Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the heads of the families of the Levites approached Eleazar the priest, Joshua son of Nun, and the heads of the families of the tribes of Israel. Epi chèf lakay a Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo.
2 At Shiloh in the land of Canaan they said to them, "Our Father commanded through Moses that we be given cities to live in, with their pasturelands for our livestock." Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: “SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.”
3 So the Israelites gave the Levites these cities with their pasturelands, out of their own inheritance, at the command of our Father. Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a.
4 The lot came out for the families of the Kohathites. The descendants of Aaron the priest, who were among the Levites, received by lot thirteen cities from the tribes of Judah, Simeon, and Benjamin. Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin.
5 The rest of the Kohathites received by lot ten cities from the families of the tribe of Ephraim, the tribe of Dan, and the half-tribe of Manasseh. Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a.
6 The descendants of Gershon received by lot thirteen cities from the families of the tribe of Issachar, the tribe of Asher, the tribe of Naphtali, and the half-tribe of Manasseh in Bashan. Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan.
7 The descendants of Merari, by their families, received twelve cities from the tribe of Reuben, the tribe of Gad, and the tribe of Zebulun. Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon.
8 So the Israelites gave these cities with their pasturelands to the Levites by lot, just as our Father had commanded through Moses. Alò fis Israël yo te bay selon tiraj osò a Levit yo, vil sila yo avèk teren patiraj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse la.
9 From the tribes of Judah and Simeon they gave the cities named here: Yo te bay vil sila ki mansyone pa non soti nan tribi a fis Juda yo e soti nan tribi a fis Siméon yo;
10 These went to the descendants of Aaron, of the Kohathite families of the Levites, because the first lot fell to them. epi yo te pou fis Aaron yo, youn nan fanmi a Keatit yo, nan fis Levi yo; paske premye tiraj osò a se te pou yo.
11 They gave them Kiriath-arba, that is, Hebron, in the hill country of Judah, with the pasturelands around it (Arba was the father of Anak). Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk teren patiraj ki te antoure li yo.
12 But they had given the city's fields and villages to Caleb son of Jephunneh as his possession. Men chan a vil avèk bouk li yo, yo te bay yo a Caleb, fis a Jephunné a, kòm posesyon pa l.
13 To Aaron the priest's descendants they gave Hebron, a city of refuge for one who kills, with pasturelands, and Libnah with pasturelands. Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak Libna avèk teren patiraj pa li,
14 Jattir with its pasturelands, Eshtemoa with its pasturelands, epi Jatthir avèk teren patiraj pa li, Eschthemoa avèk teren patiraj pa li,
15 Holon with its pasturelands, Debir with its pasturelands, epi Holon avèk teren patiraj pa li, Debir avèk teren patiraj pa li,
16 Ain, Juttah, and Beth-shemesh, each with pasturelands—nine cities from these two tribes. epi Aïn avèk teren patiraj pa li, Jutta avèk teren patiraj pa li, Beth-Schémesch avèk teren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo.
17 From the tribe of Benjamin: Gibeon with its pasturelands, Geba with its pasturelands, Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk teren patiraj pa li ak Guéba avèk teren patiraj pa li,
18 Anathoth with its pasturelands, and Almon with its pasturelands—four cities. Anathoth avèk teren patiraj pa li ak Almon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
19 All the cities of the descendants of Aaron, the priests, were thirteen cities with their pasturelands. Tout vil a fis Aaron yo, prèt yo, te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
20 The remaining Kohathite Levite families received their allotted cities from the tribe of Ephraim. Epi vil yo soti nan tribi Éphraïm nan te sòt tonbe pou fanmi a Kehath yo, Levit yo, jis rive nan lòt fis a Kehath yo.
21 They gave them Shechem, a refuge city for a killer, with its pasturelands, in Ephraim's hill country, and Gezer with its pasturelands. Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk teren patiraj pa li,
22 Kibzaim with its pasturelands, and Beth-horon with its pasturelands—four cities. epi Kibtsaïm avèk teren patiraj pa li, Beth-Horon avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
23 From the tribe of Dan: Elteke with its pasturelands, Gibbethon with its pasturelands, Soti nan tribi Dan nan, Eltheke avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li,
24 Aijalon with its pasturelands, and Gath-rimmon with its pasturelands—four cities. Ajalon avèk teren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
25 From the half-tribe of Manasseh: Taanach with its pasturelands, and Gath-rimmon with its pasturelands—two cities. Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk teren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; de vil.
26 All these were ten cities with their pasturelands for the rest of the Kohathite families. Tout vil yo avèk teren patiraj pa yo pou fanmi a lòt fis a Kehath yo te dis.
27 From the half-tribe of Manasseh, to the Levite clans of Gershon: Golan in Bashan, a city of refuge for one who kills, with pasturelands; and Be-eshterah with pasturelands—two cities. A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li ak Beeschthra avèk teren patiraj pa li; de vil.
28 From the tribe of Issachar: Kishion with its pasturelands, Daberath with its pasturelands, Soti nan tribi Issacar, Kischjon avèk teren patiraj pa li, Dabrath avèk patiraj pa li,
29 Jarmuth with its pasturelands, and En-gannim with its pasturelands—four cities. Jarmuth avèk patiraj pa li, En-Gannim avèk patiraj pa li; kat vil.
30 From the tribe of Asher: Mishal with its pasturelands, Abdon with its pasturelands, Soti nan tribi Aser, Mischal avèk teren patiraj pa li ak Abdon avèk teren patiraj pa li,
31 Helkath with its pasturelands, and Rehob with its pasturelands—four cities. Helkath avèk teren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil.
32 From Naphtali's tribe: Kedesh in Galilee, a refuge city for one who killed, with pasturelands; Hammoth-dor with pasturelands; Kartan with pasturelands—three cities. Soti nan tribi Nephtali, Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil.
33 All the cities of the Gershonites, by their families, were thirteen cities with their pasturelands. Tout vil a Gèchonit yo, selon fanmi pa yo te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
34 To the remaining Levites, the Merarite clans, they gave from Zebulun's tribe: Jokneam and its pastureland, Kartah and its pastureland, A fanmi a fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li.
35 Dimnah with its pasturelands, and Nahalal with its pasturelands—four cities. Dimna avèk patiraj pa li, Nahalal avèk patiraj pa li, kat vil.
36 From the tribe of Reuben: Bezer with its pasturelands, Jahzah with its pasturelands, Soti nan tribi Ruben an, Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li,
37 Kedemoth with its pasturelands, and Mephaath with its pasturelands—four cities. Kedémonth avèk teren patiraj pa li ak Méphaath avèk teren patiraj pa li; kat vil.
38 From Gad's tribe: Ramoth in Gilead, a city of refuge for the killer, with its pasturelands, and Mahanaim with its pasturelands. Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk teren patiraj pa li,
39 Heshbon with its pasturelands, and Jazer with its pasturelands—four cities in all. Hesbon, avèk teren patiraj pa li, Jaezer avèk teren patiraj pa li; kat vil antou.
40 All the cities for Merari's families—the remaining Levite families—totaled twelve, by lot. Tout sila yo te vil a fis Merari yo selon fanmi pa yo, rès a fanmi a Levit yo. Tiraj osò pa yo a te douz vil.
41 All the Levites' cities within the Israelites' possession: forty-eight, with their pasturelands. Tout vil a Levit ki te nan mitan posesyon a fis Israël yo te karann-tuit vil avèk teren patiraj pa yo.
42 Each of these cities had its own surrounding pasturelands; this was true of all of them. Chak nan vil sila yo te gen teren patiraj pa li ki te antoure li. Se konsa li te ye avèk tout vil sila yo.
43 So our Father gave Israel all the land sworn to their ancestors; they took possession of it and settled there. Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann.
44 Our Father gave them rest on every side, as he swore to their ancestors. None of their enemies could stand against them; our Father gave all their enemies into their hands. Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo.
45 Not one of all the good promises our Father made to the house of Israel failed; all came true. Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]