Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After Joshua's death, the Israelites asked our Father, "Who will go up first for us against the Canaanites to fight them?" Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”
2 Our Father said, "Judah will go up. I have given the land into his hands." SENYÈ a te reponn: “Juda va monte. Veye byen, Mwen te mete peyi a nan men l.”
3 Judah said to his brother Simeon, "Come up with me into my allotted territory, and let us fight the Canaanites; and I too will go with you into yours." So Simeon went with him. Konsa, Juda te di a Siméon, frè li: “Vini avè m nan teren ki te vin tonbe pou mwen an, pou nou kapab goumen kont Kananeyen yo. Epi lè nou retounen, mwen va ale avè w nan teren pa w la.” Konsa Siméon te ale avèk li.
4 So Judah went up, and our Father gave the Canaanites and Perizzites into their hands, and they struck down 10,000 men at Bezek. Juda te monte e SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek.
5 At Bezek they found Adoni-bezek, fought him, and struck down the Canaanites and Perizzites. Yo te rankontre Adoni Bézek nan Bézek. Yo te goumen kont li, e yo te bat Kananeyen yo avèk Ferezyen yo.
6 Adoni-bezek fled, but they pursued him, caught him, and cut off his thumbs and big toes. Men Adoni Bézek te sove ale. Yo te kouri dèyè li pou te kenbe li e yo te koupe pous li avèk gwo zòtèy li.
7 Adoni-bezek said, "Seventy kings with thumbs and big toes cut off used to gather scraps under my table. As I did, so God has repaid me." They brought him to Jerusalem, where he died. Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri.
8 Judah's men fought against Jerusalem, captured it, struck it with the sword, and burned the city. Alò, fis Juda yo te goumen kont Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la.
9 Then Judah went down to fight the Canaanites living in the hill country, the Negev, and the western foothills. Apre, fis a Juda yo te desann pou goumen kont Kananeyen ki te rete nan peyi ti kolin yo ak nan Negev la ak nan ba plèn nan.
10 Judah advanced against the Canaanites in Hebron (formerly Kiriath-arba) and struck down Sheshai, Ahiman, and Talmai. Konsa, Juda te ale kont Kananeyen ki te rete Hébron yo (alò, non Hébron avan an se te Kirjath-Arba.) Yo te frape Schéschaï avèk Ahiman ak Talmaï.
11 From there they marched against the inhabitants of Debir (the name of Debir was formerly Kiriath-sepher). Soti la, li te ale kont sila ki te rete Debir yo. (Alò, non Debir se te Kirjath-Sépher)
12 Caleb said, "Whoever attacks and captures Kiriath-sepher, I'll give him my daughter Achsah as wife." Epi Caleb te di: “Sila ki atake Kirjath-Sépher e ki kaptire li a; a li menm, mwen va bay fi mwen an, Acsa kòm madanm li.”
13 Othniel son of Kenaz, Caleb's younger brother, captured it, so Caleb gave him his daughter Achsah in marriage. Othniel, fis a Kenaz la, pi jèn frè a Caleb la te kaptire li. Konsa, li te ba li fi li a kòm madanm.
14 When she came to Othniel, she urged him to ask her father for a field. As she got off her donkey, Caleb asked her, "What do you want?" Epi li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?”
15 She said to him, "Give me a blessing. Since you've given me the land of the Negev, give me springs of water too." So Caleb gave her the upper and lower springs. Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.
16 The Kenite's descendants, Moses' father-in-law's family, went up with Judah's people from the city of palms into Judah's wilderness in the Negev near Arad, and settled among the people. Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.
17 Judah went with his brother Simeon; they struck the Canaanites living in Zephath and completely destroyed it, so the city was named Hormah. Konsa, Juda te ale avèk Siméon, frè li a, e yo te frape Kananeyen ki te rete Tsephath yo. Yo te detwi li nèt. Konsa, non a vil la te rele Horma.
18 Judah also captured Gaza with its territory, Ashkelon with its territory, and Ekron with its territory. Anplis, Juda te pran Gaza avèk teritwa ki te pou li a, ak Askalon avèk teritwa pa li a, ak Ékron avèk teritwa pa li a.
19 Our Father was with Judah, who took the hill country but could not drive out the valley's people, for they had iron chariots. Alò SENYÈ a te avèk Juda, e te chase met dèyo tout sa yo ki te viv nan peyi ti kolin yo. Men yo pa t ka chase mete deyò pèp ki te rete nan vale yo, akoz yo te gen cha yo ki te fèt an fè.
20 They gave Hebron to Caleb, as Moses had promised, and he drove out Anak's three sons from there. Alò, yo te bay Hébron a Caleb, jan Moïse te pwomèt yo a; epi li te chase fè sòti twa fis Anak yo.
21 But Benjamin did not drive out the Jebusites in Jerusalem; so the Jebusites live with Benjamin in Jerusalem to this day. Men fis a Benjamin yo pa t chase mete Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.
22 The house of Joseph also went up against Bethel, and our Father was with them. Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo.
23 The house of Joseph sent men to scout out Bethel (the city was formerly named Luz). Lakay Joseph te fè espyonaj Béthel. Alò, vil sa, avan lè te rele Luz.
24 The scouts saw a man leaving the city and told him, "Show us the way in, and we'll treat you kindly." Espyon yo te wè yon nonm ki t ap sòti nan vil la. Yo te di li: “Souple, montre nou kote pou nou antre nan vil la, e nou va fè ou gras.”
25 So he showed them the way in, and they struck the city with the sword, but let the man and his whole family go. Konsa, li te montre yo antre vil la e yo te frape vil la avèk lam nepe. Men yo te kite mesye sa a, ak tout fanmi li an libète.
26 The man went to the Hittite land, built a city, and named it Luz—its name to this day. Mesye sila a te antre nan peyi Etyen yo. Li te bati yon vil e te ba li non Luz, epi se konsa li rele jis rive jodi a.
27 Manasseh did not drive out the people of Beth-shean, Taanach, Dor, Ibleam, and Megiddo, or their villages; so the Canaanites were determined to keep living in that land. Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a.
28 When Israel grew strong, they forced the Canaanites into labor, but never drove them out completely. Li te vin rive ke lè Israël te vin fò, ke yo te fòse Kananeyen yo fè travo fòse, men yo pa t chase yo fè yo sòti nèt.
29 Ephraim did not drive out the Canaanites living in Gezer, so they went on living among them there. Éphraïm pa t chase fè sòti Kananeyen ki t ap viv Guézer yo, men Kananeyen yo te viv Guézer pami yo.
30 Zebulun did not drive out the people of Kitron or the people of Nahalol, so the Canaanites lived among them but became forced labor. Zabulon pa t chase fè sòti pèp ki te rete Kitron yo, ni pèp ki te rete Nahalol yo. Konsa, Kananeyen yo te rete pami yo e te vin sijè a travo fòse.
31 Asher did not drive out those living in Acco, Sidon, Ahlab, Achzib, Helbah, Aphik, or Rehob; Aser pa t chase mete deyò pèp a Acco yo, ni pèp a Sidon yo, ni sila a Achlal yo, ni a Heba, ni a Aczib, ni a Rehob yo.
32 so the Asherites lived among the Canaanites of the land, because they did not drive them out. Konsa, Aserit yo te rete pami Kananeyen yo, pèp peyi a. Paske, yo pa t chase mete yo deyò.
33 Naphtali did not drive out the residents of Beth-shemesh or Beth-anath, so they lived among the Canaanites of the land; but those of Beth-shemesh and Beth-anath became their forced labor. Nephtali pa t chase mete deyò pèp a Beth-Schémesch yo, ni pèp a Beth-anath yo. Men yo te viv pami Kananeyen yo, pèp peyi a, epi pèp peyi Beth-Schémesch avèk Beth-Anath yo te vin fè travo fòse pou yo.
34 The Amorites forced the Danites into the hill country, not letting them come down to the plain. Konsa, Amoreyen yo te pouse fis a Dan yo antre nan peyi ti kolin yo, epi te anpeche yo antre nan vale a.
35 The Amorites held on to living in Mount Heres, Aijalon, and Shaalbim, but the hand of the house of Joseph pressed on them, and they were put to forced labor. Malgre sa, Amoreyen yo te pèsiste rete nan Mòn Hérès, nan Ajalon ak nan Schaalbim. Men lè pouvwa kay Joseph la te vin fò, yo te oblije fè travo fòse.
36 The border of the Amorites ran from the ascent of Akrabbim, from Sela on upward. Lizyè a Amoreyen yo te kouri soti nan monte Akrabim nan, soti Séla pou monte piwo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]