Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now, before the Passover festival, Jesus knew his hour had come to leave this world to his Father. Having loved his own in the world, he loved them to the end. Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.
2 During supper, the devil had already put into Judas son of Simon Iscariot's heart the plan to betray Jesus. Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.
3 Jesus, knowing that the Father had given everything into his hands, and that he had come from him and was returning to him, Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye,
4 rose from supper, took off his outer clothes, picked up a towel, and tied it around his waist. te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li.
5 Then he poured water into a basin and began washing the disciples' feet, drying them with the towel tied around him. Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.
6 He came to Simon Peter, who said to him, "Lord, are you going to wash my feet?" E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?”
7 Jesus answered him, "You do not realize now what I am doing, but later you will understand." Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men pita, ou va konprann.”
8 "You will never wash my feet," Peter said. Jesus answered, "Unless I wash you, you share nothing with me." Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”
9 Simon Peter said to him, "Lord, not only my feet, but also my hands and head!" Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.”
10 Jesus told him, "One who has bathed needs only to wash his feet—he is fully clean. You are clean, but not all of you." Jésus te di li: “Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou.”
11 He knew who would betray him; that's why he said, "Not all of you are clean." Paske Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”
12 After washing their feet and dressing, he reclined again and said to them, "Do you understand what I have done for you? Konsa, lè Li te lave pye yo, e te reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a?
13 You call me Teacher and Lord, and rightly so, for that is what I am. Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye.
14 So if I, your Lord and Teacher, washed your feet, you too must wash each other's feet. Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt.
15 For I have given you an example, that you should do as I have done for you. Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.
16 Truly, truly, I say to you, a servant isn't greater than his master, nor a messenger greater than his sender. “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la.
17 If you know these things, you are blessed if you do them. Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.
18 "I don't mean all of you—I know those I've chosen. But Scripture must be fulfilled: 'The one eating my bread has raised his heel against me.' “Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’
19 I tell you now, before it happens, so you'll believe, once it happens, that I AM. “Depi koulye a, M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Mwen menm se Li.
20 Truly, truly, I tell you, whoever welcomes someone I send welcomes me, and whoever welcomes me welcomes the one who sent me." “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”
21 After saying this, Jesus, troubled in spirit, testified, "Truly, truly, I tell you, one of you will betray me." Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”
22 The disciples looked at one another, at a loss to know which of them he meant. Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.
23 One of his disciples, the one Jesus loved, was reclining at his side. Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.
24 So Simon Peter motioned to him to ask which one Jesus meant. Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.”
25 Leaning back against Jesus, he asked him, "Lord, who is it?" Sila ki t ap apiye sou pwatrin Jésus e te di Li: “Senyè, kilès li ye?”
26 Jesus answered, "It's the one I'll give this bread to, once I've dipped it." Then he dipped the bread and gave it to Judas, son of Simon Iscariot. Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, fis a Simon Iscariot.
27 After Judas took the bread, Satan entered into him. So Jesus told him, "Do quickly what you're doing." Epi apre mòso a, Satan te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”
28 But no one reclining at the table understood why he said this to him. Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa.
29 Since Judas held the money bag, some thought Jesus meant, 'Buy what we need for the feast,' or, 'Give something to the poor.' Kèk te sipoze ke se te akoz Judas te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.
30 As soon as Judas had taken the bread, he went out. And it was night. Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E li te lannwit.
31 After Judas left, Jesus said, "Now the Son of Man is glorified, and my Father is glorified in him. Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li.
32 If my Father is glorified in him, my Father will also glorify the Son in himself and glorify him immediately. Si Bondye resevwa glwa nan Li, Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”
33 Dear children, I'm with you a little longer. You'll look for me, and as I told the Jewish leaders, so I tell you now: where I'm going, you can't come. “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.
34 I give you a new command: love one another. As I have loved you, so you must love one another. “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt.
35 By this everyone will know that you are my disciples, if you love one another." Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lamou youn pou lòt.”
36 Simon Peter said to him, "Lord, where are you going?" Jesus answered, "Where I'm going you can't follow me now, but you'll follow later." Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: “Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.”
37 Peter asked, "Lord, why can't I follow you now? I'll lay down my life for you." Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? Mwen va bay vi m pou Ou.”
38 Jesus replied, "You will lay down your life for me? Truly, truly, I tell you: the rooster won't crow until you have denied me three times." Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]