Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Six days before Passover, Jesus came to Bethany, where Lazarus, whom Jesus raised from death, lived. Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a.
2 There they gave him a dinner; Martha served, and Lazarus was one of those at the table with him. Konsa, yo te prepare yon manje pou li la. Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li.
3 Mary took about a pint of pure nard perfume, expensive, and anointed Jesus' feet, then wiped his feet with her hair. The house filled with the fragrance of the perfume. Nan lè sa a, Marie te pran yon liv pafen yo rele nà ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.
4 But Judas Iscariot, one of his disciples, the one who was about to betray him, said, Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di:
5 "Why was this perfume not sold for about a year's wages and given to the poor?" “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?”
6 He said this not because he cared about the poor, but because he was a thief who kept the money box, taking what was put in it. Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.
7 So Jesus said, "Leave her alone. She has kept this for the day of my burial. Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou jou lantèman M.
8 You will always have the poor among you, but you will not always have me." Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”
9 A large crowd of Jews learned Jesus was there and came, not only for him but to see Lazarus, whom he had raised from the dead. Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare ke Li te leve sòti nan lanmò a.
10 So the chief priests planned to kill Lazarus as well, Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò.
11 because on account of him many of the Jews were going over and believing in Jesus. Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.
12 The next day, the large crowd that came for the feast heard Jesus was coming to Jerusalem. Nan jou aprè a, yon gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem,
13 They took palm branches and went out to meet him, shouting, "Hosanna! Blessed is he who comes in the name of our Father—the King of Israel!" te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”
14 Jesus found a young donkey and rode on it, just as it is written: Jésus te twouve yon jenn bourik e te chita sou li. Tankou li ekri,
15 "Do not be afraid, daughter of Zion; look, your king is coming, seated on a donkey's colt." “Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”
16 His disciples didn't understand these things at first; but when Jesus was glorified, they remembered these things were written about him, and that they had done these things to him. Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.
17 The crowd that was with him when he called Lazarus from the tomb and raised him from the dead kept testifying. Konsa, pèp la ki te avè L lè Li te rele Lazare deyò nan tonm nan, e te fè l leve sòti nan lanmò a, t ap toujou fè temwayaj de Li.
18 The crowd went to meet him because they heard he had done this sign. Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a.
19 So the Pharisees said to each other, "See, you're accomplishing nothing—the whole world has gone after him." Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”
20 Now there were some Greeks among those who went up to worship at the feast. Konsa, te gen sèten Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la.
21 These came to Philip, from Bethsaida in Galilee, and asked him, "Sir, we want to see Jesus." Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”
22 Philip went and told Andrew; then Andrew and Philip went and told Jesus. Philippe te vin di André. E André ak Philippe te di Jésus sa.
23 Jesus replied to them, "The hour has come for the Son of Man to be glorified. Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.
24 Truly, truly, I tell you, unless a wheat grain falls to the ground and dies, it stays alone; but if it dies, it bears much fruit. “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi.
25 Whoever loves his life loses it; whoever hates his life in this world keeps it for eternal life. Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.
26 Whoever serves me must follow me, so my servant will be where I am. Whoever serves me, my Father will honor him." “Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.
27 "Now my soul is troubled. What should I say—'Father, save me from this hour'? But this is why I came to this hour. Father, glorify your name." “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.
28 Then a voice came from heaven: "I have glorified it, and I will glorify it again." Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!” Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”
29 The crowd standing there heard it and said it thundered; others said an angel spoke to him. Foul la ki te kanpe la epi te tande sa, te di ke yo tande loraj. Lòt yo te di: “Yon zanj pale avèk Li.”
30 Jesus said, "This voice came for your sake, not mine. Jésus te reponn e te di: “Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou.
31 Now is the judgment of this world; now the ruler of this world will be cast out. Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a mèt mond sa a va jete deyò.
32 And I, when I am lifted up from the earth, will draw all people to myself." E Mwen, si Mwen gen tan leve wo anwo tè a, va atire tout moun kote Mwen menm.”
33 He said this to show by what kind of death he was going to die. Men Li te di sa pou montre ki kalite mò Li ta pral mouri an.
34 The crowd replied, "We've heard from the Law that the Christ stays forever. How can you say the Son of Man must be lifted up? Who is this Son of Man?" Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”
35 So Jesus said, "The light is with you a little while longer. Walk while you have light, so darkness doesn't overtake you. Whoever walks in darkness doesn't know where he's going. Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale.
36 While you have light, believe in the light, so you become children of light." Having said this, Jesus left and hid from them. Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.
37 Though he had performed so many signs in their presence, they still would not believe in him, Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li.
38 so that the word of Isaiah the prophet would be fulfilled, which he spoke: "Father, who has believed our message? And to whom has the arm of our Father been revealed?" Pou pawòl a pwofèt la, Ésaïe, ta kapab akonpli lè l te di: “Senyè, kilès ki kwè nan rapò nou? E a kilès bra Letènèl la devwale?”
39 This is why they could not believe, for Isaiah said again: Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò:
40 "He has blinded their eyes and hardened their heart, so that they would not see with their eyes, nor understand with their heart, nor turn—and I would heal them." “Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”
41 Isaiah said these things because he saw Jesus' glory and spoke about him. Bagay sa yo, Ésaïe te di paske li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.
42 Still, many even of the rulers believed in him, but they didn't admit it because of the Pharisees, so they wouldn't be expelled from the synagogue, Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la.
43 for they loved the glory that comes from people more than the glory that comes from our Father. Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.
44 Jesus cried out, "Whoever believes in me does not believe in me only, but in the one who sent me. Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an.
45 And whoever sees me sees the one who sent me. Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an.
46 I came into the world as light, so no one who believes in me stays in the darkness. Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.
47 If anyone hears my words and doesn't keep them, I don't judge him—I didn't come to judge the world, but to save the world. “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.
48 Whoever rejects me and doesn't accept my words already has a judge: my spoken word will judge him on the last day. “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.
49 I have not spoken on my own; but the Father who sent me himself commanded me what to say and how to speak. “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di.
50 I know his commandment is eternal life, so I say only what the Father told me to say." E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]