Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Do not let your hearts be troubled. Believe in our Father; believe also in me. “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 In my Father's house are many rooms. If it were not so, would I have told you that I am going to prepare a place for you? “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou.
3 And if I go and prepare a place for you, I'll come back and take you to myself, so you'll be where I am. E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
4 And you know the way to where I am going." E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
5 Thomas said to him, "Lord, we don't know where you're going—how can we know the way?" Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
6 Jesus told him, "I am the way, and the truth, and the life. No one comes to the Father except through me. Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
7 Had you known me, you would have known my Father too. Starting now, you know him and have seen him." Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”
8 Philip said to him, "Lord, show us the Father, and that will be enough for us." Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
9 Jesus said, "Philip, I've been with you this long, and you don't know me? Whoever has seen me has seen the Father. How can you say, 'Show us the Father'? Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’
10 Don't you believe I'm in the Father, and the Father in me? The words I speak to you aren't my own—the Father living in me does his works. Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen? “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li.
11 Believe me: I'm in the Father, the Father in me—or else believe because of the works themselves. Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.
12 Truly, truly, I tell you, whoever believes in me will do the works I do, and will do even greater works, because I am going to the Father. “Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.
13 Whatever you ask in my name, I will do it, so the Father may be glorified in the Son. “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la.
14 If you ask me anything in my name, I will do it. Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.
15 "If you love me, you will keep my commandments. “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16 And I will ask the Father, and he will give you another Helper, the Holy Spirit, to be with you forever, “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen.
17 the Spirit of truth, whom the world cannot receive, since it neither sees him nor knows him. But you know him, since he remains with you and will be in you. Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
18 I will not leave you as orphans; I will come to you. “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.
19 Soon the world won't see me anymore, but you will see me. Because I live, you will live too. Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou.
20 On that day you'll know: I'm in my Father, you in me, and I in you. Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.
21 Whoever has my commandments and keeps them loves me, and my Father will love whoever loves me. I will love him and show myself to him." “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
22 Judas, not Iscariot, asked, "Lord, why show yourself to us and not to the world?" Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
23 Jesus replied, "Anyone who loves me will keep my word, and my Father will love that person, and we will come to them and make our home with them. Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.
24 Whoever doesn't love me doesn't keep my words. And the word you hear isn't mine but the Father's who sent me. Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
25 I have spoken these things to you while I am still with you. Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an.
26 But the Helper, the Holy Spirit, whom the Father will send in my name, will teach you everything and remind you of everything I said to you. Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
27 Peace I leave you; my own peace I give you. Not as the world gives, I give it. Don't let your hearts be troubled or afraid. Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
28 You heard me say to you, 'I'm going away, and I'm coming to you.' If you loved me, you'd have rejoiced, because I'm going to the Father, for the Father is greater than I. “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.
29 And now I've told you before it happens, so that when it happens you'll believe. E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
30 I won't talk with you much longer—this world's ruler is coming. He has no hold on me, “Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen.
31 but I do exactly as the Father commanded me, so the world may know I love the Father. Get up, let's leave this place." Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l. “Leve, annou kite isit la.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]