Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joshua gathered all the tribes of Israel to Shechem, summoned its elders, heads, judges, and officers, and they stood before our Father. Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye.
2 Joshua told all the people, "This is what our Father, the God of Israel, says: "Long ago your ancestors lived beyond the Euphrates River—Terah, father of Abraham and Nahor—and served other gods.' Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo.
3 I took your father Abraham from beyond the River, led him through all the land of Canaan, multiplied his children, and gave him Isaac. Epi Mwen te pran zansèt nou an, Abraham, pou l soti lòtbò Rivyè a. Mwen te mennen li pase nan tout peyi a Canaan yo. Mwen te miltipliye desandan li yo e te bay li Isaac.
4 I gave Isaac Jacob and Esau, gave Esau Mount Seir to possess, but Jacob and his sons went down to Egypt. A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.
5 'I sent Moses and Aaron, I struck Egypt with what I did among them, then I brought you out.' “‘Epi Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti.
6 I brought your ancestors out of Egypt; you reached the sea. Egyptians chased your ancestors with chariots and horsemen to the Red Sea. Mwen te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e nou te rive bò kote lanmè a. Konsa, Égypte te kouri dèyè zansèt nou yo avèk cha ak sòlda sou cheval yo jis rive nan Lamè Wouj la.
7 When they cried to me, I put darkness between you and the Egyptians, brought the sea over them, and covered them. Your eyes saw what I did in Egypt. Then you lived in the wilderness a long time. Men lè yo te kriye vè SENYÈ a, Li te mete tenèb antre nou menm avèk Ejipsyen yo. Mwen te mennen lanmè a sou yo pou te kouvri yo, epi pwòp zye pa nou te wè sa Mwen te fè an Égypte. Konsa, nou te viv nan dezè a pandan anpil tan.
8 'I brought you to the Amorites' land beyond the Jordan. They fought you; I gave them into your hand, and you took their land. I destroyed them ahead of you. “‘Alò, Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou.
9 Then Balak son of Zippor, king of Moab, rose and fought Israel. He sent and called Balaam son of Beor to curse you, Konsa, Balak, fis Tsippor a, wa Moab la, te leve pou te goumen kont Israël, e li te voye rele Balaam, fis a Beor a, pou modi nou.
10 but I wouldn't listen to Balaam, so he blessed you again and again, and I rescued you from his hand. Men Mwen pa t dakò koute Balaam. Konsa, li te oblije beni nou, e Mwen te delivre nou soti nan men li.
11 You crossed the Jordan to Jericho. Its citizens fought you—Amorites, Perizzites, Canaanites, Hittites, Girgashites, Hivites, Jebusites—but I gave them into your hand. “‘Nou te travèse Jourdain an pou te rive Jéricho, epi pèp Jéricho yo te goumen kont nou; Amoreyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo avèk Etyen yo avèk Gigazyen yo, Evyen yo ak Jebizyen yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men nou.
12 I sent the hornet ahead of you; it drove out the two Amorite kings before you—not by your sword or your bow. Apre, Mwen te voye gèp la devan nou e li te chase fè sòti wa Amoreyen yo devan nou, men pa akoz nepe nou ni banza nou.
13 I gave you land you did not work for, cities you did not build—and you live in them; you eat from vineyards and olive groves you did not plant.'" Mwen te bannou yon peyi pou sila nou pa t travay, vil ke nou pa t bati e nou te viv ladan yo. N ap manje nan chan rezen avèk chan doliv ke nou pa t plante.’
14 Now, fear our Father, serve him with integrity and faithfulness. Remove the gods your ancestors served beyond the River and in Egypt, and serve our Father. “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a.
15 But if serving our Father seems wrong to you, choose for yourselves today whom you will serve—the gods your ancestors served beyond the River, or the gods of the Amorites in whose land you live. As for me and my household, we will serve our Father." Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
16 The people answered, "We could never abandon our Father to serve other gods. Pèp la te reponn e te di: “Se lwen de nou pou nou ta abandone SENYÈ a pou sèvi lòt dye yo;
17 For our Father brought us and our ancestors up out of the land of Egypt, out of the house of slavery, and did these great signs before our eyes. He kept us safe the whole way we traveled, and among all the peoples we passed through. paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki te mennen nou avèk zansèt nou yo monte sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la, ki te fè gwo sign sila yo nan mitan nou. Se Li ki te pwoteje nou nan tout chemen kote nou pase e pami tout pèp nan mitan a sila nou te pase yo.
18 And our Father drove out before us all the peoples, including the Amorites living in the land. We too will serve him, for he is our Father." SENYÈ a te pouse fè sòti devan nou tout pèp yo, menm Amoreyen ki te viv nan peyi a. Konsa, nou osi, nou va sèvi SENYÈ a; paske se Li menm ki Dye nou.”
19 Joshua told the people, "You cannot serve our Father—he is a holy God, a jealous God. He won't forgive your rebellion and sins. Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo.
20 If you abandon our Father and serve foreign gods, he will turn, harm you, and consume you, after he has done you good." Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”
21 But the people said to Joshua, "No! We will serve our Father." Pèp la te di a Josué: “Non, men nou va sèvi SENYÈ a.”
22 Then Joshua said to the people, "You are witnesses against yourselves that you have chosen our Father, to serve him." "We are witnesses," they said. Josué te di a pèp la: “Nou se temwen kont pwòp tèt nou ke nou te chwazi pou kont nou SENYÈ a, pou sèvi Li.” Yo te reponn: “Nou se temwen.”
23 "Now put away the foreign gods among you, and turn your hearts to our Father, the God of Israel." “Koulye a, pou sa, mete akote dye etranje ki nan mitan nou yo e tounen kè nou vè SENYÈ a, Bondye Israël la.”
24 And the people said to Joshua, "We will serve our Father, and we will obey his voice." Pèp la te di a Josué: “Nou va sèvi SENYÈ a, Bondye nou an e nou va obeyi vwa Li.”
25 Joshua made a covenant with the people that day, and set them a statute and ordinance at Shechem. Konsa, Josué te fè yon akò avèk pèp la nan jou sa a. Li te fè pou yo yon lwa ak yon règleman nan Sichem.
26 Joshua wrote these words in the Book of the Law of our Father, then took a large stone and set it up there under the oak by our Father's sanctuary. Josué te ekri pawòl sila yo nan liv lalwa Bondye a; epi li te pran yon gwo wòch e te fè l kanpe la anba gwo bwadchenn ki te akote sanktyè SENYÈ a.
27 Joshua told all the people, "Look, this stone will be a witness against us, because it heard every word our Father spoke to us. It will be a witness against you, so you don't deny your Father." Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.”
28 Then Joshua sent the people away, each to his own inheritance. Konsa, Josué te voye tout pèp la ale. Yo chak rive nan pwòp eritaj pa yo.
29 After this, Joshua son of Nun, the servant of our Father, died at 110 years old. Li te vin rive apre bagay sa yo ke Josué, fis a Nun nan, sèvitè Bondye a, te vin mouri, avèk laj san-dis ane.
30 They buried him in his inheritance at Timnath-serah, in Ephraim's hill country, north of Mount Gaash. Yo te antere li nan teritwa eritaj li nan Thimnath-Sérach, ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, sou nò a mòn Gaasch.
31 Israel served our Father all Joshua's days, and all the days of the elders who outlived him and knew all the work our Father had done for Israel. Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël.
32 Joseph's bones, which the Israelites had carried up from Egypt, they buried at Shechem, in the plot Jacob bought from Hamor's sons, Shechem's father, for one hundred pieces of silver—it became Joseph's descendants' inheritance. Alò, yo te antere zo Joseph yo, ke fis Israël yo te mennen monte soti Égypte, nan Sichem, nan mòso tè ke Jacob te achte nan men fis a Hamor yo, papa a Sichem, pou san pyès lajan an. Konsa, yo te devni eritaj a fis Joseph yo.
33 Eleazar son of Aaron died, and they buried him at Gibeah, given to his son Phinehas in the hill country of Ephraim. Anplis, Éléazar, fis a Aaron an te vin mouri. Yo te antere li nan Guibeath-Phinées, ki te bay a fis li nan peyi ti kolin a Éphraïm yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]