Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Joshua summoned the Reubenites, the Gadites, and the half-tribe of Manasseh, Konsa, Josué te rele tout Ribenit yo ak Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a.
2 and said to them, "You have kept all Moses the servant of our Father commanded you, and obeyed my voice in all I commanded you. Li te di yo: “Nou te swiv tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an e nou te koute vwa m nan tout sa ke m te kòmande nou yo.
3 You have not abandoned your brothers these many days, down to this day, but kept the duty of your Father's command. Nou pa t abandone frè nou yo pandan tout jou sila yo, jis rive jodi a, men nou te kenbe lòd a kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an.
4 Now your Father has given your brothers rest, as he promised. So turn back to your tents, in the land you possess, which Moses, servant of our Father, gave you across the Jordan. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an.
5 Only take great care to do the command and law Moses, servant of our Father, commanded you: love your Father, walk in all his ways, keep his commands, cling to him, and serve him with all your heart and all your soul." Sèlman, fè atansyon pou swiv kòmandman an ak lalwa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, epi mache nan tout chemen Li yo, kenbe kòmandman Li yo, kenbe fèm a Li menm, e sèvi Li avèk tout kè nou e ak tout nanm nou.”
6 Then Joshua blessed them and sent them away, and they went to their tents. Epi Josué te beni yo. Li te voye yo ale, e yo te ale nan pwòp tant pa yo.
7 Moses had given the half-tribe of Manasseh a possession in Bashan; to the other half Joshua gave a possession with their brothers west of the Jordan. When Joshua sent them home to their tents, he blessed them. Alò, a mwatye tribi sila ki te pou Manassé a, Moïse te ba yo yon posesyon nan Basan; men a lòt la, Josué te ba yo yon posesyon pami frè yo nan lwès lòtbò Jourdain an. Konsa, lè Josué te voye yo ale nan tant yo, li te beni yo,
8 He told them, "Go home with great wealth—abundant livestock, silver, gold, bronze, iron, and many clothes. Share the plunder from your enemies with your brothers." epi li te di yo: “Retounen vè tant nou yo avèk gran richès, avèk yon gran kantite bèt, avèk ajan, lò, bwonz, fè, e avèk anpil rad. Divize piyaj a lènmi nou yo avèk frè nou.”
9 Then Reuben, Gad, and the half-tribe of Manasseh turned back from the Israelites at Shiloh in Canaan, to Gilead, their own possession, settled there at the command of our Father through Moses. Fis a Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te retounen kite fis Israël yo nan Silo, ki te nan peyi Canaan an, pou ale nan peyi Galaad, nan peyi ke yo te posede a, selon kòmand a SENYÈ a ki te soti nan Moïse la.
10 Reaching the region of the Jordan in Canaan, the Reubenites, Gadites, and half-tribe of Manasseh built an altar there by the Jordan—an altar impressive in size. Lè yo te vini nan rejyon Jourdain an, ki nan peyi Canaan an, fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te bati yon lotèl la akote Jourdain an, yon lotèl ki parèt byen gran.
11 The Israelites heard, "Look, Reubenites, Gadites, and the half-tribe of Manasseh have built an altar facing Canaan, in the region of the Jordan, on Israel's side." Lè fis Israël yo te tande afè sa a, yo te di: “Gade byen, fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a gen tan bati yon lotèl nan fwontyè peyi Canaan an, nan rejyon Jourdain an, sou bò ki pou fis Israël yo.”
12 When Israel's people heard, the whole assembly of Israel's people gathered at Shiloh to wage war against them. Lè fis Israël yo te vin tande sa a, tout asanble a fis Israël yo te rasanble yo nan Silo pou monte kont yo nan lagè.
13 The Israelites sent Phinehas son of Eleazar the priest to the Reubenites, Gadites, and half-tribe of Manasseh in Gilead, Alò, fis Israël yo te voye prèt la, Phinées, fis Éléazar a, kote fis Ruben yo avèk fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a pou antre nan peyi Galaad la.
14 with him ten chiefs, one per ancestral house, from every tribe of Israel, each head of his ancestral house among Israel's clans. Ansanm avèk li, dis chèf yo, yon chèf pou kay a chak fanmi zansèt nan tribi Israël yo; epi yo chak se te tèt an chèf kay fanmi zansèt li pami milye an Israël yo.
15 They came to the Reubenites, Gadites, and half-tribe of Manasseh in the land of Gilead and said to them, Yo te vin kote fis Ruben yo, kote fis Gad yo ak kote mwatye tribi Manassé a, nan peyi Galaad la. Yo te pale avèk yo e te di:
16 "The whole assembly of our Father asks: 'What treachery is this against our Father, the God of Israel—turning today from following him, building yourselves an altar today to rebel against him? “Konsa pale tout kongregasyon a SENYÈ a: ‘Ki zak movèz fwa sa ye ke nou te komèt kont Bondye Israël la? Poukisa nou vire kite chemen SENYÈ a jodi a pou bati yon lotèl pou fè rebèl kont SENYÈ a jodi a?
17 Wasn't Peor's sin enough for us? We haven't made ourselves clean from it to this day, though a plague struck the congregation of our Father, Èske inikite Peor a pa t sifi pou nou, nan sila nou poko pwòp jis rive jodi a, sepandan yon epidemi te vin parèt sou asanble SENYÈ a,
18 that you must turn away today from following our Father? If you rebel against him today, tomorrow he will be angry with all Israel's congregation. ke nou bezwen vire kite Jodi a chemen SENYÈ a? Si nou fè rebèl kont SENYÈ a Jodi a, Li va fache avèk tout asanble Israël la demen.
19 But if the land of your possession is unclean, then cross over into the land of our Father's possession, where his tabernacle dwells, and take possession among us. Only do not rebel against our Father, and do not draw us into rebellion with you, by building yourselves an altar other than the altar of our Father. Si, malgre sa, peyi posesyon nou an pa pwòp, alò, travèse antre nan peyi posesyon SENYÈ a, kote tabènak SENYÈ a kanpe a pou vin pran posesyon pami nou. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a, ni fè rebèl kont nou avèk lotèl ke nou bati pou kont nou an, anplis ke lotèl SENYÈ a, Bondye nou an.
20 Did Achan son of Zerah not act unfaithfully with the devoted things, bringing wrath on all Israel's community? He was not the only one who died for that guilt.'" Èske Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’”
21 The Reubenites, Gadites, and half-tribe of Manasseh answered the heads of Israel's clans. Epi fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te reponn e te pale avèk chèf an tèt fanmi a Israël yo.
22 "The Mighty One, our Father! The Mighty One, our Father! He knows, and let Israel itself know! If in rebellion or in unfaithfulness against our Father, do not spare us today, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a!
23 that we built our own altar to turn away from following our Father, or to offer on it burnt, grain, or peace offerings—may our Father himself call us to account! Si nou bati pou kont nou yon lotèl pou detounen pa swiv SENYÈ a, oswa si pou nou ofri yon ofrann brile, oswa yon ofrann sereyal sou li, oswa si se pou ofri sakrifis lapè sou li, ke SENYÈ a, li menm, fè demann sa a.
24 Rather, we did this from fear that someday your children might say to ours, 'What connection do you have with our Father, the God of Israel? “Men anverite, si nou pa t fè sa avèk lakrent Bondye avèk yon bi ki te di ke: ‘Nan tan k ap vini an, fis ou yo kapab di a fis nou yo: “Ki relasyon nou gen avèk SENYÈ a, Bondye Israël la?
25 For our Father made the Jordan a border between us and you, Reubenites and Gadites—you have no share in him.' So your children might stop our children from revering our Father. Paske SENYÈ a te fè Jourdain nan yon lizyè antre nou ak ou, nou menm, fis a Ruben yo ak fis a Gad yo. Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.”’” Pou sa a, li ta kab fèt ke fis ou yo ta ka petet fè pitit pa nou vin pa gen krent SENYÈ a.
26 Therefore we said, 'Let us build ourselves an altar, not for burnt offering and not for sacrifice, “Pou sa, nou te di: ‘Annou bati yon lotèl, pa pou ofrann brile ni pou sakrifis;
27 but a witness between us and you, and our generations after us, that we serve our Father before him with burnt offerings, sacrifices, and peace offerings—so your children won't tell ours someday, "You have no share in our Father."' men sa va pou yon temwen antre nou avèk ou menm ak antre jenerasyon ki swiv nou yo, ke nou kapab fè sèvis SENYÈ a devan Li avèk ofrann brile nou, avèk sakrifis nou yo e avèk ofrann lapè nou yo;’ pou fis pa w yo pa vin di a fis pa nou yo nan tan ki pou vini an: ‘Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.’
28 We thought: if they ever say this to us or our future generations, we'd answer, 'See the model of our Father's altar our ancestors made—not for burnt offering or sacrifice, but a witness between us and you.' “Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.”’
29 We would never rebel against our Father or turn away from following him today by building an altar for burnt offerings, grain offerings, or sacrifices, apart from our Father's altar before his dwelling!" Lwen de nou ke nou ta fè rebèl kont SENYÈ a pou vin detounen pa swiv SENYÈ a jodi a, pou nou ta bati yon lotèl ofrann brile, oswa ofrann sereyal, oswa sakrifis, ot ke lotèl ki pou SENYÈ a, Bondye nou an, ki devan tabènak pa Li a!”
30 When Phinehas the priest, the leaders of the community, and the heads of Israel's clans who were with him heard what the Reubenites, Gadites, and Manassites said, they were pleased. Lè Phinées, prèt la, avèk chèf asanble yo, menm chèf an tèt a fanmi zansèt Israël ki te avèk li yo, te tande pawòl ke fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo te pale, sa te fè kè yo kontan.
31 Phinehas son of Eleazar the priest said to the Reubenites, Gadites, and Manassites, "Today we know our Father is among us, since you haven't betrayed him this way. Now you've saved Israel's people from the hand of our Father." Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, te di a fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo: “Jodi a, nou konnen ke SENYÈ a pami nou, akoz nou pa t fè zak malonèt sila a kont SENYÈ a. Koulye a, nou gen tan livre fis Israël yo soti nan men SENYÈ a.”
32 Phinehas son of Eleazar the priest, and the leaders, left the Reubenites and Gadites in Gilead and returned to Canaan, to Israel, and reported back to them. Alò, Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, avèk chèf yo te retounen sòti nan fis Ruben yo ak nan fis Gad yo, nan peyi Galaad la, yo te rive nan peyi Canaan an vè fis Israël yo e te pote pawòl sa ba yo.
33 The report pleased the Israelites, and the Israelites blessed our Father and gave up going to war against them to destroy the land where the Reubenites and Gadites lived. Pawòl la te fè kè kontan pami fis Israël yo, e fis Israël yo te beni Bondye. Yo pa t pale ankò afè fè lagè pou detwi peyi kote fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te rete a.
34 The Reubenites and Gadites called the altar Witness, "For," they said, "it is a witness between us that our Father is God." Fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te rele lotèl la “Temwen lan Antre Nou, ke SENYÈ a Se Bondye.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]