Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father spoke to Joshua: Alò, SENYÈ a te pale a Josué e te di:
2 "Tell the Israelites: 'Designate for yourselves the cities of refuge I spoke to you through Moses, “Pale a fis Israël yo e di: ‘Etabli vil azil ke M te pale ou pa Moïse yo,
3 so anyone who kills someone by accident, unknowingly, may flee there—a refuge for you from the avenger of blood. pou moun ki touye nenpòt moun san li pa fè eksprè, san reflechi yo, pou yo kapab sove ale rive la. Yo va vin yon azil kont vanjè san an.
4 Whoever flees to one of these cities is to stand at the entrance of the city gate and state his case to that city's elders. They will bring him in, give him a place, and let him live among them. Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo.
5 If the avenger of blood pursues him, they must not hand the slayer over to him, because he struck his neighbor unknowingly, without prior hatred. Alò, si vanjè san an vin kouri dèyè li, yo pa pou livre moun ki touye moun nan nan men yo, akoz li te frape vwazen li an san reflechi e li pa t rayi li avan lè.
6 He must stay in that city until he stands trial before the assembly, and until the high priest serving at that time dies. Then the killer may return to his own city and house, the town he fled from.'" Li va rete nan vil sa a jiskaske li kanpe devan asanble a pou jijman, jiska lanmò a wo prèt la nan jou epòk sa a. Epi moun ki te touye moun nan va retounen nan pwòp vil pa li ak pwòp kay pa li, nan vil sila li te sove ale a.’”
7 They set apart Kedesh in Galilee, Naphtali's hills; Shechem, Ephraim's hills; and Kiriath-arba (Hebron), Judah's hills. Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.
8 Beyond the Jordan, east of Jericho, they gave Bezer in the wilderness on the plateau from Reuben's tribe, Ramoth in Gilead from Gad's tribe, and Golan in Bashan from Manasseh's tribe. Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a.
9 These were the cities designated for all Israelites and foreigners living among them, so anyone who killed someone unintentionally could flee there and not die by the blood avenger's hand before standing trial before the assembly. Sila yo se te vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]