Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A long time after our Father gave Israel rest from all their enemies around them, Joshua was old, well along in years. Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj,
2 Joshua called all Israel—elders, heads, judges, officers—and said, "I am old, far along in years. ke Josué te rele tout Israël, tout ansyen yo avèk chèf an tèt yo avèk jij yo ak ofisye yo. Li te di yo: “Mwen vin vye, avanse nan laj.
3 You have seen all your Father did to all these nations for your sake; your Father fought for you. Konsa, nou te wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a tout nasyon sila yo akoz nou menm. Paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki t ap goumen pou nou an.
4 Look, I have allotted you, as an inheritance for your tribes, these remaining nations, and all nations I have cut off, from the Jordan to the Great Sea in the west. Nou wè, mwen te apòsyone pou nou nasyon sila ki rete yo kòm eritaj pou tribi nou yo, avèk tout nasyon ke mwen te koupe retire nèt yo, soti nan Jourdain an jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche.
5 Your Father himself will push them back and drive them out before you, and you will possess their land, as your Father promised you. SENYÈ a, Bondye nou an, li va pouse yo sòti devan nou e chase yo soti pou nou pa wè yo. Konsa, nou va posede peyi yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pwomèt nou an.
6 Be very strong to keep and do all written in the book of the law of Moses, not turning from it right or left. Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch.
7 Do not mix with these remaining nations among you. Do not mention their gods' names or swear by them; do not serve or bow down to them. Ke nou pa asosye avèk nasyon sila yo, sila ki toujou rete pami nou yo, ni nonmen non a dye pa yo, ni fè pèsòn sèmante pa yo, ni sèvi yo, ni bese devan yo.
8 But hold fast to your Father, as you have done to this day. Men nou dwe kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke nou te fè jis Jodi a.
9 Your Father has driven out great and strong nations before you; no one has stood against you to this day. Paske SENYÈ a te chase deyò, nasyon ki gran e ki gen fòs soti devan nou. Epi pou nou menm, nanpwen pèsòn ki te konn kanpe devan nou jis Jodi a.
10 One of you chases 1,000, for your Father himself fights for you, as he promised you. Youn nan moun pa nou yo va fè yon milye sove ale; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm ki goumen pou nou jan Li te pwomèt nou an.
11 So watch yourselves carefully, to love your Father. Pou sa, veye tèt nou anpil pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an.
12 But if you turn back and cling to these remaining nations left among you, intermarry with them, mixing with them and they with you, Paske si nou janm retounen pou kole a lòt nasyon sila yo, sila ki rete toujou pami nou yo, e vin fè maryaj avèk yo, pou nou vin nan relasyon avèk yo, e yo menm avèk nou,
13 be sure your Father will no longer drive out these nations before you. They will be a snare and a trap for you, a whip on your sides and thorns in your eyes, until you perish from this good land your Father gave you. konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.
14 I am now going the way of all the earth. You know with all your heart and all your soul that not one of the good things your Father promised about you has failed—all have come true for you; not one has failed. Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke.
15 Just as every good word your Father spoke to you came true, so he will bring on you every harmful thing, until he destroys you from this good land he gave you. Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an,
16 If you break your Father's covenant, which he commanded you, and go and serve other gods and bow to them, your Father's anger will burn against you, and you will quickly be destroyed from the good land he gave you." si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]