its kind. Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo.
23 But every other winged swarming creature that has four feet is detestable to you. Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou.
24 "These things will make you unclean; whoever touches their carcasses will be unclean until the evening, “‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
25 whoever carries any of their carcasses must wash his clothes and be unclean until evening. Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
26 "Every animal with a divided hoof not fully split, or that does not chew the cud, is unclean for you; whoever touches them is unclean. “‘Tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp.
27 Whatever walks on its paws, among all four-legged animals, is unclean for you; whoever touches their carcasses is unclean until evening, Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
28 whoever carries their carcasses must wash his clothes and be unclean until evening; they are unclean to you. Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou.
29 "These are unclean for you among the swarming things that swarm on the earth: the mole rat, the mouse, the great lizard by its kind, “‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo,
30 the gecko, the monitor lizard, the wall lizard, the skink, and the chameleon. zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon.
31 These are unclean for you among all that swarm; whoever touches them dead is unclean until evening. Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè.
32 Anything one of their dead bodies falls on becomes unclean—any wooden vessel, cloth, leather, or sackcloth, any working tool. It must be put in water and stays unclean until evening; then it is clean. Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò.
33 Any clay pot one of them falls into—whatever is in it is unclean; break it. Osi, pou nenpòt veso ki fèt avèk ajil kote yon bèt ta tonbe; nenpòt bagay ki ladann va vin pa pwòp. Epi nou va kraze veso a.
34 Any food touched by such water becomes unclean; any drink in such a vessel becomes unclean. Nan nenpòt manje ki kapab manje, ki vin gen dlo sou li, sa vin pa pwòp, e nenpòt likid ke nou kapab bwè de li, nan tout veso, li va vin pa pwòp.
35 Anything one of their carcasses falls on becomes unclean; an oven or stove must be smashed. They are unclean, and unclean to you. Anplis, tout bagay ladann yon pati nan kadav bèt la ta kapab tonbe, li vin pa pwòp; yon chodyè oswa yon fou va kraze an mòso. Yo pa pwòp e yo va kontinye rete pa pwòp pou nou.
36 Yet a spring or cistern holding water stays clean, but whoever touches their carcasses is unclean. Sepandan, yon sitèn oswa yon sous va rete pwòp, malgre ke sila ki touche kadav bèt yo va pa pwòp.
37 If any of their carcasses falls on seed to be planted, it stays clean. Si yon pati nan kadav yo vin tonbe sou nenpòt semans ki dwe plante, li toujou pwòp.
38 But if water has been put on the seed and part of their carcass falls on it, it is unclean for you. Men si dlo vin sou grenn semans lan, e yon pati nan kadav la tonbe sou li, li vin pa pwòp pou nou.
39 "If any animal you may eat dies, whoever touches its carcass is unclean until evening. “‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè.
40 Whoever eats its carcass must wash their clothes and be unclean until evening; whoever carries its carcass must wash their clothes and be unclean until evening. Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
41 "Every swarming creature that swarms on the earth is detestable; do not eat it. “‘Alò, tout bagay trennen ki trennen atè abominab, li pa pou manje.
42 Whatever moves on its belly, walks on four legs, or has many feet—among all the swarming things that swarm on the earth—do not eat them; they are detestable. Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab.
43 Do not make yourselves detestable with any swarming creature that swarms, and do not make yourselves unclean by them, becoming unclean through them. Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp.
44 For I am your Father: dedicate yourselves, be holy, since I am holy. Do not make yourselves unclean with any swarming creature crawling on the ground. Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.
45 I am your Father who brought you out of Egypt to be your God; be holy, for I am holy." Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”
46 This is the law of the animals, the birds, every living creature moving in the waters, and every creature swarming on the earth, “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè,
47 to distinguish between the unclean and the clean, between animals that may be eaten and those that may not. pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]