Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "I am the true vine, and my Father is the gardener. “Mwen se vrè pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an.
2 Every branch in me not bearing fruit, he removes; and every one bearing fruit, he prunes, so it bears more fruit. Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.
3 You are already clean because of the word I have spoken to you. “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an.
4 Remain in me, and I in you. As a branch can't bear fruit alone, unless it remains in the vine, neither can you unless you remain in me. Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
5 I am the vine, you the branches. Whoever remains in me, and I in them, bears much fruit, for apart from me you can do nothing. “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen.
6 Anyone not remaining in me is thrown out like a branch and withers; branches are gathered, thrown into the fire, and burned. Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.
7 If you remain in me and my words remain in you, ask whatever you want, and it will happen for you. Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou.
8 This is how my Father is glorified: that you bear much fruit and prove to be my disciples. Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
9 "As the Father has loved me, so I have loved you. Remain in my love. “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan amou Mwen.
10 If you keep my commands, you will remain in my love, as I have kept my Father's commands and remain in his love. Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan amou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan amou pa Li a.
11 I've told you this so my joy may be in you, and your joy be complete. “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete.
12 "This is my command: love one another as I have loved you. Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an.
13 No one has greater love than this: to lay down one's life for one's friends. Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 You are my friends if you do what I command you. “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.
15 I no longer call you servants—a servant doesn't know what his master does. I call you friends, since I've made known to you everything I heard from my Father. Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
16 You didn't choose me—I chose you and placed you to go, bear fruit that lasts, so whatever you ask the Father in my name, he'll give you. “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
17 This is my command to you: love one another. “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
18 "If the world hates you, know that it hated me first. “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou.
19 If you were of the world, the world would love you as its own. But you are not of the world; instead, I chose you out of the world, so the world hates you. Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.
20 Remember what I told you: a servant isn't greater than his master. If they persecuted me, they'll persecute you too; if they kept my word, they'll keep yours too. “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi.
21 But they'll do all this to you because of my name, since they don't know the one who sent me. Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.
22 Had I not come and spoken to them, they would have no sin; now they have no excuse for their sin. “Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.
23 Whoever hates me hates my Father as well. “Moun ki rayi M, rayi Papa M tou.
24 Had I not done among them the works no one else did, they would have no sin. But now they have seen and hated both me and my Father. Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.
25 But this happened to fulfill what is written in their Law: 'They hated me without cause.' “Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’
26 "When the Helper comes, whom I will send you from the Father—the Spirit of truth proceeding from the Father—he will testify about me. “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.
27 "And you also must testify, because you have been with me from the beginning." E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]